Alex
- Loritz Vernet
- 29 juin 2019
- 7 min de lecture
Nou ka pa dakò sa men kominote n ap viv la gen gwo enfliyans sou chwa n ap fè. Nou toujou ap veye sanksyon l ap bay, jijman l ap pote. Nou petèt pa nan prizon men nou pa lib non plis. Nou pa ka fè sa n vle, jan nou vle... Koze fi nan maryaj, oryantasyon seksyèl, sijè ki gengen rapò ak fè bagay, diferans klas sosyal nan mitan moun k ap renmen elatriye, tout pase anba loup lasosyete, e sa kreye anpil baryè ki antrave egzistans nou kòm moun.
E mwen, paske m pa santi m pare pou m kanpe anfas sosyete sa a epi fè respekte desizyon m pran pou vi m, m oblije viv nan silans tou.
Mwen rele Melissa, mwen gen venntwazan. Mwen fini nan inivèsite sa gen yon lane, m ap travay nan yon antrepriz prive. M ap mennen yon vi byen pezib ki gen lo pwoblèm li ladann.
Mwen gen yon moun nan vi m, li rele Alex, nou gen twazan ansanm men se tankou se te dizan. Twazan depi m te deside kanpe devan sa ki fè m pè, twazan depi m te deside ouvri kò m, kè m ak nanm mwen bay yon moun.
Mwen renmen Alex anpil, e m pa janm doute yon jou sou jan li renmen m tou. M sonje jou nou te rankontre a, m p ap janm bliye sa. M te bò plas Sen Pyè ap achte flè pou tèt mwen, m renmen flè anpil, e m kontan se yon bagay m renmen ki te fè nou kwaze.
Lè m te fèk wè l, li te ak yon chemiz ble ki te fè tout moun remake l, m t ap ranje kò m pou m bay yon moun pase, epi m frape avè l, m pile tenis li. Alex te santi bon, olye m mande l padon, se yon konpliman m te fè l. M te on jan mare tou
- Oh Hum, tu sens bon...
M t ap plede ri tèt mwen apre sa m di a
- Merci, et tu as un beau sourire. Pour qui achètes-tu ces jolies fleurs?
M te toujou ap ri,m depoze men m sou lestomak mwen:
- Euhh, Pour cette jeune femme juste là devant toi
- Je peux te les offrir alors?
- Ohh Non non non, c'est à moi de me faire pardonner, se mwen ki pile bèl tenis nwa w la
- d'accord, Peut être une autre fois. Tu es gravement belle tu le sais ça ?
- Merciii,Toi aussi.... j'aime ta montre.
Li te fre. Chemiz li genlè te fè k soti nan dray, koup nan tèt li a te fè l sanble ak on bèl ti gason, yon ti gason ou p ap anvi di non pou anyen, pantalon l te byen chita sou li, epi l te santi booooon, se sa ki te dekontwole m plis.
M nwa, men m te santi m rouji, bò machwè m yo te anvi pran dife lè l di m bèl la. Nou te kontinye pale pou yon ti tan, men li te dwe ale nan yon reyinyon. Nou rive chanje nimewo epi nou souri bay lòt avan nou separe. Nou te konnen nou t ap wè ankò.
Nou te kòmanse pale san rete, lannwit kou lajounen. Alex te gen vennsenkan, li te gen anpil pasyon pou sa l ap fè, li nan domèn finans, li te fèk sot pran yon fòmasyon Atlanta. Li renmen diven, li renmen pen. Papa l ak manman l ap viv Etazini, li isit ak yon gran frè l epi yon gran sè l ki di avèk li anpil. Li te rakonte m tou jan li pa t pare pou gen ankenn moun nan vi l paske fanmi l pa t dakò pou l nan relasyon li te ye avan an, e sa te mete gwo pwoblèm ant li menm avèk yo.
Nou te pale tankou de moun ki pa t wè lontan, epi ki vin reprann kontak. Nou fè rezime lavi nou bay lòt nan mwens ke de semèn.
Yon jou, li te nan yon konferans, epi mwen te lakay mwen, li mande m èske nou ka wè lè l ap rantre.
- On pourra se voir aujourd'hui dès que j'aurais terminé ici?
- Bien sûr sur, je suis disponible...
M souri dèyè telefòn nan, se sa m t ap tann. Li tèlman toujou okipe, m pa t ko vle mande l kreye yon ti tan pou m wè avè l, li te deja ap fè anpil efò pou nou pale. Nou rankontre nan yon restoran sou delma a. Kòm m te rive avan, m te chita yon kote pou li wè m lè l ap parèt. Li pa t anreta, li vini ak tout bon sant li te genyen dènye fwa nou te wè a. M ba l yon gwo akolad je fèmen. M te gentan gen gwo santiman pou Alex lè sa a, m te santi m byen avè l, nou te ka pale de tout bagay, m te ka di l sa m panse sou nenpòt sijè san m pa rezève anyen. Se kòmsi nou te konn lòt depi toutan. M pa konnen kisa ki te lakoz, men m te tonbe pou li. Kè m pat janm bat nòmal ankò depi lè nou rankontre a, e sa te domine m. Nou te ka gen yon inèdtan tan depi nou te nan restoran an, m te kòmanse ap swe, men m yo t ap tranble, m pa t ka gadel, M te vle di l sa m santi. Men m te pè tou, m t ap mande tèt mwen, èske m dwe pale, kisa m ap jwenn kòm reyaksyon. M t ap poze tèt mwen anpil kesyon: E si l pa santi anyen pou mwen? E si li di m m trayi l? E si li fache paske li te wè m yon lòt jan? E si li di m pa pale avè l anko? Tout kesyon sa yo t ap fè soperiye nan lespri m. M te parèt lwen, li wè sa
- Tu vas bien Mel?
- Mais oui, ça va
- Sa w genyen Mel? Pa fè m sa non
- Je crois que j'ai chaud Li gade m yon jan dwòl, m konnen li sansib, jan m te ye a te deranje l.
Konvèsasyon an te kase, e sa te fè m santi m mal. M te deside di l , si pou m tou pèdi l, se sa k te dwe fèt. M rale yon gwo soupi epi m pale:
- Je crois que je suis tombée amoureuse de toi. Voilà, c'est sorti. Je ne sais pas pourquoi, men m pa vle rete la avè w, m vle ale pi lwen m vle genyen w nan vi m, m vle avè w menm si m konnen sa p ap fasil. M pa janm santi m konsa avan, m konnen sa fè sèlman de semèn, men m p....
Pandan m t ap pale, vwa m t ap tranble. Li pran de men m mete nan men l
- Kalme w...
M pat ka kenbe, m tonbe kriye. Emosyon an te twòp pou mwen.
- Padon, m pa t dwe di w anyen, m konnen ou pa ka avè m. Ou deja pale m de fanmi w.
M sonje jan li t ap di m kijan paran l te menase ansyen menaj li a, di l y ap fè arete l, fè lapolis ale nan lekòl li. Sè a te menm lage Chen dèyè l yon jou li te pase pandan Alex pa t la.
- M konnen, men se pa sèl ou cheri, mwen gen santiman pou ou tou. M vle avè w tou, men m pa t di w sa pou w pa t panse m ap blofe paske m te di w m pa pare pou anyen kounya.
Se atò kè m te bat fò, m te soulaje, men an menm tan m t ap panse a tout sa li te rakonte m yo, tout pwoblèm fanmi l te ba li paske li te ak yon moun yo pa vle.
- Men m pa vle ou nan plis pwoblèm akoz mwen.
- M pa oblije di fanmi m anyen fwa sa, epitou m te pi piti
- E si yo vin konnen?
- Map jere sa. M renmen w, m p ap pè kanpe anfas yo. Yo p ap toujou ka di m kisa pou m fè. Li fè m deklarasyon l, kòmsi se mwen li t ap tann pou m ba l wout pou l pase. Nou fè tout rès tan ap pale de santiman nou, de desizyon nou ta pral pran pou nou ansanm an sekrè a, de tout pwoblèm nou te konnen nou ka mete tèt nou. Men se sa nou te vle. Petèt se te yon foli? Enben nou te dakò pèdi tèt nou ansanm.
Jou ki t ap vini yo te bèl, nou t ap viv yon vi nou de sèlman te konnen. Nou te pare pou n kite tout bagay dèyè si sitiyasyon an te mande sa. Fanmi Alex te konsèvatè, yo vle se yo ki pou chwazi pou li. Fanmi pa m, vle m viv ak kè kontan, men yo pa atann yo a nenpòt bagay, se sa yo di. Nou te konnen nou pa t lib, men an menm tan nou te kontan nou ka viv relasyon nou san je pèsonn pa sou nou...
Restoran an te fin tounen ti kwen pa nou, se la nou ale plis. Tout moun fin konnen nou tèlman nou vini souvan, yo konnen nou ansanm, men yo pa poze kesyon, siman yo pale de nou lè nou ale, sa pa deranje nou.
Depi twazan, mwen ak Alex ap viv yon vi seksyèl epanouyi, se sel li menm dayè ki ka fè m jwi san l pa bezwen fè gwo efò, sant li sèlman ka fè efè sa a sou mwen. Li konn tout ti kwen nan kò m, kote ki toujou ap mande lang li, menm si m pa di l. Li konn kijan pou l devore m ak je l, li pa bezwen pre m, vwa l ka delala tout kò m. M pa p chanje sa pou anyen. Epi lanmou m pou li grandi plis chak jou, paske li konble vi m jan pèsonn pa t fèl anvan. Li se mond mwen, ti sekrè mwen.
Nou toujou poko pare pou n afwonte antouraj nou, paske yo vle se yo ki pou di nou kisa k ap bon pou nou tou de. Men nou pare pou nou kenbe lòt, nenpòt jan. Paske nou konnen kisa nou vle. Paske nou gen dwa tou pou nou renmen moun nou vle.
Alex se ti non mwen bay cheri m nan Alexandra. Menm jan li rele m Mel. Tout sa nou vle, se viv... Viv tankou tout moun san yo pa jije n.
LISA
Ah...