Money get fanm
- Loritz Vernet
- 14 sept. 2021
- 7 min de lecture
Dernière mise à jour : 1 oct. 2021
M konn rete konsa Thara pase nan lespri m. Se te yon mennaj, nou te fè yon ti tan ansanm. Se te yon ti demwazèl tou kout byen poze ak yon bèl ti souri inosan. Nou te zanmi avan n te vin antre nan relasyon renmen.
Nou te konn wè chak fwa n gen posiblite a, lè konsa m annik pase devan travay li a ki p a t lwen m epi li soti vin jwenn mwen. Pafwa nou al pwomennen pafwa nou ret kanpe bò lari a ap pale tout koze. M pa t ap koze avè l men atirans ant mwen avè l la te vizib, fason nou te konn gade youn lòt lè n te ansanm se tan ki t ap konte pou n te fè legim.
Ebyen, sa te kòmanse ak yon ti bo m te vòlè nan men l yon jou pandan l te vin wè m lakay mwen. Je lui avais promis un petit câlin et elle était venue réclamer son dû. Se pa ni de ni twa piwèt m fè avan m te resi pran bo sa a : e si m gate tout bagay ? E si se zanmitay li vle sèlman ? E si li deside pa kontinye frekante m ankò ? anfen, m te poze tèt mwen yon pil ak yon pakèt kesyon e yo potko gen repons… Si m gen yon pwen m konn lakay mwen se sa : depi fi a fè premye pa a epi m ap fè rès 99 pa yo pou li. M lach et j’assume.
Se yon konvèsasyon ki kòmanse tout bagay :
- M anvi wè w wi Lolo, sa fè kèk jou ou pa pase wè m nan travay la sa k pase ? baz gentan kraze ?
- Baz la solid, li pa ka kraze konsa, ou konn sa. Mwen anvi wè w tou wi… m lakay mwen poukont mwen la a. Ou ka vini si w vle…
- Li lwen ?
- Ou a 2 ou 3 minit de kote m ye a, si w pran moto…
M ba l tout eksplikasyon sou ki kote pou l di moto a li prale. M menm soti deyò a m pran foto devan lakay la voye pou li ak yon ti « caption » : depi w rive la, ou mèt kanpe moto a, desann nan ti eskalye ou wè a , twazyèm baryè ou jwenn nan, ou mèt frape.
- M anvi vini wi
- Vin non !
- Si m vini se pou « câlin » m nan ou dwe m depi dikdantan an
- Ok dakò !!!! w ap jwennn li e menm plis… m pa konn si m ap ka kanpe la sèlman.
- Sa w vle di la?
- Depi w vini, m ap bo w !!!!
M pa t jwenn repons, petèt li te vin okipe. Yon trant minit apre, m tande baryè a frape, m leve ouvri, se te li. Li souri lè l wè m.
- oh, apa w vini vre ?!
- mèwi, sa w te konprann ? men m te yon ti jan pè, m panse m pèdi….
- pa gen sa, m te byen eksplike w… antre non.
M fè l antre epi m mete l chita sou yon chèz anfas mwen. Nou tonbe pale, li aprann mwen se yon break li pran pou l kouri vin la a. Epi l di m :
- Lolo men mwen wi …
- ah wi, je sais pourquoi on est réuni aujourd’hui dans la maison du Seigneur… depoze valiz ou sou tab la non, li p ap sove.
M kanpe epi m envite l kanpe tou… m pran de men l m bo l sou do yo chak, li te kontan. M rale l sou mwen, m sere l nan bra m. M pa di anyen pandan yon ti moman… M depoze yon ti bo bò kou l epi m lache priz tou piti, rega nou kwaze, on s’est affronté du regard. La a pa t gen wout pa bwa, se te kanpe goumen oubyen rete nan twou tankou sourit. M deside plonje nan dlo a, m bo l… li vin sere m plis e li reponn bo m nan.
M kanpe bo a, epi m pran men l pou n al nan chanm nan.
- Sa w ap fè konsa?
- N ap antre nan chanm nan, n ap pi alèz…
Li pa di anyen, li jis suiv mwen, li ret kanpe. Li t ap ezite toujou…
- Fò m retounen travay
- M konnen, sa p ap pran tan non… men si w pa vle, ok, yon lòt fwa…
Li fè yon soupi epi li kòmanse dezabiye l, li retire mayo l anvan, li lonje l ban mwen, m depoze l yon kote pou l pa chifonnen.
- Sa w ap tann pou w dezabiye w ou menm ?
M te pèdi nan gade l, m fin dezabiye m byen rapid, m voye rad pa m yo nan yon kwen m fini epi m chita ap gade l. M fè l vire m bo l bò dèyè. Li te renmen sa anpil… li vire epi l chita sou mwen, nou rekòmanse bo…
E se konsa sa te demare ant nou. Pa t gen yon dizon « ok nou renmen », bagay yo chanje nan tan n ap viv lan la a.
M te vin pran abitid pase wè l pi souvan epi eseye pase plis tan avè l posib. Sa t ap byen mache pou nou, anyen pa t konplike. M te menm panse sa t ap rete nèt. Domaj, pwoblèm yo te dèyè ap vini.
Sa te kòmanse lè kontra l te bout nan travay li a, li te vin yon ti jan chanje. Avan, lè n t ap soti nou te konn met ansanm menm si l pa gwo. Se pa kòmsi nou te gen gwo lajan ki t ap antre nan men nou chak mwa. Konsa, nou te vin soti e wè mwens, krab la pa t gra. Thara te vin bezwen yon nèg ki pou pran swen l ekonomikman, m pa t gen pwofil sa a ditou. Sa k t ap antre nan men m nan te twò piti, se apèn si m te ka okipe tèt mwen. Nou fè plizyè ti diskisyon sou sa, men m te rete la, m te ret kwè li t ap jwenn yon lòt kote pou l fè degouden. Men sa pa t janm vini…
Thara te vin pèdi pasyans, li pa t di m sa men m te santi l anvi al fè wout li. Onètman, m pa ka kont li, li vle chèche viv yon fason k ap bon pou li. Nou pa ka rete ap fè womans sèlman, fòk nou ka fonksyone tou. Mwen, m pa t wè kijan m t ap ka satisfè atant li yo san se pa nan sa k pa sa m antre. Sa pa wout mwen deside pran ditou, sou okenn pretèks…
M pa t deside bay sa vag e kite l al kote dlo a koule pi fre pou li, m te renmen l. Men yon jou, pandan n ap pale de sitiyasyon an, li di yon bagay ki te deranje m anpil.
- Mwen jwenn anpil moun fè m avans, ofri m anpil bagay ou pa ka ban m… hm !
Sa k pase, se yon bouke flè 2 mil dola li te resevwa ki vin mete mi nan domino a. Pou anpil moun an ayiti, sa koresponn a yon mwa salè. Yon lòt kòk te vin chante nan lakou m nan e misye gen megafòn li nan djòl li, vwa l grav …
Mwen tou m anvi kouvri l ak kado, m te ka ba l lemond si l te pou mwen, men helas !! m a de po bouda m, epi ki bouda silvouplè ?! « bonne volonté » pa sifi nan ka sa a, bèl souri pa peye bil.
Sa pa t pwoblèm, fi toujou ap rankontre moun ki sou ofri sesi sela, envite yo soti elatriye... Pwoblèm mwen, se jan li te di sa a. Sa ta vle di li konsidere aksepte yo. Medam yo souvan panse lè yo fè sa a se di y ap di mesye yo souke kò yo nan montre ke yo gen chwa. Mwen m pa wè l konsa. Mwen tou m gen chwa, nan vwa grann mwen : « m pa bèl a felisite ni m pa lèd a fè pè non plis ». M jwenn pi bèl, pi anfòm ki ofri m yon seri bagay men m pa di anyen… Se moman sa a menm, relasyon an kraze…
Nou potko kite men, santiman m pou li t ap fane piti piti. Pouki li pa t di m l ap degaje l jwenn yon travay pito ? nou te ka rete pou n bat dlo jiskaske li fè bè.
Nenpòt moun ki ta fè m panse pandan li avè m , se yon favè li fè m, ap pèdi m trè vit… lanmou an t ap dekole tankou penti k ap detache nan mi ki pran imidite. Pa t gen yon koupab sinon sikonstans lavi. Mwen avè l vin kòmanse pa pale menm jan an ankò, kòkòt ak figawo t ap pran distans, menm blag nou pa t bay ankò. M gen abitid kite relasyon yo emosyonèlman avan m vire do m fizikman, sa limite dega yo…
Sa poko rive w ou te nan yon relasyon epi sa fini san n pa chita pou n met fen nan sa ? ebyen se sa ki rive m ak Thara, relasyon an annik disparèt menm jan l te parèt la … Nou kòmanse fè 2 jou san pale, apre li vin 4, apre sa yon semèn, 2 semèn jiskaske nou pa pale ankò. Nou pa ekri nou pa fè apèl, menm stati lòt nou pa gade.
Epi, Yon jou, nou kwaze nan yon makèt nan petyonvil, m te vin achte begonn pou konpayèl moustik ki anpeche m viv nan kay la, pil panye l nan men l chaje tankou kamyon legim k ap sot kenscoff. Li te ak yon mesye, siman se li ki kòk ki te vin chante nan lakou m nan. M pa rele l… men rega nou kwaze. M te kontan wè l anfòm antouka …
O final, m pa t sèlman pèdi yon mennaj, m te pèdi yon zanmi tou. Men, m te jere sa… kèm te brize lontan avan, zam ki te konstwui pou frape m nan pa t pwospere fwa sa a car “ ce qui est (déjà) mort ne saurait mourir ». Se pa renmen m pa t renmen l ase ki fè m pa t akable akoz sa k te pase a men, gen yon kou w pran nan pase w ki jis montre w kijan pou w pare so pi devan. M te nan ka sa a. ou fin pran so, ou leve, ou bat dèyè w epi w kontinye wout ou.
M vin reyalize tout lè y ap di 2 mèg pa fri a se gason an ki pou toujou pran plas luil la. Ainsi va le monde !!!

Map tann konpilasyon istwa Lolo yo ak pasyans... Yo toujou touche m. Bravo Lolo!
Sister M*🤗