Maske
- Loritz Vernet
- 21 avr. 2019
- 3 min de lecture
Dernière mise à jour : 21 janv.
2h08 am
M gade telefòn nan, li apèn dezè. M pa konn pou ki lè m la, men m te prevwa dòmi sa gen lontan. Bwat medikaman yo tou pre m nan, men m pap manyen yo non, dayè m pa konn poukisa m poko flanke yo nan poubèl... Ni sa ki pou fè m ka dòmi , ni anti depresè, ni sa ki pou tèt fè mal. M ap jete tout, sèl vitamin yo m ap kenbe.
An atandan, je m kale toujou, dis milyon lide ap goumen anndan tèt mwen, men se tankou l te vid. Se pa lòt , se menm jan sa te ye pandan jounen an.
Men lajounen sa telman pi fasil pou mwen, m ka fè komsi. M anfòm, m ri ak tout moun, sitou dèyè telefòn mwen, m ka pale san pèsonn pa wè si m pa byen. E si sa rive m soti m rankontre lòt moun m rekonèt se mwen k ap bay premye blag la jan sa toujou fèt.
M paka kite moun wè m fèb. M preske gen twazan m ap pote mask mwen san pwoblèm, se pa kounya m pral krake, si l ap fèt, pito se nan lè sa yo. Dezè nan maten lè m poukont mwen. Bon, m konn kontinye fè teyat menm lè m poukont mwen wi, m dòmi pou m pa sonje si m ap soufri, m konn di kou m leve m ap bon. Men m konnen byen m paka bay zòrye a manti, m konnen tou se pa konsa sa mache, m ta geri deja... Dèfwa m fin deside rele yon moun, m fè bak. Moun yo gen ase pwoblèm pou m ta ajoute pa m sou pa yo. Epitou, yo p ap konprann, menm lè m ta pale 100 fwa.
Sa te rive m pat ka kache anyen. Kòm sèl sa m ka fè pi fasil se travay, m te rete anndan lakay mwen, m bay eskiz pou m pa soti menm pou regle afè m. Pèsonn pat janm wè m, lè yon moun resi tonbe sou mwen, m reponn depi anlè pou m di jan m okipe. M toujou gade yo dwat nan je pou m bay manti yo, pandan m konnen m ap goumen anndan m.
M paka di kisa ki deklannche seri nwit blanch sa yo, tèlman gen kòz.
Men gen yon trajedi ki pase nan fanmi m, lè sa tout moun te al wè sikològ. Pandan trajedi a tou, se mwen ki te kanpe pi lontan, tout moun te krake. M te resi al wè sikològ la 6 mwa apre, paske se mwen ki te pi byen pase tout moun, omwen se sa m te montre. M te konn di m pap kite depresyon fini avè m, m fèt an fè, moun admire m pou kouraj mwen depi m tou piti, m pa vle sa chanje. Men m te vin ale paske m pat kapab ankò vre. Twòp move lide te nan tèt mwen, m te kòmanse fè tèt mwen mal. Menm si gen bagay m pa janm di vre, m te vle vide tout sa m ap sere anndan m yo, pou m te ka santi m lejè. M te asepte m gen feblès, m te dakò gen yon bagay ki frape m fò, m p ap ka releve konsa. Sikològ la te ban m konsèy, kèk moun pwòch te sipòte m, m te ede tèt mwen tou. M te byen, m rekòmanse bouje, avanse ak vi m, men sa ki te rive a ale ak yon fòs nan mwen m konnen m p ap rejwenn fasil. Sa vin rann mwen frajil fas a lòt sitiyasyon, epi kounya, chak jou se yon lòt konba.
Se yon bagay m toujou ap viv avè l. Gen bon jou, gen move jou, men se mwen ki konnen.. M toujou eseye kenbe lespri pozitif m te genyen avan tout bagay sa yo.
M ap anfòm, se sa m di tèt mwen chak jou, e m ap fè gwo efò pou sa. Men m rete nan mwen menm, paske sa fatige m pou m ap rakonte menm bagay yo toutan. E m rayi moun wè m vilnerab...
Antouka, m ap leve la talè konsa, m ap gade m nan glas la pou m wè si je m pa fon, si lè m souri li pa parèt "fake"... Epi yon lòt jounen ap kòmanse.
M ap nan mitan nou tout...
LISA

Mèsi Pou piblikasyon sa.le fait ke yon moun idanfye ke gen yon pwoblèm li chèche èd se premye solisyon ak pwoblèm nan. Apresa rès la se janw jerel epi konnen tout bagay se yon pa alafwa!
Mwen se yon moun ki anksye anpil sitou lè map antreprann yon aktivite. Li fèm paka Domi. Men si m esplike yon moun sa yo pa konprann paske Jan bagay la enpòtan Pou mwen an yo menm yo pa wèl konsa.
M valorize pwofesyonèl terapi pito. #sanJijman😉