top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

Vid 

     J'aime Le sourire de Medjine, le corps d'Alexandra, les fesses en béton de Corine, les seins de Fabienne, le sexe-game d'Annie, j'aime bien être avec Pétuelle... Ce sont toutes mes amies !! Elles représentent ensemble, à mes yeux, la femme parfaite. Une femme parfaite que je baise par six vagins différents. Mon ange gardien a dû sûrement démissionner à l'heure qu'il est ... Men, kijan m fè tonbe la!?                 Être bien entouré n'est pas le problème, m renmen fanm. Ce sont des créatures magnifiques, adorables par moment, m santi m byen nan mitan yo. Le véritable souci est le fait que je n'arrive pas à créer une vraie relation amoureuse avec elles. M pa fouti lage kè m, kite yo renmen m, gen yon blokaj yon kote. M grandi avè l...       M te timoun, san konprann, m t ap jwe ak manman m, m ap vole sou li, m ap ri epi li pouse m, li di: " m pa renmen w, ou pa t dwe fèt ou se pi gwo erè m, kite m trankil" e tankou yon enbesil m te retounen sou li. M pa t konprann anyen nan anyen tousuit. Se lontan apre, m te ka gen douz ou trèzan konsa, sa frape m nan yon "flashback" epi m vin kòmanse konprann reyalite m te ladann nan.        Eseye imajine moun ki ta sipoze plis renmen w sou tè a deklare w li pa renmen w. Èske ou ka imajine chak fwa manman w gade w, li tonbe kriye? M te konn jennen. M gen frè ak sè, m wè kijan li ye avèk yo, li trete m diferan de yo. Se lòt fanmi ki eksplike m poukisa sa konsa, m pa t janm mande manman m, dayè li pa t konn pale avè m.        Verite a senp, yo te vyole manman m, avòtman klinik pa t twò pratike isit epi m vin fèt. M pa konn kiyès ki papa m epi manman m pa vle m, m pa menm ka fache avè l pou sa. Tout sa m vle se pou l renmen m, pase men nan tèt mwen, fyè de mwen lè m reyalize yon bagay, pou l ap rele m pitit gason l, si m poko rantre pou l ap rele m, si m malad pou l santi se li ki malad tou. Men tout sa se rèv ki p ap janm reyalize. Se nan televizyon ak kay moun m wè timoun ap rele "manman ak papa". M diferan mwen menm, ou pa ta di se yon loray ki kale m.          M pa twouve sa jis, pou yon timoun peye pou sa l pa fè, men m konprann. Lavi pa rekreyasyon pou tout moun, pou kèk grenn nan nou se yon tribilasyon.

           Lè m vin okouran de tout sa ki te pase, m rete nan kwen m. M eseye parèt envizib tan m kapab malgre bon relasyon m te genyen ak rès fanmi an. M ale lekòl, m fini epi m kite kay la gras ak èd yon matant mwen. Jounen jodi a, m nan kay pa m, m ap viv poukont mwen ak yon chen. M ap travay e gras ak sa, m rive bay tèt mwen sa m bezwen.          M gen yon fristrasyon nan mwen ki pa piti, gen yon vid ki pa fouti kapab konble. M grandi ak santiman m pa gen plas mwen isiba. Si pwoblèm te yon moun, se t ap mwen. Pafwa, m konn poze tèt mwen kesyon sou kijan manman m t ap reyaji si m ta rive mouri, tout lide m di m li t ap soulaje. M tante plizyè relasyon sa pa mache; m te sipoze marye deja men sa pa enterese m. Kisa ki lanmou an? Kòman li manifeste? Kijan yo montre l? M pa konnen. Je suis seul même dans ma tête. M se yon echèk, yon erè k ap viv... m pa anvi yon pwa lou pou pèsonn, mon coeur est de glace. Poutan, gen yon ti pawòl ki di "ce qu'on a jamais eu ne peut pas nous manquer", m pa kwè li valab nan tout sikonstans. Sa m pa janm jwenn nan manke m anpil e m oblije viv konsa. C'est pour ça que je traîne avec toutes ces filles ou ce sont elles qui traînent avec moi, peu importe on traîne ensemble.  Relasyon m rive kreye yo pa dire jis paske m pa fè ase, m refize fè twòp tou. Fason manman m te konn gade m nan rete grave nan lespri m, m p ap pèmèt pèsòn moun gade m konsa ankò, jamè.  Medam yo konn ale lè yo wè m pa sou bati anyen. Se pa grav, m ap ranplase yo. M  atache ak moun lè yo la, men depi yo pa la m bliye yo. M sonje yon lè, mwen ak Pétuelle te fin fè lanmou, li te kontan, li chita anfas mwen sou kabann nan ap souri epi li gade m li di: - Pouki ou pa vle kite m renmen w? - mwen kite w renmen m wi, ou twouve ou pa renmen m jan w ta vle l la? - se pa sa, ou pa envesti w ase nan relasyon an tankou w pè yon bagay... - m pa pè anyen, m jis pa ka lage kò m - ou mèt fè m konfyans. Kite m ede w debarase w de pase k ap kontwole prezan w lan. Retire lame ki ansèkle kè w la, ban m pase...           M te fè maksimòm m te ka fè, m pa t ka fè plis ke sa. Se pa egoyis m egoyis non, m jis pa kapab fè sa l mande m nan. Nan koze sa a, m pèdi anpil moun paske m pa t montre yo resipwosite.


Se pa ni de ni twa pawòl ki pa di sou do m pou jije m, m adwat agoch. Men, se konnen yo pa konnen pa kisa m pase. Anpil fwa nou kwaze yon moun sou wout nou ki afiche yon konpòtman dwòl, Pafwa se pa ekspre moun nan fè se istwa lavi l ki mennen l la. Evite jije istwa Lavi yon moun sou grenn chapit ou antre ladanl lan ...

 
 
 

1 Comment


laure3096
Oct 14, 2019

💯💯🔥

Like

Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page