Bale Wouze
- Loritz Vernet
- 1 juin 2019
- 8 min de lecture
Dernière mise à jour : 8 juin 2019
"Bon, m fini lekòl. Wout la te long, anpil soufrans ak strès men jodi a m pare pou m kòmanse yon lòt chapit la. Pou m byen di nou, m pat konn kibò m prale, nan ki fakilte leta m ta lage kò m. M pa t twò panse sou sa non plis... Antouka, m ap eseye antre nan yon fakilte leta se la m ap ka ale, se la djakout granmoun yo ka rive tou."
M degaje m enskri, konpoze men m echwe tout kote m ale. Finalman, m jere yon PAF. Yon ane aprè, m pran yon chans ankò, anyen pa mache... M pa anvi fè yon lòt ane chita, fòk m chèche yon aktivite pou m fè. Grate santi pa bay. M deside antre nan lapolis menm si paran m pa t dakò. M fèmen nan akademi, antrene kou bèt malgre mwayen yo fèb, mal dòmi , mal manje . M gradye ak mansyon spesyal, m kontan. M jwenn anpil respè, nou konn kijan ayisyen trete chèf deja. M se yon otorite kounya m pral mete lòd nan dezòd. Kòmandan Bob se non an, men bon non m se Roberto Alnéus. Tout moun sou katye a montre m yo apresye sa e y ap mache avè m. Sa fè m plezi.
Lè nou fèk soti, yo voye nou al fè pòs nan lari a, anba solèy cho pòtoprens la. Ti bout zam nou gen nan men nou an konn pa menm chaje men m konn reyalite a deja. Se yon djòb sèkèy m ap fè la a. Nenpòt moman, yon sanzave ka pase epi simen katouch sou nou. Nou rete vijilan, se travay nou n ap fè, popilasyon an bezwen sèvis nou. Nou 5 konn ap fè pòs nan yon pwen fiks men se ak Frank m te pi alèz, nou te kwaze nan akademi an epi nou tou vin zanmi . Nou pa t konn si nou t ap antre nan menm inite men nou te vle sa anpil. Nou fè 6 mwa ap fè pòs nan lari a avan yo entegre m nan CIMO. Frank te toujou rete nan krèm e ble a li menm.
M adapte m rapid, m antre nan inite a tankou m te toujou la. Depi yon kote cho, yo rele nou vin mete lòd. Yon fwa, yo depeche nou al bay bakòp jis Mibalè, se yon jou m p ap janm bliye ... yon machin polis frape yon chofè moto devan komisarya a, popilasyon an fache yo kòmanse fè dezòd. Tousuit, yo rele katye jeneral pou vin bay konkou. 2 pikòp chaje jèn gason ame jouk nan dan pran wout la. Ak pil sirèn nou, n ap file san nou pa t konnen si popilasyon an t ap vin kwape nou nan wout. Kou nou rive nan ren mòn kabrit, yon lapli wòch di nou bonjou. Tout nèg plonje atè pou abrite yo. Moun yo monte nan raje a ap simen wòch anba, woule gwo manman wòch ak lòt debri. Nou riposte pou fè yo kouri men yo te motive, se atò yo lage bisuit leta sou nou. Ayisyen bon nan wòch li anpil, nou tande galèt yo k ap frape nan bak machin nan tikow tikow ou pa ta di se pòpkòn k ap pete nan chodyè, epi mas pèp la anlè l ap rele we we we we. Nou antrene pou sitiyasyon sa yo, nou bay repons. Nou te gen gaz, nou sèvi yo kèk anlè a, kote wòch yo soti a nou tire la. m met galil la sou otomatik, chak rafal 5 katouch pati, yo pa gentan pou menm bese pran wòch ankò. M p ap ba nou manti, m tire a wotèdòm paske la a vre sitiyasyon an pat fasil. Ou tande katouch yo k ap fann fèy bwa yo chak fwa nou tire. San m bouyi nan venn mwen jou sa a. Apre yon ti tan, nou pase epi rive kote nou prale a, popilasyon an te gentan boule 2 machin polis epi barikade tout wout la. Lè tout bagay frèt, nou retounen pòtoprens...
Se pa sa m te reve ye, men m vin aprann renmen l malgre tout difikilte. Gen jou bon gen jou pa bon. Move grenn yo la e yo pi plis. Frè nou tonbe tanzantan. Yon jou m aprann yon move nouvèl: Frank, zanmi m nan te tonbe. Bagay sa a ravaje m jouk nan zantray. Li t ap fè yon kontwòl, yon bandi sou moto tire l nan kou epi eseye sove. Lòt polisye ki te la yo riposte, vakabon an pa gentan chape poul li, li pran yon katouch nan senti epi li tonbe. Nou pran l vivan. Nan entèwogatwa li di se paske li te gen zam sou li, li pa t vle yo kenbe l. Chaplèt fè l pale tankou jako e se lè sa a nou vin aprann li se manm yon gang yon sèten Trankil ap dirije. Anpil enfòmasyon tonbe. Telefòn li gen foto rès nèg yo. Se la Operasyon Bale-wouze a vin mete pye. Lapolis te fè entèvansyon nan zòn sa a deja.
Se mwen ki te al nan reperaj, nou bay yon chofè kamyonèt yon ti kòb pou dezèdtan epi m pran machin nan al gad si nou ka jwenn plis detay. M konn kot baz la ye, m gen foto nèg yo ak non yo. M te motive, m te dwe Frank sa a omwen. Kou m rive, m idantifye 3 chèf yo rapid : Romario alias OnFwa, Jameson alias Pwennfèpa epi Danielo alias Trankil. Yo t ap jwe domino devan yon boutik, m desann zam mwen sou mwen al ht kola. M salue yo:
"kòman nou ye? n ap kole de zo la a mesye".
Danielo reponn : "ah ou konnen, m ap met prensip sou 2 piti la a".
Twa bal: BAW... BAW... BAW youn pa gentan rale epi m ale... sa pase nan tèt mwen men se pa objektif la sa pou jodi a. M tande yo k ap pale, m suiv konvèsasyon an. Se twa jèn tankou m, nou te ka kamarad men pou yon rezon oubyen yon lòt yo anfas mwen. Byen pa mache san mal. Yon jou kou jodi a nou gen pou n afwonte ap gen yon -1 nan lis lavi a. Apre yon bon 15 minit, m deplase m antre nan baz. Fòk atak la te byen kowòdone, se pa jwèt k ap fèt. Ou ka peye nenpòt ti erè kach. Daprè sa Ti piman di n, se te yo 15 e yo gen zam nan men yo. Li menm eksplike nou yon kidnapping yo te fè sou yon demwazèl. Tout aksyon gen konsekans, e nou menm lapolis se konsekans lan. Operasyon bale-wouze a te fin pare, plan an te byen monte. Yon samdi maten bonè bonè n ap atake.
Lavèy, m sonje m pa dòmi tèlman m t ap panse. Pou janm tizè ji kowosòl, yo banm yon gwo tenbal m di m ap gentan pran l m fè mete l nan frizè pou l fè krèm. Avan m soti demen, m fè yon ti priyè epi m lage cha a, m pa di moun yo anyen. M sèlman gade kay la avan m ale, gendwa se dènye fwa m ap wè l.
Yon senkantèn ajan CIMO te mobilize pou jou a san konte lòt inite ki t ap ba nou koutmen. Nou fè de gwoup 15 nèg, byen ame, kagoule nan 2 kamyon ki konn transpòte chabon. Toutè p ap gentan avèti pèsonn. 2 machin yo separe nan wout, n ap kanpe a yon 50 mèt de baz la, youn anlè, youn anba pou n toufe yo. Depi nou rive, rès nèg yo ap ansèkle zòn nan nèt menm foumi p ap ka gouye. Tout pandan m anndan kamyon an, m pa t sispann panse ak ti ji kowosòl la, m ka pa janm bwè bagay konsa ankò si m pa janm antre. Se pa rèv sa a m te fè pou tèt mwen lè m te piti. M an kòlè, m strese... Nou youn pa pale ak lòt, chak moun ap panse.
Machin nou te ye a rive avan, li klaksonnen... lòt la rive aprè, li klaksonnen tou epi nou deplwaye. Mwen ak nèg mwen yo vin ap parèt anfas baz la pandan lòt nèg yo pase nan yon koridò pou yo vin kontre nou. Nòmalman tout baz la te sipoze la nou t ap pran tout yon sèl kou. Baryè a te ouvè. Nou antre floup, nou jwenn 2 nèg sèlman. Yo ta pral fè spageti. Sa pa fè anyen, - 2. Rete 12 kounya. Nou fouke yo, fouye kay la nou pa jwenn anyen serye, sèlman zam ki te sou yo nan moman an. Nou pran yo pou soti avèk yo, nan moman y ap parèt tèt yo konsa, yon rafal katouch pati. Trankil te maske ak nèg li yo nan yon kay ki anfas la ki gen yon pakin. M pa pase lwen lanmò a, gen nèg sou kote m ki pran bal, twa blese, de mò; epi 2 nèg nou te kenbe yo sove nan men nou ak tout minòt plastik la. Pa gen jwèt kounya a, nèg yo pa jan nou te panse a. Yo pare pou nou. M pa kwè sa ap fini byen. Lè yon bout vyann gate, pa gen chwa fòk li koupe... Nou kite blese a tounen maleng e "Si Maleng nan ap fè w tiz, pa fèmen je w di w okipe" se aji pou w aji.
Nèg yo pran machin ak moto pou sove men zòn nan te fèmen, yo ansèkle l nèt. Lè yo rive pi devan, yo tire sou nèg yo, yo repliye sou nou men nou t ap tann yo. Yo vin nan mitan, yo byen sène. Nou gen zam e nou gen minisyon. Nou pale ak yo nan yon megafòn pou yo depoze zam epi avanse men anlè nou ba yo de minit pou fè sa men yo pa t deside obeyi. OnFwa di l ta pito mouri tan pou l al nan prizon. Hmm.
Tanzantan yo tire pou nou pa pwoche, men sa nou pa t konnen, kote yo kache a gen yon tou rego ki al debouche anba yon gwo bis jòn tou pre nou an. Nou sèvi yo yon ti gaz epi nou tonbe tire pa rafal pandan n ap avanse sou yo, lè n rive tou pre yo gaye, sa ki fè agoch, sa ki fè adwat. Bal chante kou rosiyòl RATATATATA POW POW.... M konte 9 kò atè a, genyen ki poko fin mouri, nou kite lanmò fè sa l ap fè a. M pa konn sa pou m te santi nan moman, m pa t konn si pou m te santi m delivre oubyen tonbe kriye. Men... Tann mwen se 14 nèg wi kote lòt 5 yo??
- Mesye!! mesye!! rete 5 nèg...
Pandan nou t ap avanse sou yo a: Trankil, Pwennfèpa, OnFwa ak 2 lòt nèg te pase nan tou rego a epi al kache anba bis la, yo tann kou nou ale pou yo sove. Se tande nou tande katouch tire, te gen 3 polisye ki te rete ak patizan nou yo ki te pran bal yo. Yo vide yo atè epi yo pase sou yon teren football pa dèyè a. Teren an yon bèl longè mesye yo potko fin kite l, nou gentan tounen, nou tire sou yo, 2 nan yo tonbe vin rete 3 chèf yo. OnFwa pran bal nan pye, l ap bwete li mete bouch zam li dèyè pou l tire sou nou, Trankil tonbe tire tou, se yon zam otomatik ki nan men l, Pwennfèpa ede OnFwa kanpe. Yon bakòp pase pa dèyè pandan afwontman an epi vide tou le 3 atè.
Kadav 14 jèn gason ap naje nan san yo, figi yo maske. Yo Se enkoni, sosyete a pa t konnen yo e li p ap janm konnen yo, li ba yo non bandi malgre se li ki kreye yo.
M vanje Franck, M ap antre lakay mwen swadizan misyon akonpli, men m pa fyè.
yon gwo pwa sot sou zepòl mwen, M ale, m anvi wè moun lakay mwen epi ti ji kowosòl mwen ap tann mwen, li fè krèm alèkile.
M fin pwoteje ak sèvi pou jounen an.
Mw kontan ou antre bwè ti ji korosol ou frè
wouw gade yon tansyon map imajine chak pawol se komsi mw sou teren an nan misyon ak neg yo