top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

Jistis Sivil

      🎶.... Il n'a pas dit que tu coulerais, Il n'a pas dit que tu sombrerais, Il a dit Allons sur l'autre bord, Allons sur l'autre Bord, Allons Sur l'autre bord... 🎶 Merci, assoyez- vous pour ....

      M pa tande anyen nan sa pè a ap di a. M lwen, m pèdi nan panse m. M ap eseye aksepte ou pa la avèk nou ankò byen vivan. M ta byen renmen se yon rèv, m pa ka kwè se ou ki kouche k ap gad tèt zòtèy ou nan sèkèy sa a. Lè a lou, m paka respire, dlo je m chèch, se nanm mwen k ap kriye kounya.

      Ou ale vre bro'? Ah, wi m konnen ou pa fè vwayaj la ak pwòp volonte w, yo fè w ale pa fòs. Pa enkyete w frè m, m ap vanje w. Koupab la ap peye sa chè. Nou te ansanm jou samdi swa sa a, nou tou de te sipoze pase men lanmò chwazi yon sèl. M ap sonje w anpil ras, al ret tann mwen anlè a. Al Repoze w an pè an atandan nou reyini ankò.


      M fin pale ak mò a byen pale, m mennen l ale nan dènye kay li epi mwen antre lakay. Tristès te anvayi m, gòj mwen te sèk m pat sou manje anyen, m te apèn vale yon ti gout dlo. M te santi yon vid, yon vid ki pa t ap janm konble. M te pèdi yon moun ki te chè pou mwen, bon patnè m, bra dwat mwen: Junior. Ou p ap wè youn pou pa wè lòt. Misye mouri mal. Nou konn kijan peyi nou an ye deja, moun mouri pou dan griyen tankou mouch.


     Nou t ap soti nan yon ti fèt yon jou samdi vè minui, nou te deside pran wout la a pye, pat gen moto nan zòn kote nou te ye a. N ap mache n ap bay blag, nou tou lè de sou koulè,nou fè kòmsi lari a te pou nou, pa t gen moun ditou a lè sa a, menm yon chen nou pa kwaze. Epi vin gen yon machin ki parèt nan do nou an a tout boulin, yon ti vwati, nou pa t ka wè ki mak li ni koulè l. Nou gade pou nou kontwole, ho ho machin nan manke frape nou epi chofè a, ki te sou, rele byen fò:

- Se nan lari manman nou ak papa nou nou fout ye la? Sa l ye la?

Junior reponn:

- Fwenk al nan wout ou maren, chofè tèt mato!!!

     M pa konn si se nève misye nève, li peze gaz li kontinye li al fè wonn nan pou li reparèt ankò nan do nou. Tan sa a n ap kontinye wout nou byen poze. Machin nan retounen a menm vitès la li frennen yon ti kal pi wo nou tou pre yon poto ki gen yon limyè ki limen. M gentan wè ki machin, se yon Nissan... Chofè a desann,li te poukont li, li pase devan machin nan, li rale zam li, li brake l. Se Junior ki te devan, san reflechi li tire l. Li ba l yon bal nan tèt epi li di m kouche. M kouche vre, tou pre kadav la, sou do; de men anlè... san t ap koule anba tèt mwen. M santi kout pa m te dèyè, yon kout loray pati ou pa ta di se anonse y ap anonse m prale pou bon. Asayan an panche, bouch zam nan pwente sou lestomak mwen. Pandan misye pral peze gachèt, odè san an ak tèt vire fè l vomi tout sa ki te nan vant li kòm li te sou. Vizyon l twouble, men l ap tranble li vize m ankò nan tèt fwa sa a epi l POW!!!


Bal la rafle zepòl mwen atè a, m pa bouje ... Vomi melanje ak san fè l pa reyalize si m toujou vivan. Li monte machin li, epi l derape. M pa gentan wè plak la, sèl sa m konnen machin nan gen yon ti koulè mango vèt. Epi endividi a yon jan gwonèg, m ap ka idantifye l nenpòt kote m wè l.

      M rete kouche pandan yon bon senk minit, san bouje, kè m ap bat fò, bonnanj mwen deplase. Yon ti lapli vin ap farinen, m leve. M pa t ka kite Junior atè a, m trennen l al mete anba galri yon biznis. Tan sa a, lapli a vin tonbe pi fò. Menm ti machin nan repase ankò, li kanpe, li te vin gade si travay la fèt petèt. Mwen m la m ap siveye. Kou li ale m rele moun lakay mwen pou fè yon jan vin chèche nou. Se konsa m te pèdi yon frè. Bagay sa a te afekte tout katye a anplis de fanmi an. Junior pa t yon move eleman, se pa sa li te merite.


      Paran Junior se moun ki fon nan levanjil yo, yo pa fè anyen pou regle koze a, ni yo pa pote plent, se t ap yon tan pèdi daprè yo. Letènèl t ap jere sa. Mwen m pa t deside kite sa men pou moman an m te lage nan mawon. Endividi a te fè nouvèl kanmèm e li te ka aprann se yon moun ki mouri, li t ap chèche tout fason pou etenn souf mwen. M pa konn kiyès li ye non plis, se figi l m konnen sèlman. Pa t gen lòt chwa ke disparèt pou yon tan.


      Kèk tan pase, m retounen lakay mwen pou m te ka antre nan aktivite m nòmalman. M pa t ap ka rete kache nèt, m te tann tout bagay frèt. Epi, yon jou m ale lavil m wè machin nan pake nan avenue Christophe la, li te gen yon moun ladann ki t ap pale nan telefòn. Se vwa m tande a ki fè m reyalize tout bagay. M wè figi a pi byen kounya. Badj li pase nan kou l, li se yon anplwaye leta epi byè l gentan nan men l nan lè travay la. M pran tout enfòmasyon yo: plak la, koulè a ak tout modèl la. Se te yon Nissan altima ane 2007.




     Peyi nou an se yon peyi spesyal, moun fè sa yo vle e "chèf" yo fè pi mal. Yon nèg ki gen zam isit panse li se mèt e seyè, menm yon senp sekirite kwè l ka fè lalwa. Yo ka menm sèvi ak tit la pou fè fanm, fè abi ak tout lòt kalite bagay. Al pote plent ap mete m an danje deja pa menm gen jistis isit. M ap jere sa yon lot fason.

      M sonje yon mesye te ofri m yon zam yon lè pandan m t ap pase sot travay:

- Yo piti, depi w gen pwoblèm ou mèt tcheke m wi. M ap fè w jwenn zam pou lwe.

      M pa t konn si se ranse li t ap ranse, se nèg ki toujou ap pale yon bann koze tèt anba, m al kote l pou mande l kijan m ap ka fè pou m ta gen youn. 200 dola se montan an, nou negosye a 150 epi m di l lè m bezwen l m ap vin pran l. Sèl bagay se pou m te konn kijan m t ap fè pou m jwenn asasen an. Konn orè li. Sèl sa m konnen se yon moun ki pa neglije ti alkòl li, plizyè fwa m wè machin nan kanpe devan yon ba nan petyonvil. M p ap ka riske mache ak zam sou mwen, lapolis ka fè fouy epi m al pouri nan prizon. Non, sa pa ladann.


     M pa fouti pran chans al sou li gran jounen, m pa tout bandi sa a. Depi se wikenn m konn kote m ap jwenn li men fòk se nan nuit pou m ale. Finalman , yon vandredi m desann bò ba a, m wè machin nan toujou nan menm ti plas la, m wè misye anndan an, tousuit m pran moto m al kot mesye ki ap lwe m zam nan m peye l, li lonje l pou mwen ak 4 grenn bal epi m antre lakay al prepare m. M te deside fini ak sa jodi a. Ke bondye padone m, se pou yon bon kòz, se yon zoranj pouri m pral elimine.

     M pran 2 ti vè Jack Daniel's pou m dore may mwen epi m ale. Lè m rive misye te nan machin nan nan telefòn, vit li desann, ponyèt la deyò ak yon sigarèt ki fèk limen. M sou lòt bò lari a m ap suiv dèyè yon machin ki kanpe. Pa gen moun nan lari a, pa gen polisye nan zòn nan non plis. se bon moman an, m deside pase a laksyon, m brake zam nan, m pase dèyè machin nan epi m mache sou li san m pa prese pou l pa sispèk. Li pa remake sa, li pèdi nan telefòn. Li pran yon nway, dènye nway lavil san dout paske m pral fimen l ak yon katouch. Li rakwoche nan moman m ap parèt la, m rale zam nan anba mayo m epi m sèvi l yon katouch nan gòjèt. Souf li koupe, lafimen an soti pa fòs. Li kenbe gòj li ak men goch pandan l ap eseye rale zam li ak men dwat, m bal yon plon ladann epi m kanpe gade l, m te vle wè lavi k ap kite kò l. L ap rakle tankou chen ki gripe...

- Ou pa wè kiyès non salòp?

li anvi pale men pawòl yo pa vle soti.

- Ou sonje ti jèn ou te tire sa gen 6 mwa pi wo a? se pou li m vin pou ou jodi a kokorat!!

   Toujou pa gen moun nan lari a, katouch yo te fè tout bwasonyè kouri antre andedan. m gade anwo, m gade anba, li blanch kou koton, m ap ret tann li mouri pou m ale...


Epi m tande yon vwa, yon vwa fi site non m:


- 🗣Loritz !! Loritz wi ou p ap leve benyen pou w al travay se setè li ye la wi.

M voup!! M leve, tou sezi!!! M chita sou kabann nan m ap swe.



Fòm rakonte Junior rèv sa a

 
 
 

2 Comments


laure3096
Oct 14, 2019

Ahh 😂😂😂😂😂😂

Like

Antha Conde
Antha Conde
Jul 22, 2019

Ah Loritz😂 e bgy sa m' rayi a ui

Like

Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page