top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

Au Brouillon

Dernière mise à jour : 17 mars 2019

           Men ni ! Men ni! Men ni! Men bebe a, jodi a m'ap abòde l kanmèm... m ap suiv li lontan. Je m tonbe sou li preske chak jou, nou fè menm wout pou nou al pran machin pou ale lakay nou lè n ap sot nan fakilte. Nou toujou kanpe anba menm ponp sou "lalue" a. li gen pou l pran machin pou l ale kriswa, mwen menm m pral Petyonvil.

          Bon, pouki m pat rete kriswa menm jan avè l... Nou ta monte menm machin petèt, li te ka chita bò kote m.

         Si nou ta wè ti lezanj lan. Foto l ta sipoze bò kote mo "ange" nan yon diksyonè ilistre. Bèl po, bèl tèt bouch, toujou fre ... Se sa yo rele biblo a san dout. An verite, sa a se yon timoun Jezikri dizay dimanch pak lè li resisite a, li te sou san l. Moun pa konn bèl konsa mezanmi ....


ree


          M pa kwè m se sèl grenn foumi dèyè po myèl sa a. Si nou ta wè rara m fè pou li: lè m poko lokalize l, m tankou yon chen kaka kenbe, mwen an ponmzenk e lè m wè l menm; defile moun fou a kòmanse. Si li dèyè m, m ralanti, pran pòz m ap lase tenis ... Manti wi, m jis bezwen kite l pase devan. Sant pafen l toujou banm yon karès. Ou kwè ti pitit santi bon sa?! waaaw. Jodi a wè pa wè m ap pwoche. M tann twòp.

          M bay yon mòp ale-retou pou bouch la pa parèt blanch epi m pran wout la. M pwoche pi pre. M timid anpil men ... Sa se fiti madanm mwen, manman twa pitit mwen yo. Fò m mete tout timidite sou kote e al pran bebe a. M pa gen twòp tan, li ka pran machin pou l ale.

         M veye anwo, veye anba m pran souf epi m rive:

  - Bonswaaa !!!

  - Bonswa jeune homme…

  - Eskize m si m deranje w men mwen te jis vle di w yon ti bagay … fè m kado yon minit nan tan w si posib.

         Li gade m, li souri epi li reponn

  - Evre ? Ebyen pale non…. M ap tande w jiskaske yon bis kriswa pase pou m ale.

  - Wi wi … m ap brèf. Mwen te jis vle di w ke m twouve w vreman bèl epi m pran feeling nan ou. M renmen wè w e se yon plezi pou mwen pou m gade w k ap pase.

  - Aaaahhh se pou sa ou plede suiv mwen konsa a? Tankou polisye k ap siveye zenglendo a ?

  - Woy !!! ou konn wè ? m pat panse sa, pou jan m fè atansyon…

  - Wi … M bare w k ap gade m plizyè fwa.

  - An palan de zenglendo … poukisa papa w vòlò tout zetwal yo li mete nan je w ?


Li bay lari a do l kounya. Mwen te espere tout machin kriswa pran nan yon gwo blokis. Jis pou nou rete plis.


  - Waaawww !!!! M potko tande sa a non…. Intéressant !!! merci… siman se paske li renmen pitit fi l anpil e li chèche sa ki pi bon pou li… ou pa t ap fè parèy pou mwen ?

  - M anvi kase kèk kote pou ou vre wi … men se pou pita. Je peux connaître ton nom ?

  - Samantha …

  - Samantha tu es vraiment belle !!! Bondye ba w tout bagay …. Sof nimewo telefòn mwen.

  - Mezanmiiii !!! tu es tout un numéro toi ….

  - En fait 8 …. Comme le nombre de chiffres de ton numéro de portable.

  - Petèt ke m ap ba w li, petèt se bondye k ap voye l ba w, sa w panse?

  - Se li an pèsòn ki voye m mande w li wi.

  - Kidonk, Bondye se zanmi w ? ou gen kontak li …

  - Non … papa m …. papa nou !

  - Rele l pou mwen non pou m pale avè l … m bezwen pale avè l pou m mande l si se ou li voye pou mwen an. M te mande l yon mennaj, yon bèl ti mennaj.

  - M pa kwè m ap jwenn li non a lè sa a. li nan reyinyon …. Organisation des affaires célestes yon bagay konsa !!! men si se mwen li ta voye vre ou t ap « déçue » ?

Li ri …. Ti dan l te byen fèt. Chak segond ki pase avè l m t ap tonbe damou plis.

  - Je dois avouer que tu n’es pas mal.

  - Pas mal … donc assez bien pour avoir une chance ?

  - Possible ….


         Yon machin kriswa vin ap pase, kè m bat fò m panse l ta prale …. Men li kite l ale.

  - Ou pa gen anyen ou t ap ajoute ?

  - Si se pou di… m chaje pawòl pou m di … men pwoblèm nan se kijan pou m chwazi bon mo yo.

  - Alors comme ça tu es un envoyé de Dieu ? ou pa timid ditou.

  - Byen okontrè …. M timid anpil. Menm mwen m sezi sa ki ap fèt la … si w pat okipe m m t ap endispoze lè konsa.

  - Depi kilè w ap suiv mwen menm ?

  - Depi premye fwa je m tonbe sou ou a …. ou te mete yon ti « jeans noir », yon ti mayo bleu, yon ti soulye plat epi linèt solèy. ou te penyen yon ti chou ke chwal jou sa a … Sa gen 3 mwa m kwè.

  - Mwen konn pran abiman sa vre wi. A vraie dire, mwen te remake w tou ... nou fè menm wout prèske chak jou pou nou al lekòl. Tu ne me laisses guère indifférente … Ou pa mal ditou. Ou gen bèl ti zye, yo te ka fè malè si w te byen itilize yo.

  - Ah bon !? merciiiii…. mwen ki te panse m toujou pase inapèsi nan lari a … antouka, m kontan ke w te remake m.

  - Ou konn fi pi entelijan ke gason nan sa a … Nan tout bagay dayè. Nou gade men nou fè kòmsi nou pa wè… M wè w e m pran tan pou m gade w. Kas ou toujou byen vise nan zòrèy ou, yon men nan pòch, lòt men an kenbe manch valiz la. Ou menm konn ap ri poukont ou … M te menm panse w manke yon demi fèy …. bilbòd !!!

  - Men koze … ou konn wè m vre !

  - E se kijan ou rele monsieur à qui il manque une feuille ?

  - …. Lolo pour les intimes !

  - On est déjà intimes alors…

  - Non, mais on va le devenir assez rapidement …. M kwè nan sa.

  - (li souke tèt li) Ou yon ti jan biza nan bon sans lan… Sa fè m anvi kontinye kotwaye w plis … Mwen ta renmen konnen sa k pral pase a.

  - Ah m kontan. M pwomèt ou m p ap desevwa w ... M ka gen nimewo w kounya Samoue ? N ap ka kontinye pale e konn lòt plis.

  - Ou twò prese Monsieur Lo ... Tu l’auras mon numéro mais se mwen ki pou deside ba ou li.


        Li kontinye bay lari a do l. Li fikse m pandan yon ti tan … Gade m soti nan pye rive nan tèt epi li di : “mwen pa pral fè anyen lakay mwen e pa gen kou demen. Ann gaye pou ti bout apremidi a. »


        Mwen pi wo pase l. Yon ti tèt, pa plis …. M atrap men l epi m depose yon ti bo sou men prensès la pandan m di l “ jis suiv mwen.”

Mwen pa di anyen ankò, m leve zye m pou m chèche yon taksi lage nou nan yon restoran, chans pou mwen m te gen yon ti kòb sou mwen jou sa a. Mwen kenbe men l, kè m kontan, m wè papiyon ap vole. Yon ti taksi vin ap pase….

  - Psst !!! psst !!! taksiii… M fè l jès pou li kanpe pou nou


Ala bagay se imajinasyon !!!


  - Psstt !


        Li rete yon machin kriswa epi li kouri monte li ale pandan ke je m pat sispann suiv li tout tan nou te kanpe a.


         Demen m ap pale avè l kanmèm. M espere konvèsasyon m te gen avè l nan imajinasyon m nan ap reyalize …. Fanm sa a se pou mwen li ye. M ap mete devwa m o pwòp … Demen si bondye vle


Demen vle pa vle …. Wè pa wè !!!


Men demen se te mèkredi….. mèkredi apre madi 12 janvye !!!



Inspiré d’une histoire vraie!!!

 
 
 

6 commentaires


jacquesganier2
11 févr. 2019

Misye touyem fret ak imajinasyn an

J'aime

daniellocadet
11 févr. 2019

Ohhhhh a mwen mouri frèt, m'panse misye se manje li pral manje fanm lan epoutan se nan imajinasyon vòlè a te ye

J'aime

snodovenhakeem7
10 févr. 2019

Rès lan ap tris, wi

J'aime

rubensjoseph
10 févr. 2019

Imajinasyonw al lwen Ti jèn

J'aime

alishademosthenes
10 févr. 2019

Right paller Avel pouw Ekri plis

J'aime

Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page