We dem boyz
- Loritz Vernet
- 12 févr. 2021
- 5 min de lecture
Emanuel Ungaro a écrit: "Les êtres sont régis par des rapports de séduction."
On se fait séduire, on séduit et c'est ainsi qu'on arrive à créer notre petit univers social. Nou gen tandans chèche genyen sa nou renmen e eseye fidelize avè l, se konsa nan sa n ap konsome, itilize e menm sou plan afektif.
Nou konn tande pale de "la saison des amours" kay bèt yo pa vre ? Se yon moman pandan ane a, bèt yo chwazi rantre nan rapò youn ak lòt pou repwodui, dabitid se lè l fè cho. Pou moun, li pa konsa, nou pa gen sezon nou menm, se 365 jou sou 365 nou la, n ap chèche. Fi ap atire gason, gason ak kouri dèyè fanm oubyen envès la, ça ne s'arrête jamais. E nan ti jwèt sediksyon rale mennen vini sa a ant nou, m vin dedui gen 3 kategori gason dapre fason rapò yo ye ak fi.
Poukisa se 3? Pouki l pa plis? Pouki l pa mwens? Et bien, le chiffre 3 représente la totalité (le passé, le présent, le futur) ou encore (petit, moyen, grand). Le chiffre 3 en numérologie, correspond à la communication, aux échanges... bref, gen moun ki ka pa dakò ak sa. M swete m bon sou nou nan ti moso eksplikasyon sa a, de tout fason se pa yon levanjil m di nou vale GLÒT! Tankou yon ponyen tontonm. Il y aura sans doute matière à débat.
Medam yo pa chèche pi lwen pou mete nou nan yon kategori yo menm. Yo jis di "gason se chyen". Vous avez éventuellement raison mesdames, nous sommes peut-être des "Toutous". An n pati sou baz efektivman nou se chyen, ebyen m ap fè n konnen : nou pa jape menm jan. Se la a nou pa fò a.
La séduction est un jeu et dans tout jeu, il y a des petits, des moyens et de grands joueurs. Quel type de chasseur es-tu ou penses tu être? J'espère t'aider à le découvrir par ce qui suit.
Nou pati:
Premye kategori a se Mawozo yo: sa a se mas la, les victimes, yo pa konn kijan pou pale ak fi e sa fè yo parèt mare, fè maladrès. Se yo ki plis pase mizè, fanm pa respekte yo e itilize yo tankou vye ranyon. Yo gen anpil volonte, yo sensè men sa toujou pase anba pye ... Pa vrèman gen asirans nan sa y ap di. Linèt lanmou nan je yo, yo pa wè klè. Si yo fò lekòl, medam yo ap pyeje yo nan fè yo travay ak yo pandan yo fè yo kwè yo renmen yo hmmm. Sa fè m sonje istwa Jude ki te konn travay Mathématiques ak swadizan mennaj li Vanessa chak jou apre klas. Menm yon ti bo li pa t jwenn. Mawozo toujou tonbe damou yon fanm ki twòp pou li ki souvan brize l epi transfòme l an yon lòt kreyati... Majorite mawozo yo pa chanje lè yo grandi e se yo lè yo vin gran ki koze ak fanm ak byen materyèl akoz eksperyans yo.
Dezyèm kategori a se pou Vagabon yo. Klas sa a gen de inite spesyalize ladann, nou jwenn player ak fuck boy. Tank yo gen chans jwenn bon fanm. Nèg sa yo fè anpil dega deyò a e malgre sa se yo medam yo renmen. Yo brize kè pi mal pase kamyon kola ki chavire.
Player a se yon nèg ki p ap pè jere 100 fanm an menm tan, se pa li k ap kite yo ale. Li renmen tout yon fason, yo chak gen yon kalite li renmen. Epi, chak malerèz panse se li sèl zanmi an genyen, alachou.
Fuckboy la li menm se yon player amelyore, li gen plizyè fanm men l ap ajoute toujou. Objektif li senp "coucher au max", li gen yon kote li ekri non chak nouvo viktim li, se bodycount li ki enterese l, li pa konn anyen.
Sa konn rive gwo goumen pete, lè medam yo tonbe youn sou lòt. Nèg sa yo konn monte sou zo grann yo tou lè yo tonbe damou e sa pa konn byen fini.
Pwen komen moun sa yo se menm si yo ta gen mil fi, depi yo wè yon lòt ki mache nan san yo, yo pral dèyè l. Endividi sa yo se yon danje nan kominote maskilen an, y ap fè yo pale nou mal. Dyòl yo dous epi yo p ap abandone toutotan yo pa jwenn sa yo bezwen an, y ap anplwaye tout tatik.
Mwen ta salye kèk vagabon m rekonèt wi men, m bay vag. M pa vle yo kase tèt mwen nan lari pòtoprens.
Dènye kategori a m rele l les "Mechan dou". Nèg sa yo se les maîtres de la séduction, si se te football se yo ki t ap CR7 oubyen Messi. Yo pa fòseman bèl gason, se fason yo konpòte yo ki fè moun anvi kote yo. Ti mesye sa yo pa anpil deyò a, se yon kategori nèg ki trè poze ki pa nan fè bri, toujours calmes, courtois et gentils. Yo gen yon mistè ki antoure yo ki entrigan, se sa medam yo renmen dayè. Ou pa fouti gen kontwòl yo si yo pa pwòch ou.
Ou ka fè 6 mwa ou pa tande l, men lè w ekri l se toujou le même amour. Medam yo renmen l pou sa li ye a, li atire yo tankou sik atire foumi... en peu de mots, c'est l'homme du peuple. Li nan game nan lontan e li konn anpil bagay. Tout moun anvi tankou l men sa pa fasil. Se pa nèg k ap mande fi nimewo yo fasil, si w vle l mande l pa l la. Il a la sympathie des femmes ou pa konn kòman sa fè fèt. Ou ka menm panse medam yo retire non l lè y ap repete pawòl "Gason se chyen" an. On se sent bien avec lui, on aime lui parler sans raison apparente. Li chaje zanmi fi e sa lakoz yo ba l relasyon li pa genyen. Li konn ti afè yo men li kenbe sa pou li. E se nan proximité sa a menm danje a ye. Tankou Donald,yon bon patnè m ki mechan dou renmen di " depi gen ti rapwochman sa yo, krab ka fè legum ". Sa ki rive, se pa yon moun ki ap chèche yon bagay vrèman, li jwenn san l pa chèche. Il laisse le choix aux femmes de faire le premier pas et il fera les 99 autres jis pou m di nou souvan se fi ki rive sou li et il adore ça. Li gen konvèsasyon, toujou gen bon repons yo...
San m pa antre nan twòp detay, m ba nou 3 kategori yo. Gen moun ki pase nan twa klas yo: yo pran kou nan mawozo a, yo pase nan vagabon ansuit yo vin mechan dou. Kontrè a pa posib. Toutefois, on peut être mawozo pour Daura, vagabon pour Medgine et Mechan Dou pour Maria, c'est juste une question de perspective.
Nou menm medam, èske nou idantifye kategori nou plis gen nan antouraj nou? il faut connaitre son ennemi.... e nou mesye, nou rekonèt tèt nou nan ti deskripsyon yo?
Antouka, mwen m idantifye tèt mwen deja: m se otè tèks la, nou p ap ka di m manti.
Comments