Chorus
- Loritz Vernet
- 25 févr. 2019
- 7 min de lecture
Dernière mise à jour : 8 déc. 2022
... Isabelle te fè kòmsi li pa tande m men m te pèsiste.
- Babe! C'est qui Kenley?
- Kenley?
- Wi, Kenley! Ou site non l talè a nan yon alsiyis.
Li te kouche, li leve chita sou kabann nan. Li t ap chèche mo pou l reponn petèt. M pa konn si se alkòl la men m te byen trankil, m pa t ni sezi ni fache. Kondisyon yo te klè ant nou de a depi nan kòmansman : no attach! Lavi santimantal Isabelle pa te pi byen pase sa avan nou te kwaze... Li te pran kèk baf nan men lanmou avan sa, yon relasyon ofisyèl se pa sa li te vle. M te dakò pou n ansanm ak sèl kondisyon pou li te mete m okouran sou nenpòt ti chanjman. Jan m dekouvri koze sa a pa t bèl ditou.
- Ou mèt pale avè m chouchou, ou konn ou ka di m tout bagay. Relasyon nou pèmèt sa ... Li voye rega l byen lwen avan l reponn :
- Kenley se yon ti tonton m kwaze sa pa gen lontan. Nou vin pwòch epi ... Ou konnen...
- Ou bay Kenley nan bagay mwen an?
- Nan ki bagay ou sa? ou gen yon bagay?
- poze! Se ranse m ap ranse ... Nou fè l?
- Wi men ... Ou avè l tèlman sanble! Se yon lòt ou menm faktori lavi fabrike. M kwè n ap antann nou san pwoblèm.
- Banm wè foto l...
Li montre m kèk foto. Nou pa sanble fizikman men ou tou wè zanmi an se yon mouton asasen. M pa t ka anpeche m konpare m avè l.
- Cheri, nou pa rete anpil tan ... ann al benyen.
M retire menòt ki te nan men l lan epi m mete l nan valiz mwen. Nou pran chimen douch la. M verifye tanperati dlo a avan m antre, li menm li te gentan anndan lontan sa. M mete yon pye avan, li rale m vin jwenn li. Li pranm nan bra l:
- Ou fache ak manmi, Lolo?
- Mon moi saoul n'est pas fâché. Attendons demain pour savoir ce qu'il en est. Epi... Pandan m ap pale, Isabelle glise desann. Li mete piwouli m nan bouch li epi l kòmanse onore l.

M fèmen de je m, tèt mwen kage dèyè, souf mwen kout. M kite l fè yon bon ti tan epi m chanje etap, m fè l kanpe mete pye l sou wobinè douch la pou m fè twalèt de ba l ak lang mwen. Li te kenbe tèt mwen pandan l ap gouye e mwen, m te kenbe de bò anch li. Yon minit, de minit, m kanbe pou m bo l pandan twazyèm dwèt mwen ap fè travay li. Dlo a t ap koule tou piti, ou ta di se lapli k ap tonbe. Yon sèl kou, Isabelle vire, li plake de men l nan mi douch la epi l envite m tire koufran an nan kan vid la. Pa t gen gadyen. Tan ap pase, kò n ap degaje enèji, m ap ba l chaj, l ap pran chaj... Rive yon lè nou kanpe sèk. Lè a rive sou nou, e m pa kwè m t ap rive bay ti ji a. Nou youn benyen lòt, nou abiye n byen rapid, fè yon dènye bo epi nou ale.
M mete l nan machin avan, aprè m pran moto pou m rantre lakay. Li te rive avan m, e li te ekri m:
- Je suis arrivée mon chou!!! Joyeux anniversaire encore une fois... M espere ou p ap kenbe m nan kè pou sa ki pase jodi a, on en reparlera demain. Promis.
- Pa enkyete w bèl bebe de la ville! Merci pour ce bon moment. M te vreman enjoy. Bisous!!!
Gwòg la t ap malmennen m, m monte kabann mwen byen rapid epi dòmi ale avè m. M leve ta nan demen ... Twò ta pou m al legliz jan m te vle sa. M fè yon ti lapriyè, m konkli l ak yon onondipè epi m leve al pran yon ti solèy sou do kay la. M tcheke telefòn mwen, Isa te ekri m: "Bonjour BG (beau gosse), réveille-toi pou w al legliz".
M te reponn: "Bonjou ti doudou, m pa ale legliz maten an, m leve twò ta. Lòt dimanch petèt. Ou anfòm?"
Li vin reponn a midi, li te ale legliz li menm: "Hey, je viens de rentrer... M pat la , m te ale legliz ak manmi.
- Ah ok! Et tu as prié pour moi?
- Oui, ou toujou nan priyè m babe. Au fait, je n'ai pas oublié qu'on devait parler de tu sais quoi...
- Ouii, c'est vrai... Je t’écoute!
- Avant tout, m ekskize m pou sa ki pase a e m espere w ap padone m!!!
- Ca va ça va .... Nou pa gen pwoblèm!!!
M panse se pi bon repons m te ka ba li tou etan done relasyon m genyen avè l la epi m pa t ap janm chwazi fè diskisyon pou sa. Il faut dire que j'ai commencé ma carrière en tant que sexfriend kidonk m ka jere ti sa a.
- Ou renmen l?
- Disons que san m ale avè l .... menm jan an pou ou.
- E li okouran pou mwen avè w?
- Non!!
- Ok
Hmm!! ala koze papa!! M te fè yon ti jalouzi tou piti men m te kenbe l pou mwen. Gen yon lòt foumi nan zòn nan ... Men sa pat anpeche nou kontinye pale, mwen ak Isabelle. Nou pat nan kont.
Men kote sa ta pral bèl la se lè mwen ak Kenley ta pral kwaze anviwon de semèn aprè. Mwen ak yon zanmi m te sipoze rankontre nan yon restoran apre pou n te monte lakay. M te rive avan l epi m te gentan kòmande kèk bagay pou n pote pou manje . Yo te gentan sèvi m epi m te chita sou yon tab ap tann Iris, se konsa li te rele. Kas mwen nan zòrèy mwen m t ap tande mizik m te bay pòt antre a do. Isabelle ak Kenley te vin chita sou tab dèyè m nan. Kenley te chita do pou do avè m. M resevwa apèl Iris, li te devan an.. M di l antre epi m vire pou m al akeyi l, je m tonbe nan je Isabelle !! M te yon ti jan sote men kòm m te wè li akonpanye m salue l rapidman:
- Oh ! Kòman w ye Isabelle? M bo l epi m lonje men bay zanmi an " Anfòm brother? M pat menm pran san m gade kiyès
- Bonjour Lolo!! Sa w ap fè la? Je te présente Kenley (li tou fè m yon clin d'oeil)
- Enchanté frè m..
- Anfòm... Isa, m ap vini, m pral chèche yon moun devan an!!
Nan menm moman an, Iris antre. Se premye fwa n ap wè ... Li banm yon akolad byen cho epi nou retounen chita. M potko kòmande bwason pou yo pat fin cho. Isabelle t ap gade... M te chita sou menm tab la menm te bay Isa fas kounya a.
Menm si m t ap kontanple Iris, m pat ka anpeche m santi pwa rega Isabelle sou mwen. Yon ti rega koupab, melanje ak jalouzi ki gen yon ti gou move san. Mwen te santi li pat nan nòmal li, li te panike. M pat kont Isabelle, Iris se yon bèl grenn fanm e jou sa a li te sou pik li: li te abiye senp men li te toujou rete atirant.

Nou te fè yon ti chita tou piti pou n fè yon ti pale. Yon bon senk minit pase, epi Iris di:" Alors on y va? Se lakay ou nou te gen randevou ann ale avan manje m nan frèt, sinon m ap mouri sou kont ou".
M kouri achte bwason m t ap pran yo , ranje ti sachè yo epi leve pou n ale. M pase di Isabelle orevwa, m bay Kenley yon lanmen "blòdè" epi ale. Lè m rive lakay Isabelle te kite 5 mesaj pou pi piti:
- 1) Hmmm
2) Mèwi
3) Anyen m p ap di w!
- Hey Isa!!! Tu vas bien? Sa w ap di konsa?
- Ki Fanm sa a??
- Kenlina. lol.... !!! C'est une amie, son nom est Iris ... li pral pati definitivman nou pat janm wè fasafas kidonk nou fè sa jodi a.
- Li vin bay yon "PLUMEN" d'adieu, c'est bien
- Nou pat janm pale de sa, m pa janm fè apwòch la. Se yon zanmi m renmen anpil... men si jamais le courant passe on va s'allumer comme deux lampadaires!! Talè, ou genlè ap fè jalousie!? - Daprè ou!?
- Iris se yon bèl fanm... ou ka wè sa tou, se nòmal pou santi w menase men pa enkyete w, jis sonje ti pawòl "chodyè ize / chodyè nèf la"
- Oooohhh!!! Sa vle di m ize kounya?
- Bebi, se jis yon imaj.... bon ok padon. Ann kite sa, n ap retounen sou sa pita tu es d'accord??
- Mèwi, w ap kouri dèyè m pou w al "plumen"!!!
- Lol!! apa w ak Kenley... al "plumen" tou.... comme ça chacun aura son "kina"
-Hmm!
- A plus Isa mi amor...
M depoze telefòn nan la pou m al bay iris tout tan l. Li te deplase vin wè m e fòk m te bay sa konsiderasyon. Epitou m pat vle nan kont ak Isabelle pou anyen. Lè Iris ale, m pran telefòn nan , Isabelle te kite mesaj pou mwen:
- M pa gen pwoblèm avè w non, pa gen pwoblèm!!! Nou menm gason se pwofitè nou ye. Ou te jwenn piyay epi w pwofite. M fini avè w"
M eseye rele l. Li te bloke m... Mwen tante ekri l, menm penpenp lan. M te poze, m konnen li t ap kalme l epi li t ap kontakte m. Men pou jis jounen jodi a m pa janm tande l. M kwè li kite peyi a ... li miami kounya!! E se konsa, chimen mwen ak Isabelle te separe.
Pou mwen, sa te klè se Kenley li prefere, kopi ou pa. li pwoteje l nan yon sans lè li pa di l anyen sou nou. Men se mwen ki pase pou mechan...
Entre nous, c’était une collaboration horizontale mais elle avait décidé de prendre la tangente. Toujou gen youn ki pou gate sa nan yon relasyon "sexfriend" e ka sa a se te Isabelle.
Ke Kenley jere sa!!! se li ki kòmandan kounya...
Veuillez lire "Chorus 2 " sur ce lien 👇🏿👇🏿
Et la réponse d'Isabelle " mwen vle nou" sur ce lien : 👇🏿👇🏿https://www.wattpad.com/745183517-mwen-vle-nou
😀😀😀😀
Isabelle se fanm kafou fèy kanmèm🤣🤣
Ala manzè Isa gen sou li papa 🤣🤣🤣M panse se Lolo ki tap fè lèd wi.Bèbèl pa gen kè