Bonjou-Pwèl
- Loritz Vernet
- 14 juil. 2019
- 5 min de lecture
Tout bagay nan peyi sa a se pwoblèm. Menm sèks ki se youn nan lwazi nou rete isit, li gen yon strès ki mache avè l sitou pou gason. Fason nou pale de sa fè l parèt tankou yon gwo egzamen, yon match bòks kote ou dwe met advèsè a atè pou l pa ka kanpe.
Pou mwen, li pa konsa men se pito de moun ki met ansanm ki ap chèche plezi. Se yon bezwen li ye, si pou ou satisfè l, fòk sa fèt byen. Yon lòt bò, anpil ayisyen panse sèks se yon pakèt afè, yo toujou anvi konnen kiyès ki kouche ak kiyès pou yo pale. Lespri nou mare toujou. Anfen, pito se nou. Se medam yo ki plis viktim nan koze sa a, anpil nan yo pa "emansipe", yo fèmen e pè eksprime yo. Li difisil pou w jwenn yon fi mache sou yon gason pou li di l li anvi l menm si se mennaj li. Se lè w rive sou kabann avè l w ap wè nan ki nivo li te anvi w. N ap viv nan yon ipokrizi ki pa nesesè nan mete baryè ki pa gen plas yo ...
Fonksyònman popilè a aji sou mwen kòm endividi. Si m pral nan rapò fi ak gason ak yon moun m toujou ap prepare m mantalman pou m byen pase. M pa ka pòv, lèd epi pou m pa gen bann ak andirans met sou li; non sa pa dwe fèt... M sonje premye fwa m fè yon bonjou-pwèl, m te mande mouri. Sezisman an te anpil nan kò m. Yon demwazèl m te rankontre anba lavil pandan m t ap sot nan kou; Rega nou te kwaze, lyen etabli, nou fè ti pale epi nou te rive pran kontak youn lòt. Nou te fè yon bann tan zanmi epi nou vin deside kouche ansanm. Nou pran randevou epi mwen m prepare m: achte ti pòm, ti doritos mete la paske m te vle pou sa te bèl. Tout bagay te pare. Lè ti kòmè a vini, nou manje, pale, nou kouche ap gad ti video nou trankil, l ap chante, l ap souke kò l. Mwen m rete bò kote l, m ap ri, m bande prèt pou eklate m ap imajine sa m pral fè l. M veye l m bo l epi nou kòmanse fè lanmou. Li te tèlman bèl devan m anfen... ti vant li, pannta ki te sou li a tout sa t ap mete dife sou mwen. Lè m pare pou kòmanse, m mete ti kapòt mwen epi m penetre, apèn si m fè 7 gouyad edmi epi m bay ti dlo a. Mezanmi, m mouri. Jan tout bagay te byen kòmanse epi se konsa m vin fè lèd la a? M swe pa fòs... epi m tèlman wont! Li gade m li di m: “ou gentan vini ? O o! m sezi". M reponn : se pa anyen non, n ap rebalanse. Men nan tèt pa m m t ap poze anpil kesyon. M te demotive rapid. Moun nan peye kòb machin abiye byen fre vin wè w epi se sa a w remèt. Wè monchè!! M rekouche bò kote l, m pa di anyen. Sa m ta pral di tou? Ki eskiz pou m ta bay? Tan an te mare, epi lapli pa tonbe. Nou te rekòmanse vre apre men se pat menm bagay la, panik fè m pa ret bande lontan. Kèt...
Li te ale lakay li san nou pa pale de sa, m tante mande eskiz men sa k fèt la fèt nèt "m voye kaka likid". Hmm!! M pa konn kisa ki t ap pase nan tèt li aprè sa men bò kote pa m se te yon goudougoudou. M monte sou Google al gade kisa ki ka lakoz yon bagay konsa... m chèche ki aliman ki bay bann, achte vitamin eseye manje pi byen. Sa te ban m pwoblèm anpil m konn ap ri epi sa pase nan tèt mwen, m pe !! Ti vwa nan tèt mwen an pa t manke pale avè m" ou pa fouti fè 2 minit sou yon fi epi w ap ouvè kò w, espès de mal papay". E si sa suiv mwen pou rès lavi m? Pou medam yo ap joure m pa itil, ah m genlè ap ret kay manman m m fini ak sa.
Men se yon bagay nòmal, pafwa se bonjou-pwèl la ki vini. Se pa sa n ta vle men se sa ki rive. Isit nou panse se lafen dimond!!! Sa rive tout tan, sa ka poko rive w men sa ap vini, pèsonn pa epanye. Nou pa wobo, gen de jou kalkilatris nou ap afiche 2 + 2 = 0770.
Dènyeman yon zanmi vin kote m byen ta, m panse se kèk ijans li genyen fason li t ap pale a epi se yon bèk atè li te sot fè.
- Monchè m pa konprann mwen menm non
- Sa k pase?
- Ti fanm mwen an sot vin la a epi nou t ap enndjòy nou, m wè m voye rapid, fay minit.
- Si w te fè twòp tan ou pa t nan aktivite, nivo a ka bese wi, sa ka rive.
- M te wè w gen luil fwadmori la a, poukisa li bon?
- Bon m pa twò konnen non men m pran l ...
- antouka, m ap pran enpe ladann, si w gen lòt ti siwo, ti vitamin, m ap pran tou ou pa janm konnen. Fòk metabolism mwen kòrèk, kapab se yon karans kelkonk...
Tout lè n ap pale a, n ap ri paske wi, bagay la komik. Nivo gason nou menase.
... M te pèdi kontak demwazèl la e mwen m te vle repare erè a. Yon bon senkan pase, nou vin kwaze ankò. M mande match retou, li aksepte. Men pandan tout tan sa yo, li te chanje, nan vwa moun yo li " glow up" li tounen papiyon : plizyè zanno, tatwaj elatriye. M pa fè gwo preparasyon fwa sa a, li vini, li enstale li byen konfòtab. Se fanm ki renmen ti mizik li, m kite l chwazi sa l vle tande : - Ou gen sigarèt? - Non, m pa fimen... achte pou ou? - mèwi M kouri al dèyè l, lè m tounen m jwenn li gentan dezabiye l, sèl kilòt li ki sou li. M imite l, m debarase m de rad mwen tou... li fin fimen, li etenn sigarèt la nan pòch telefòn nan.
M te gen randevou avèk listwa, m pa vle anreta. M pran san m pou m fè lanmou avè l malgre vye panse yo te la. Finalman, sa te byen pase, m vire l nan tout sans tankou se pat sou tab patisye, se pa bonjou m di pwèl yo fwa sa a, m mande yo pou tout fanmi yo e menm ofri yo kafe. Anfen, m te efase wont sa a. M te delivre, ou pa ta di se yon tou nen ou te genyen ki bouche epi li debouche. M ka frape lestomak katon m nan kounya, m pa yon pa itil, ipokrit yo sezi!! Sa ka rive ou pèdi yon konba, pyès moun pa pafè. Lè w tonbe fòk ou leve.
Li te satisfè. Batri m pa okside gras bondye.
Pandan m sonje sa a, si gen yon lòt moun ki pa t satisfè li mèt pase fè reklamasyon. M ap ranbouse l.
Bonjou Pwèl, e kò a? Rès fanmi an anfòm? W ap bwè kafe? Gen chokola tou wi si w vle...
Comments