top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

REDANPSYON

            M sonje jan m te ye lontan, dezòd, teti, ensousyan... Bon, sa w vle m di w? Se konsa nou sipoze ye lè n gen disèt, dizuitan. Mwen te nan peryòd rebelyon mwen. Lekòl pa t enterese m pase sa, se te trip tout lajounen. Depi m piti, m san fren, m fè sa m vle e se rezilta sa a menm pou li ta bay. Paran m pa t kenbe m kout ase.


           Ane 2014 la te yon ane chawa pete jan moun yo konn di a, m te pran yon lòt dimansyon nèt nan penyen lage a, epòk sa a mwen te plis rete sou fè vakabon. Se te moman 3 jou lekòl, 2 jou konje, pafwa li te konn 5 jou konje wi sa depan de jan lendi an pati. Se konsa ane lekòl la te fini pou klas segond e sa pa t ap chanje pou klas apre a. Nan mwa septanm, lekòl ouvri epi woul gentan kòmanse ap fèt, mwen ak kèk patnè m te jis ap jwi jenès nou nan fason pa nou san nou pa sousye de anyen.


           Nou lekòl anba lavil, zòn Avni Kristòf, nou te fin konn tout sektè tèlman nou mache apante tout ti rakwen. Lè nou boule jou a, depi li fè onzè se devan Lise Mari Jàn nou rive, nou vin file bèl ti medam yo, pa t manke sa ditou. Nou netwaye soulye nou, bwose tèt nou, pantalon sou nou byen skinny, ti figi a pèch, nou vin voye nas nou. Se te plezi jènjan nou lè konsa, yon nèg ap vide lirik atè epi lòt yo kòm back up. Pafwa kèk nimewo konn tonbe. Apresa, se glise desann pòs machan pou nou al pran machin, depi li pa gen son nou p ap monte l, se konsa pou nou rive lakay nou an gran jan.


            Gran maten nan mèkredi ki te 15 oktòb 2014, mwen menm, Kally epi Fat nou ateri devan lise Tousen nan ti pate, Nou vin pran dejene nou. Lè nou fini, nou pran direksyon NAYA's al pran plezi nou, kòb lekòl mwen nan men m, m boule ladann. Anndan an gen mizik, gen fi e bagay sa yo rale lajan. Te konn gen pwogram after school nan moman sa yo tou k ap fini blòk senkè, sizè.

          Gen yon pawòl m te di jou mèkredi sa a, se apre m vin reyalize se bouch mwen ki kondane m. Pandan m ap pase bò penitansye nasyonal pou m al NAYA's, mwen di nèg yo mwen ta renmen antre la yon jou pou mwen wè Kijan anndan ye, jis yon blag konsa ki ta pral suiv mwen kèk jou apre.


            Vandredi 17 oktòb 2014 pa t gen lekòl, se jou konje, se dat Anperè Desalin te mouri, yo te anonse ap gen manifestasyon jou sa. M leve nan maten, mwen pran yon pate poulè devan lakay la aprè mwen fè yon rive nan koridò a al ranse ak kèk nèg. Anpil koze ap di, sa k di yo prale nan manifestasyon elatriye... Mwen menm, sa pa t nan lide m ditou, m t ap pase jounen lakay. Se nan radyo m tande sa k ap pase nan manifestasyon an.

           Kou l fè dezè edmi konsa, mwen ak yon patnè m ki rele LG deside al fè yon ti mache sou Dèlma a paske manifestasyon te sanse fini. Mwen ak LG te renmen mache anpil, depi nou piti nou lib. Se nan konsa, nou soti nazon bò lakay mwen, nou pase pa delma 30 pou n monte petèt rive jis nan 48 la. Sou wout la, nou kwaze ak Marco yon zanmi nou ki t ap soti nan manifestasyon an. Lè l kwaze nou li mande n kibò nou pral la, nou di l n ap fè yon ti flannen, li di li prale avèk nou.

           Nou 3 a pran wout la, n ap ranse. LG di: "mesye an n travèse sou bò goch pou si gen yon kouri, n ap antre nan yon enpas". San fè tèt di nou Travèse vre, n ap monte. Aprè yon ti tan, nou wè yon bakòp Polis ap desann tou dousman, nou sispèk paske te gen dezòd sou wout la, nou kanpe anfas SOGEBANK lan, gen yon antre kote l la, si ta gen aksyon pou nou ta tou file ladann. Move chans pou nou, vin gen yon dezyèm bakòp k ap sot anba k ap monte. Nou vin nan mitan kounya a, nou vin pa gen chwa, te gen plizyè jèn gason sou wout la, nou tout kouri, nou antre nan 27 la. Pandan n ap chire wout, nou vin tonbe bab pou bab ak kèk lòt polisye ki te gentan al sène nou.

            Yo pwente zam sou nou de lwen, majorite nan nou rantre nan lakou kay yon moun, sa ki vole tèt mi, pouse baryè.... mwen ak Marco kouri antre nan twalèt kay moun yo epi LG menm antre nan yon Chanm. Nenpòt 10 nèg nan Twalèt la, n ap tranble, youn ap di lòt pa pale. Men jou sa a pa t pou nou, gen yon polisye ki vin wè pòt twalèt la nan chèche nan tout kay la. Li di nou ouvè pòt la, nou pa ouvè, nou pa di kwik, lè li wè sa, li di: "m ap tire wi". Fwa sa a, nou te vann, nou ouvri pòt la epi yo di nou soti. Se mwen ki soti an premye, parèt mwen parèt mwen pran yon kout bouda zam bò bouch, yon mòso dan m vòltije. M fè tantativ pou m pale ak chèf la pou m wè si m ta epanye, m sipliye l, m di mwen pa t nan manifestasyon men li pa okipe m. Yo mare men m ak lasèt ki te nan tenis Marco a, yo di nou kouche sou vant !


         Aprè kèk minit, yo fè nou kite kay moun yo, yo mete nou kanpe devan yon mi anfas Kay la pou yo pran non nou. Mwen, m te bay fo non paske mwen te panse yo t ap lage nou. Gen nèg yo te kite ale, m te gen espwa men aprè, se rete m rete m wè yon machin polis vini, yo anbake tout moun ki te rete yo, m tande yo prale avèk nou pakè, se lè sa a m kòmanse kriye. M te pran nan cho tout bon.

        Nou derape, te gen yon jounalis ki te prezan ki t ap swiv machin nan sou moto pandan l ap filme. Konvwa a pase devan lakay la pou l al pakè, m te anvi rele anmweeee pou moun lakay mwen tande men m pa fè l. Lè nou rive, nou vin jwenn lòt nèg yo te arete lòt kote pandan jou a tou, se nan konsa m vin kwaze yon lòt nèg bò lakay la. Yo te pran nou 18 jou sa. Lè nou rantre anndan an, yon ti tan aprè Moyiz Jan Chal vin parèt, yon fason pou li ta mande liberasyon pou nou , li voye achte bonbon ak dlo pou nou , nan pale ak komisè gouvènman an, li di li pral libere nou. Tout nèg kontan, se tann pou nou te jis tann. Yon bon ti moman pase, yon apèl monte, rezilta : y ap voye nou 18 la nan Depo, sa vle di penitansye.

       30 minit apre, 3 machin parèt, yo minote nou tout. Se mwen ak Marco yo te kenbe, LG li menm yo pa t pran l, li te rantre kache nan chanm moun yo.

        Minòt nan men m, m ap soti pakè epi m pral ateri nan penitansye, pandan m inosan, m pran nan arimaj. Lè n ap soti, gwo zam pwente sou nou, gen yon chèf ki di:" Depi nou youn fè yon kaka la se nou k ap wè l".


       Lè nou rive penitansye, li te nan senkè pase, tout prizonye te gentan nan selil yo. Nou 18 ki fenk parèt la, yo mete nou nan yon depo apa paske prizon an te gentan fèmen. Lè m wè tan ap pase, m rele yon ajan APENAH, mwen di l mwen se pitit tèl moun mwen ta renmen li rele l pou mwen pou m ka di l m nan prizon. Li gade m li di m:" ki laj ou ? Bon Kijan ou fè la? ". Li pase apèl la pou mwen epi m mete moun lakay mwen okouran.

      Bòpè m vin parèt yon ti moman apre, m rakonte l tout istwa a jan sa te pase a. Nou fin pale epi li ale, manje li te pote pou mwen pou m te soupe a, m separe l ak rès nèg yo. Nou tout tonbe plenyen, nuit la te rive sou nou, men nou te deja la, nou reziyen nou, nou chèche yon jan pou nou dòmi. Nan mitan nuit la, pandan yon ti dòmi te resi pran m, m vin pran yon move sant, lè m pantan mwen wè se youn nan nèg yo ki akwoupi k ap twalèt bò tèt mwen an nan anbwate yo te pote manje pou mwen an. Ah, m fache sou misye e di l move pawòl. Men sa a, se te yon avangou, kalamite yo te fenk kòmanse pou mwen.


       Nan demen, 18 oktòb yo vin ouvri pou nou a nevè pou yo te ka pran foto nou pou fè dosye. Gen nan nou yo te koupe cheve yo. Yo ba nou chak yon kòd ki pou idantifye nou nan yon ti papye si l ta pèdi ou pa sonje kòd sa ou ka tou rete la jis ou mouri. Lè tout bagay fini, yo voye nou benyen, nou kwaze ak lòt prizonye ki te la deja, m vin pè kou chen k ap travèse lari. Figi nèg yo dwòl, sa ki tatwe epi y ap gade nou mal. Se pa de presyon yo pa ba nou, kè m te telman sou biskèt, m tranble kou fèy bwa, mwen pa menm fin bwose bouch mwen , m vale kim pat la sou plas, yo fouye nou pran Sa k sou nou ! Chèf yo fè nou retounen menm kote nou te dòmi an !!

      Vè 11 h yo voye kafe a pen , manje pou nou 3 ki se mwen menm , Marco epi Zobop lòt zanmi m yo te arete a. Nou te alèz nan Depo nou te ye a , paske nou te jwenn espas epi nou bay blag antre nou. Lòt nèg fanmi yo pa t pote manje pou yo te oblije manje nan manje ki fèt nan prizon an. Nan maten, yo bay labouyi oubyen makaroni , nan aprèmidi manje a te varye: li ka diri oubyen mayi.

       Jou sa a, marenn mwen te vin wè m, kou je m tonbe sou li, mwen kache dèyè nèg yo, li parèt devan biwo a li mande pou mwen sou Bon non mwen , yo site non m, mwen pa reponn , li pa t wè m epi mwen rele "madam, vini m pale w silvouplè" mwen gentan fè l siy pou l pa pale lè l vin kote m, mwen di l se fo non mwen bay. Mwen di l mwen rele Clergé Jeff epi mwen di l di moun yo se sou non sa a pou yo voye manje pou mwen. Nou fè yon ti pale epi li ale.

Nou pase 2 jou nan depo, se kòmsi nou pa t nan prizon. Se soti nou pa t ka soti jan nou vle sèlman. Se mwen ak Marco ki te pi piti anndan an, li te gen 19 lane, mwen menm 18. Se te bon patnè m depi lontan.


      Nan demen si Dye ve 19 oktòb, yo deside transfere nou nan Grèf, se la yo mete nouvo prizonye yo. Lè nou parèt, nou jwenn plis pase 100 gason anndan an epi gen yon chalè ki bat nou depi avan n antre. Mwen te kòmanse konn jòj serye.

       Lè n ap antre, lòt prizonye yo t ap babye paske pa t gen espas ase pou tout moun sa yo, nou te kwense tankou Sadin. Nou fòse, nou fòse, nou antre kanmèm. Sof majò Grèf la ki te gen kabann, aprè sa nou tout te ouvri dra atè a pou nou te domi.

Anndan Grèf la pa gen mwayen pou 2 pye w lonje. Pou w dòmi se yon pakèt jimnastik; ou kouche nenpòt 3 nèg mete tèt sou ou : sou lestomak ou, sou vant ou, sou pye w ! Nou tout kole sou lòt ! Nèg ap wonfle, nèg ap pete, sa ki gen move sant, gen nèg ki gen gratèl. Nou tout tounen pwason kraze nan bouyon. Ou ka ap dòmi, ou tande bri, lè w pantan ou jwenn se 2 nèg k ap goumen.

       Yon fwa, majò Grèf la te fache m pa konn pou ki rezon, li tann nou nan dòmi epi voye dlo sou nou. Atè a gen dlo, pa gen espas, li lannwit, dòmi nan je n epi marengwen ap souflete n. W ap imajine w pa fè anyen epi w ap sibi pil bagay sa yo. Gen de fwa m te konn anvi kriye men lòt prizonye te ka bat mwen, m kenbe kè.


         Zòn 25 oktòb yo konsa, nan maten lè nou fin benyen, nou retounen nan Grèf la, Yon polisye parèt epi l fè anons yo pral voye nou nan katye. Reyalite prizon an se lè w antre nan katye yo ou pral konnen l, majorite nan nou te pè paske lè nou te nan Grèf la nou te konn tande pil bri prizonye nan katye yo. Vakam nan konn vin jwenn nou men nou pa janm wè anyen. Anndan an laj anpil, se tankou yon peyi, li gen reyalite pa l, koutim li, yon mòd de vi; fòk ou anndan pou konnen l.

        Aprè anons la tout prizonye nan Grèf la te enkyete, yo te mete nou nan lakou a. Mwen, Marco avèk Zobop nou te kanpe menm kote. Anpil majò vin parèt lè moman repatisyon an. Anndan gen plizyè Katye tankou: Ti Asye, Brik, Titanik, Admisyon. Zobop di nou kanpe menm kote paske se li ki te pi Gran, lide a se pou nou 3 te toujou menm kote.


        Majò a tankou yon kolon ki vin pran yon esklav, avan li pran yon prizonye li etidye l pou l wè eske l ap ka fè kòb avè l ! Zobop pale avèk youn pou yo pran nou 3 nan menm katye, li te aksepte.

        Nou 3 te nan menm katye ki se Titanic, se li ki pi gwo anndan penitansye, li gen 6 kare, nou te nan kare 3 4! Aprè yo fin pran nou 3, majò yo di nou swiv yo, tout nan wout la lè nou soti nan lakou a pou nou ale nan blòk nou, prizonye yo ap joure, sa k ap di nou "blan santi" , "langyèt manman w" "nou pral konn jòj"... nan lespri m, mwen panse m pral mouri. Nan 100 prizonye ki te nan Grèf, la apèn nou 10 ki te ale nan Titanic lan, lè nou rive anndan an, yo mete nou yon kote pou yo fè chwa selil pou nou. Pandan nou kanpe konsa, Zobop gentan pran 2 sabò byen rapid nan men on prizonye, sa fè mwen ak Marco mal men domaj nou paka fè anyen. Alafen, yo pran m nan selil T10, Marco nan T9 epi Zobop T12 !! (T a pou Titanic)


       Nou vin separe kounya, tout nèg poukont yo. Lè m rantre nan selil la, omwen 60 prizonye parèt vin voye je gade m. M ap gade nèg ki plen tatou, nèg do touni, nèg toutouni ki sot benyen, m anvi rele anmweyyy ou byen mouri sou plas tèlman mwen pè.

       Gen youn nan Bowo yo (Bowo a se nèg ki pi danje anndan selil la, menm majò a ka pran baton si l ranse) ki rele m, li di m vin kanpe la, sa vle di nan yon espas kounya tout prizonye ap gade m nan je, sa ki anlè, sa ki atè. Gen yon kote yo di m vire, mwen vire rapid; mwen p ap ban nou manti, mwen vin santi m diminye nan tout sans, mwen paka fè anyen. Lè mwen vire a yo di m gouye, dlo koule nan zye m epi m vire pandan m ap kriye mwen di mwen pa konn gouye non, yo di:" ou pral konn jòj". Imajine w plis ke 60 nèg ap gade w k ap gouye, mwen komanse gouye gen yon prizonye ki di : "gade jan misye ap gouye, e konsa ou gouye sou medam yo lè wap koupe yo?" mwen degaje m, mwen gouye pi byen, apre yon ti tan yo di m kanpe. Lè yo di m sa a, nanm mwen deplase kite m, mwen panse se masisi yo ta pral fè avè m men Gras Bondye sa pa t fèt, m te sove.

        Nan prizon an gen masisi tou, men se nan admisyon yo ye. Lè m vire yo mande m kòman yo fè arete m, mwen di se nan arimaj men yo mete dosye asosiyasyon malfetè sou do m, di mwen te kraze vit machin.


       Gen Prizonye ki mande m kibò mwen abite, mwen di Nazon; genyen ki di konsa: "e pa ou ki te konn tire wòch sou mwen nan pwogram nazon an"? Mwen reponn se pa mwen non avèk yon jantiyès timoun piti. Aprè sa, majò selil mwen an vin parèt li di nèg yo kite m anrepo. Tout prizonye vin ap regle zafè pa yo, mwen tou pwofite ap gade Kijan anndan selil la fèt, anndan kwense li fè cho, pa gen twalèt men te gen kouran 24/24.

       Majò a rele m li fè m antre kote kabann li an ye a epi li di m : "fòk ou pran yon kabann pou domi wi aswè a", mwen di ok m ap fè sa, li di :"se pa jan w panse a, fòk ou achte yon kabann pou dòmi", mwen mande l konbyen kòb, li dim 700 dola. Li lonje yon telefòn ban m epi li di m rele moun lakay mwen, rapid vit mwen rele tonton m, mwen di l sa epi m fè yo pale. Moun lakay mwen dakò epi yo jis chwazi yon plas pou mwen.

Kote m te kouche a se te nou 4 ki te la, nou te oblije kouche sou kan, tèt youn anba tèt lòt la anlè! Jou swa sa mwen pa t ka dòmi tèlman mwen t ap panse. M te fè efò pou m eseye kenbe eskanp figi m, m pa t vle yo wè m afebli.


      Nan demen maten, sizè mwen gentan leve pou m ap medite, tande prizonye yo k ap pale, y ap trip antre yo. Men mwen pa t ka pale paske m te yon nouvo, lè w nouvo konsa yo rele w blan. Mwen te konn tande yo di lè w antre anndan prizon, mande pou majò a bat li epi w ap pran kontwòl la. Bagay sa se pi gwo manti ki te ka egziste. Ou ka gwo bandi nan lari a epi lè w anndan an ou pa vo anyen.

       Lè yo sonnen pou nou ale benyen, avan nou soti, yo kontwole selil pa selil, majò yo ede ajan yo konte , epi yo ekri nonb prizonye ki soti yo nan kaye. Premye jou mwen pral benyen nan pati Titanic lan, mwen achte yon galon nan men on prizonye pou m ka pran dlo pou m benyen. Pandan mwen nan koulwa, mwen kwaze a Marco epi Zobop, n ap rakonte sa k te rive nan yè lè nou fenk antre nan selil yo. Mwen esplike nèg yo mwen te gouye, olye nèg yo tris se ri yo ri mwen oblije ri tou pou m voye enpe strès ale.


         Lè kare 1 ak 2 fini, se lè sa pou n ap desann nou menm ki nan 3 ak 4 la , lè w nan wout pou ale nan lakou a pou benyen, nou pase 4 baryè epi se marèl n ap jwe pou n pa mache sou sachè twalèt ak pise.

         Pandan m ap mache ak nèg yo, ansyen prizonye yo ap gade nou, lè sa nou rankontre lòt nèg yo te arete avèk nou yo. Lè nou rive nan lakou a mwen jwenn nenpòt 300 prizonye, sa ki toutouni nèt, san mayo a bout pantalon elatriye.... Lakou a chaje aktivite: prizonye k ap fè spò, sa k ap benyen, sa k ap pran dlo, Sa k ap lave rad yo, sa ki fè gwoup pou pale de tout bagay epi prizonye ki pran liy pou yo twalèt fòk ou tann youn fini pou pran plas li e gen ki konn pa gen papye se a dlo yo netwaye dèyè yo.


         Se lè w pral benyen sèlman ou gen chans kwaze zanmi w pou w pale. Se nan katye w, ou dwe rete, sèl majò yo ak kèk prizonye privilejye ki te gen dwa mache tout kote.

         Rekreyasyon an pa t dire plis pase 30 minit, yo mete w deyò a 9h pou 9h 30 ou la pou demen maten a menm lè a. Lè y ap fè prizonye antre, se nan moman y ap pote dejene pou nou ki se souvan labouyi farin frans oubyen makaroni. Manje anba a pa bon ditou, labouyi a konn pa dous oubyen diri a mal kuit. Men ou oblije manje yo paske pa gen chwa, gen prizonye yo pa janm pote manje pou yo, lè y ap monte avèk yo konsa gen prizonye ki konn fè yo ba yo ti kal nan wout la, yon ekip gwo chodyè 2 prizonye ki toujou pote yo.


       Prizonye yo konn ap plede pale sou manje yo, dlo sal konn soti anlè tonbe nan manje yo tou, yo kontinye monte avè l kanmèm. Gen nenpòt 10 a 15 chodye nan kare 3 4 la! Se majò yo ak lòt atache yo ki separe manje yo ! Yo louvri pa selil epi tout prizonye an liy ak bòl nan men yo, pou yo ale pran manje , nèg k ap separe a gen yon bòl nan men l epi l ap vide nan bòl prizonye ki devan l lan. Depi w fin resevwa, se antre nan selil ou al manje. Genyen ki manje pa yo a byen rapid, genyen ki bay achte lèt ak sik pou vide nan labouyi lè se li yo fè.

       Se konsa bagay yo ye, manje majò yo toujou byen nòmal, se yo ki jwenn plis. Nan selil mwen an, depi w fin manje, ou dwe lave bòl ou, gen prizonye ki te konn gen galon pou yo pote dlo pou yo lave bòl manje yo. Yo pase twal mouye de fwa pa jou , Chak jou pou yon prizonye men bagay sa pa t pou majò ak atache li yo.


       Mwen menm ak 2 lòt zanmi m yo te gen chans si n ka di l konsa, moun lakay nou te mete ansanm pou voye manje pou nou Chak jou san ratman. Depi 10 h manje nou vini: kafe, diri oubyen mayi. Men, m te toujou ale nan liy al pran manje pou m te ka bay on lòt prizonye ki te atache avè m paske se li menm ki te konn lave pou mwen, epi pase twal mouye pou mwen. M toujou al pran manje maten ak apremidi pou li.

       Prizonye yo pa t rete sou manje m nan paske manje ki gen anndan yo te gentan abitye avè l, genyen si yo manje nan pa m nan l ap deranje yo sou plas. Moun lakay mwen te konn voye 5 galon dlo trete ban mwen, m pa t janm bwè dlo prizon an paske li pa t bon ditou. Benyen ou benyen avèk li sèlman li ba w gratèl. Yo pa t konn okipe dlo m nan tou, M te konn pataje pat savon avèk yo. Pa t gen rasis anndan paske la a, nou tout se menm.

       Lè tout prizonye fin manje, nou te konn jwe domino, jwe kat, fè diskisyon foutbòl.... Plezi m se te tande yo k ap eksplike ki zak yo te konn ap fè lè yo te deyò. Te chaje nèg Site Sòlèy nan selil mwen an e se youn nan yo ki te majò, misye te yon "rat pa kaka" epòk 2005!


     Se te konsa chak jou, fin rantre nan selil, manje epi tann dezyèm repa a. Nou eseye fè tan an pase jan nou kapab, pandan majò a ak atache l yo deyò sou lakou oubyen nan lòt blòk nan prizon an. Se yo ki te gen dwa sa a.

     Aprè manje midi a, yo femen tout prizon an. Yo mache kontwole selil pa selil. Kantite prizonye yo te jwenn nan maten, se li pou yo jwenn nan pita sinon majò a ap gen gwo pwoblèm paske fòk gen rapò jounalye. Nan bon jou, yon prizonye ki kite selil li fèmen li pa la, yo ka kite l antre, men nan move jou y ap ouvè l ak baton oubyen voye l nan izolman kote yo mete tout nèg ki dezòd yo. W ap pase move moman kanmèm. Si se nan yon selil ki gen masisi yo foure w menm, ou vann.

     Aprè 3 semèn m pase anndan an, m te pè mwens, m te vin komanse alèz nan prizon an. Majorite nèg anndan selil la te kòmanse pale avè m. Prizonye pa zanmi moun fasil, men sikonsatans fè moun pale ak moun. Tout moun mefyan, diskrè, prizonye parèy ou konn Kijan pou l fouye w pandan ke ou ka gen on bagay sou ou moun ki deyò pa gen kontwòl li. Depi yo wè paran w nan voye lajan pou ou, yo kole sou ou. Pa sere lajan w nenpòt kote, paske a nenpòt moman yo ka vin fouye selil yo e si yo jwenn li, yo tou pran l. Mwen menm, bwòs mwen, pat ak savon m se nan yon mayo m te mete yo epi mare tèt mwen avè l.


       M te pami moun ki te pi piti nan Katye kote m te ye a, yo te ban m libète pou mwen soti al kot Marco, mwen te konn al jwe kat ak misye. Youn nan majò selil li an te alèz avè l, li te konn prete nou telefòn pou nou ka pale a moun deyò e avan nou fèmen fòk nou di yo voye minit pou nou. Lajan sikile nòmal anndan, gen machann sigarèt, machann pen a manba, machann sik, gen bòz tou. Nèg yo pa gen lemè, yo fimen l nan papye. Gen prizonye ki konn mande moun lakay yo pote bib pou yo, lè yo panse se pou yo priye se pou fimen yo mande l.

      Nèg kras pou bòz anpil anndan, sigarèt konn fimen ak 5 nèg omwen. Men, gen yon lòt richès anndan an ankò, sachè nou pa bay twòp enpòtans deyò a, anndan prizon an li gen yon valè total kapital. Ak yon grenn sachè, ou ka ale nan twalèt 2 oubyen 3 fwa, lè prizon an fèmen epi ou gen yon bezwen, se pran on sachè, chire on Ti kal ladann epi ouvè l atè nan douch la pou twalèt ladann. Lè w fini, ou vòltije l anba.

     Lè konsa, lè w leve nan maten, ou voye je w anba w ap jwenn 20 a 30 sachè twalèt nan lakou anba e se prizonye yo ankò ki ranmase yo. Goumen konn eklate pou sachè anndan an, pa m yo m pa t konn fè egoyis avèk yo paske chak fwa yo pote manje pou mwen, m toujou jwenn.


      Majò prizon an te konn ban m pèmisyon pou mwen soti al jwe foutbòl nan lakou a pou m retire strès, boul n ap jwe a pase nan twalèt nou pa deranje, se vide dlo sou li epi foutbòl kontinye pi rèd. Se kontantman, ekip dèyè, plezi gaye, bèl drib, n ap enjoy. Lè foutbòl fini, nèg yo reyini pou fè rezime de moman an. Se konsa, yon lè pandan m kanpe ap bay odyans ak nèg yo, san zatann yon sachè blan "Thank You" soti anlè li tonbe anba nan mitan nou an; foul la gaye, tout nèg ap gade kò yo pou wè si yo pa sal apre pou gade pou lòt. Se konsa Marco gade m epi li tonbe griyen dan l, yon mòso twalèt ki vole bò bouch mwen, tout nèg tonbe ri. M oblije tou ale benyen pou m pwòpte kò m.


       8 novanm, jou ki fè m gen 19 lane sou tè a pran m anndan prizon an. M te anvi soti al distrè m men m pa t kapab. Nan aprèmidi yo pote manje pou mwen, te gen anpil ti papye nan sachè a, zanmi m yo te ekri m kèk swè epi di m kenbe la pa dekouraje. Dlo koule nan je m pa fòs men alafen sa vin pase. M te anvi soti, plas mwen pa t la, m te inosan.

       Leswa, lè m bezwen medite, mwen te konn pran yon dra mwen monte sou yon mi ki te gen anndan selil mwen an, mwen mare dra nan fè yo epi mwen antre nan mitan mwen chita. Kote m ye a, mwen konn ap gade kafou fèy anfas mwen, chak ti van ki pase tou vini ak yon move sant twalèt.


        Pandan nou anndan an, moun lakay nou t ap fè demach pou yo libere nou. Gen yon avoka ki te sanble nan ekip Moïse Jean Charles ki te di nou pa bezwen pran avoka paske se yon afè politik li ye , men jou t ap mache. Yo te rele Zobop ak Marco pakè, yo rive pakè Jij la voye yo tounen penitansye ankò. Moral nèg yo pran gwo frap lè sa a, dyare pran Marco, misye vin piti.

         Yo fè yon semèn ap pote bouyon pou Marco pou li te ka remonte l paske misye pa t bon menm. Jou vizit pou nou 3 te gen kèk zanmi ki te vin wè nou e se lè sa a mwen pral wè Kijan yo kale berejèn yo pou fè legim ba nou manje. Majorite berejèn nan rete a tout po, se annik pase kouto sou yon bò selman pou li ka bouyi rapid. Epi lè prizonye yo ap pile legim nan, sa ki vole sou yo, nan pye yo, yo retire l epi lage li nan chodyè a ankò.


         Anpil pawòl t ap pale, nou te menm tande nou te ka fè 3 mwa nan prizon. Nou pran nouvèl la tankou yon kout kouto, men chak nèg t ap eseye motive lòt. Nou te di tèt nou n ap siviv kanmèm. Mwen menm, m pa t konn si se te dezespwa, m te fè ide mete boul nan grenn mwen tankou kèk prizonye. Men, lè m vin gade kijan operasyon an fèt m repliye : yo pran yon bwòs dan transparan, yo koupe l pou l bay 4 ou 5 boul byen travay, yo detire grenn nèg la, fè yon ti tou pou mete boul yo apre li a mete yo nan pozisyon li vle. Aprè sa, nèg yo bwè anpisilin 500 pou enfeksyon. Se yon bagay ki ap pran 2 semèn pou l geri. Lè yo konnen yo fè sa, si se chèf fanm ki sou pòs pandan y ap benyen an, yo konn takinen medam yo nan montre yo ti pati yo epi fè jès kòm si yo ta anvi fè bagay ak yo.


         Gen nèg ki anndan an kèk tan, yo gen nè. Se sou LaPonyèt yo pran refij. Men lè w se nouvo, se pa yon bagay pou w kite yo kenbe w ap fè, ou ka pran kou. Nan selil mwen an, nèg yo te gen DVD player, yo konn pase pòno epi yo kanpe ap mastibe. Mwen se lè m ap benyen lannuit m te konn distrè m.

          M te kòmanse ouvè kò m nan prizon an, m te konn mache al gad match. M te remake gen de selil ki te gen amak, kabann prizonye ki pa t genyen yo fè ak dra yo mare nan fè fenèt yo. Nou te jwenn sa nan katye Brik sitou.

Fèt prizon an pran m anndan an, yo te fè pil aktivite bay gwo manje tankou : diri, gratine, vyann ak tampico.

         Prizon an pa t gen gwo mwayen, chak dimanch yon selil te jwenn vyann: ou jwenn dimanch la ou ka manje jus apre 3 dimanch ankò.


         M aprann anpil koze pandan m la a, Nèg yo fè konnen se pa tout moun ki nan manifestasyon k ap manifeste vre, genyen se vòlè yo vin vòlè. Nèg nan selil mwen yo te konn temwanye se vòlè yo te konn vòlè le yo te konn ale nan manifestasyon, gen nèg k ap esplike sa yo te konn fè deyò a.

         Gen yon prizonye, jèn ti gason, misye pran prizon nenpòt 5 fwa, misye ap eksplike anndan prizon an konn manke l. Li konn sa pou li fè pou yo arete l pou li ka fè 6 mwa nan penitansye, li di pafwa e nan penitansye pou l santil an sekirite, pou l fè 6 mwa anndan konsa li al vòlè telefòn.

Yo fè m konnen prizon an gen yon jou kote maji ka antre ladann fasilman, kòmsi se ta jou feblès li. Si prizonye yo te metrize pati sa a, anpil nan yo te ka sove. Malgre prizon an pa pwòp, gen nèg ladann ki konn byen fre. Gen prizonye anndan an ki konfeksyone kouto pou defann tèt yo pou si zen pete. Nèg yo tande rap hardcore, Blaze one pase anpil nan 3 4 titanic lan sitou pou federal la a lepòk

          Gen prizonye ki pa libere, se kòb yo pa genyen, konsa tou se paske yo pa konn li, yo pa fouti di kòd yo te ba yo a epi yo ret kwoupi anndan. Lendi pou rive Vandredi, yo konn fè apèl pou al tribinal lè konsa ou bay kòd la, ou pa kapab, ou tou rete.


         Jou delivrans mwen an rive sanzatann jou ki te 28 novanm lan. M leve byen bonè, m kòmanse fè lè pou yo vin ouvri pou mete nou deyò al benyen. Yo kòmanse site non prizonye ki gen randevou pou tribinal yo, m pa rete sou sa paske m te panse se apre 3 mwa m ap soti. M tande non m, kè m ouvè. Mwen kouri reponn prezan. Yo mande m kòd mwen, m bay li. M sonje Marco ak Zobop te ale, yo te voye yo tounen, petèt m te ka jwenn chans mwen mwen menm. Yo di m prepare m, y ap vin chèche m, m desann m benyen epi mete m sou men m lè moman an rive. M te di nèg yo sa avan m ale, yo mete mwen menm ak kèk lòt prizonye nan yon depo pou n tann yo vin pran nou.

          Pandan n ap tann, yo pote yon bonm labouyi farin pou nou, m pran ladann. Lè nou fini, yo minote nou, fè nou monte machin pou n ale pakè.

          Lè mwen rive pakè mwen jwenn grann mwen, gran papa m, LG ak kèk lòt moun ankò. Chèf ki te akonpanye m yo pa t dakò grann mwen touche m, m pa konn pouki, yo mennen nou nan yon pyès pou yo rele nou grenn pa grenn. Strès t ap fini avè m, m ap priye, tout sa m vle se libere, mwen pa t anvi retounen kote m te ye a menm. Aprè kelke minit, Grefye a site non m : "Clergé Jeff", yo pran m, yo ale avè m nan biwo jij la. Lè m rive, m chita, li mande m non m ak laj mwen, m bay yo apre li di:"

- Poukisa yo te arete w?

- nan arimaj yo pran m wi pandan m te sou dèlma a.

- apa w ap bay manti?! Se yon dam ki di ou kraze vit machin li wi

sezisman pran m

- mwen pa t fè aksyon konsa non chèf la.

- antouka, timoun tankou w sa w te pèdi nan manifestasyon?

Li lonje yon papye ban mwen pou m siyen, m leve ak grefye a, n ap mache soti, grann vin parèt li di :" nou lage li pou mwen?

Grefye a reponn:" wi, nou lage pitit ou a".

Polisye ki te la a, avanse sou mwen epi li retire minòt la, se la a vre m reyalize m libere tout bon vre.

        Jou sa a, se nou 3 yo libere nan nèg yo te pran menm jou avè m yo.


       Mwen ak tout fanmi m pran wout la pou n antre. Mwen te santi m etranj, m pa t wè lari sa fè lontan. Lè ou nan prizon, tan an parèt long, ou pèdi anpil nosyon de lavi deyò a. Lè mwen rive lakay, tout moun te kontan wè m, sa te fè m plezi. Menm kamarad lekòl mwen te vin wè m. M pa kwè m te janm byen dòmi konsa nan vi m.

      Marco ak Zobop te vin lage nan demen yo menm paske yo te pase lòd pou lage prizonye politik yo. Kalvè nou te fini anfen. M te pase yon mwa 8 jou, yo menm yo te pase yon mwa 9 jou, gras a Dye nou soti san okenn domaj fizik.


      Nou te vin gen randevou ak Moise Jean Charles epi kèk nèg nan sektè politik la a lepòk pou yo te fè nou siyen on papye pou dedomaje nou men pou jis jounen jodi a anyen pa janm fèt.


      Mwen konn chita ap reflechi a ti eksperyans sa a, m pa regrèt li te rive m. Li chanje moun m te ye a, m te ralanti sou pil vagabondaj m te konn fè yo. Mwen pa t sou lekòl, zanmi te pran tèt mwen, se tann granmoun yo dòmi epi vole tèt mi pou m al nan pwogram, tout sa te kanpe. Apre liberasyon m, m te al enskri pou m kontinye nan reto a nan yon lòt lekòl. Konsa an janvye 2015 m kòmanse suiv kou epi mwen m fini lekòl an 2017. Aktyèlman mwen lekòl Haïti Tech, mwen se yon etidyan électrotechnique. Prizon chanje oryantasyon lavi m, si sa te kontinye m pa konn sa m te ka devni. Moun m te ye avan an, m kite l ap gouye pou prizonye yo anndan an, lavi a ban m yon lòt chans e m ap pwofite de li. Grasadye m rive konbat tout ti demon m yo epi m chanje, m vin yon nouvo moun.

 
 
 

Comments


Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page