Dènye Dans
- Loritz Vernet
- 27 avr. 2020
- 10 min de lecture
Dernière mise à jour : 18 mai 2020
Lavi tankou yon istwa k ap rakonte kijan w ap mouri. Tout bagay fini la, tout sa w fè, tout sa w reyalize ap mennen w nan jou sa kanmèm, se yon pasaj oblije. Moun ou ye a pa enpòtan, dayè pa gen VIP devan lanmò, tout moun peye menm montan an. Anyen pa vin pou l rete, tout sa ki sou latè ap deperi, sèl Bondye ki etènèl. E si toutfwa ou pa travèse natirèlman, lèzòm ap ede w kanmèm.
M konn yon nèg ki te rele Jacob, jèn gason byen pòtan, ki t a p viv nan kay ak madanm li Célimène nan léogâne. Se te yon nèg nou te ka di Bondye te beni tèlman tout sa l te manyen te tounen lò, tout sa l te antreprann te bay fwi. Karism li te fè moun enterese tande l lè l ap pale, sa te fè l parèt yon lidè natirèlman. Sitiyasyon sa a pa t manke pa kreye jalouzi nan antouraj li. Nou konn kijan lèzòm ye déjà, yo gen difikilte pou yo aksepte yon moun bò kote yo k ap briye, yo ka rayi w pou menm pete nan dèyè w.
Jacob ak madanm li pa t gen pitit, men yo te dezire gen youn ak tout fòs yo. Yo te mache kay doktè pou jwenn solisyon, yo te ale kay ougan tou men anyen pa t mache. Sa pa t dekouraje yo nan lit la non plis , mesyedam yo pa t sispann eseye. Ougan an te di yo, y ap gen pitit men se apre yon gwo evenman, san chèche pi lwen, yo te kanpe la ap tann jou delivrans lan.
Célimène te konn vann manje kuit nan kafou lakay li a, biznis la t ap mache byen, manje a te fè non l nan tout vil la. Jacob li menm te gen jaden li men, prensipal aktivite ki te ba l kòb se te gagè, li te konn bat kòk. Se gras ak sa, li te arive bati yon bèl kay pou li ak madanm li. Li te gen yon kòk li te rele l « sibòg » tèlman sa pa t manje anyen ki frèt, se pa vini w ki pou sove w. Moun te konn soti tout kote vin gade mèvèy sa a. Sa te konn rive Jacob fè sibòg fè 3 konba nan yon apremidi, se nèg ki te renmen foutbòl, li te konn rele sa « lé kou di chapo ». Plizyè fwa, li resevwa gwo òf pou l ta vann kòk la, se kout 3 mil, 5 mil, 7 mil dola. Jacob te toujou refize paske pou li, Sibòg te fè pati fanmi an e pa gen moun tèt dwat ki t ap bay piyay sa a. Bagay sa a te kreye fristrasyon, konpayèl li yo pa t manke pa teste l : kout poud, lanmen monte elatriye … men sa pa t bay okenn rezilta. Jacob t ap viv léogâne men se nèg lavale latibonit li te ye, li te gen bwa dèyè bannann li, enmi an te toujou monte sou resif. Sèl bagay, li pa t konnen kisa ki te kache dèyè jalouzi sa a, si se pou sa li te posede, siksè li nan mouvman gagè a oubyen si se pou madanm li ki te yon bèl grenn fanm byen bati, koulè kayimit, cheve founi epi men chay bouda l. Sa te fè Jacob pridan nan frekantasyon l.
Malgre ti pwoblèm fè pitit koup la te genyen, sa pa t anpeche yo te byen viv. Sa te konn rive ou wè Célimène tris, enkyetid li se te plis pou laj li li te wè ki kòmanse monte epi li wè li poko manman men Jacob te toujou la pou konsole l. Yo te modèl nan sans sa a, se te kout cheri doudou amou tout lajounen. Jacob te gate madanm li kòmsadwa.
Célimène te gen bon tèt, pafwa li te konn fè ti kòb nan bòlèt men rèv li te kòmanse ap fè dènye tan sa yo te dwòl anpil, se pa t rèv bòlèt men pito avètisman. Li pa t mete Jacob okouran, li t ap suiv toujou pou l te konnen de ki prevyen.
Nan zòn kote yo te rete a, chak ane nan menm peryòd la, jen – jiyè, yo te konn òganize yon ti fèt ki konn dire 3 jou (vandredi, samdi, dimanch), lè konsa yo envite djaz vin jwe, anpil moun reyini pou pran plezi, e sa fè yon ti diplis pou ekonomi lokal la. Se nan moman sa a menm, rèv Célimène yo te vin pi mabyal. Gen yon jou swa, li reveye tou cho tou bouke, l ap tranble, li chita sou kabann nan, li anlase yon zòrye, Jacob t ap dòmi li menm. Rèv la sanble pa t piti ditou. Nan demen, lè li leve, li fin sèvi mari l kafe epi li chita anfas li, ranmase ke rad li foure nan mitan janm li
- Sa w genyen cheri ? kisa k ap trakase w ? depi lotrejou m pa konprann ou… si se pou timoun nan, pa bay tèt ou pwoblèm, n ap travèse eprèv sa a kanmèm.
- Non cheri, se pa sa…
- Ebyen pale avè m non manman lavi m, fanm dous mwen
- Sa gen kèk tan depi m ap fè yon seri kochma, sa domine m anpil Ja. Sa m wè yo vle di gen yon bagay ki pral pase, m pa konn sa l ye men fòk nou vinn pi vijilan.
- Sa w wè Selou ?
- Se toujou menm imaj yo a chak fwa, m wè m gen yon ti bebe sou ponyèt mwen, m ap pase devan kay Berilis la anba a, m tande tanbou ap bat epi moun yo ap chante, epi yon lòt ti kadè m wè se nan mitan jaden nou an m ye ak ti bebe a, yon tèt mò atè a epi yon bann je ap fikse m. Rèv la toujou fini la epi lè m leve m pa janm sonje pawòl chante a. Yèswa, sa te tèlman fò m panse se pou tout bon.
- ho ho !!!! Sa pawòl sa yo vle di jezi ?
- Antouka, Ja cheri, ane sa a, fè madanm ou plezi, pa al nan fèt la. M konnen ou renmen ti anbyans ou men fwa sa a, rete chita nan kay la, w a fete avè m pito.
Jacob rale yon soupi epi l di : "ok cheri, m ap rete avè w."
Jacob pa t fè tèt di, li te fè yon ti ralanti sou aktivite l yo epi bay jaden an plis tan. Se t ap premye fwa depi lè li vin abite nan zòn li t ap rate fèt la. Lè jou a rive, menm devan pòtay la li pa mete pye l, li ret fèmen anndan an, vandredi pase, samdi pase konsa. Men, an dimanch li te gen randevou ak yon monkonpè li pou yon afè biznis, li fin manje, benyen, li stat moto l epi li pran wout la, li te senkè nan apremidi konsa. Li sot kot monkonpè a byen pwòp, nan retounen li di ba l pase nan fèt la pou l achte yon ti fritay pote pou celimène, li te renmen sa. Plezi anbyans lan fè l pase plis tan toujou tèlman djaz ki t ap jwe a t ap bay plezi, li chèche yon ti kwen li apiye pou l suiv, li achte yon ti kèp asosi pou l detann li. Nan fè koudèy, je l al tonbe sou yon jenn fanm nan mitan foul la, li te remakab sitou ak sa li te sou li yo. Li te abiye tou deblan, alonj li ap bat sou do l.
Tout jèn gason se li yo t ap gade, y ap chui chui chui chui, y ap mande kiyès li ye, kote l soti. Sa ki te sèten, se pa t moun zòn nan, pa gen moun ki te rekonèt li, antouka li te prensipal atraksyon pwogram nan. Li te poukont li, yo ofri l bwè li pran, yo mande l danse li pa aksepte, jodi a fè twazyèm jou li vini e se toujou menm bagay la.
Jacob fin desann asosi a, li lokalize machann fritay la epi li ale pou l vire epi l tande yon vwa ki di l :
- Ofri m dans sa a non bèl gason!!!
Li vire gade, se te tidam li te wè a. Li gadeee epi li di :
- Pa gen pwoblèm non, ann fè de vire
De mesyedam yo avanse pi devan, epi yo danse. Demwazèl la pase men nan kou l, y ap balanse. Jacob pa eseye fè lakonvèsasyon, fi a te bèl vre men li pa t bezwen konn plis. Yo danse de mizik an tou, avan twazyèm nan rantre, Jacob di
- N ap kanpe la wi, fò m antre. Mèsi pou ti moman sa a
- Pa gen pwoblèm bèl gason, se mwen ki pou di w mèsi.
Li di sa ak yon bèl souri ki devwale yon ekip dan blanch kou koton. Jacob al kot machann nan li achte fritay la, li pran moto l epi li rantre lakay li. Nan menm swa sa a, gen yon seremoni ki deklare kay Berilis, li te gen abitid fè sa vre yon lè konsa. Fwa sa a, pyès moun potko dòmi. Tanbou t ap frape, moun t ap chante e kantite bri ki te genyen an te vle fè kwè anndan an te gen plis pase 15 moun.
Moun yo kòmanse chante : «♪♫ Pentad ooo, kontinye veye ou pa konn ki je k ap gade w, epis mechan yo pare y ap veye tonbe w, gen yon jou ki p ap pou ou, se dènye a ♪♫.... » pawòl yo te tankou pwent k ap tire.
Celimène reyalize se chante sa a li te konn tande nan rèv li yo, tousuit li teke Jacob
- Cheri, cheri men chante m konn tande nan rèv mwen an. Se li, se li.
- Anh ok dakò, pa okipe w de sa. Vin fè lanmou ak mari w avan w dòmi non.
Jacob tou pwofite de sitiyasyon an pou l apeze Celimène, yo pran tan yo pou yo fè sa. Souf yo te wo, sa pa t ba yo tan pou tande sa k ap pase nan seremoni an. Lè yo fini, Celi di:
- Sa k te pase w aswè a la a, sa fè lontan ou pa t mete pou mwen konsa, sa te manke m. M ap byen dòmi jodi a.
Jacob bo l sou fwon epi yo kouche yo dòmi.
Nan demen maten, tout nevè Jacob potko leve. Celimène li menm te gentan leve, regle divès bagay.
- talè, mouche sa a p ap leve jodi a ? Li vanse dizè wi, leve al benyen sibòg.
Jacob pa t reponn,lè Celimène al gade, li jwenn mari l cho kou dife anba yon lafyèv. Li kouri pase pa dèyè kay la, kase 2, 3 fèy pou li fè dite. Jacòb te vin pal pal. Lè fin bwè te a,li rale yon souf. De minit pa pase, li vomi.
- M pral fè yon ti soup pen ak fèy pou ou
- Mèsi, lage 2 grenn mayi devan sibòg pou mwen, lè m santi m kapab m a leve.
Jacob pase jounen an konsa ak yon kò kraze, l ap swe, se yon sèvyèt mouye Celimène pase sou li. Li dòmi epi li fè yon rèv, li wè l ap danse menm mizik li te danse nan pwogram nan, nan kòmansman se tidam nan li te wè, byen bèl, byen fre epi tank y ap danse l ap transfòme jiskaske li vin tounen yon zo mò ak yon chè sèch sou li, Jacob pantan nan dòmi an. Li vin konprann nan kisa li pran, se ak yon zonbi li te danse a, li te rale tout enèji li. Tout fòs li te abandone l, li te santi jou l rive, li pa t ret anpil tan. Li rele Celimène, mete l chita, li met tèt li sou janm li epi li rakonte l sa k pase a ak tout rèv la. Celi pa t ka kenbe dlo nan je l, Jacob te gen yon chèn nan kou l, li retire l, li mete l nan men Madanm li.
- Cheri, mete senti w nan tay ou. M pa la pou lontan. Pran chèn sa a, fè sa w konnen avè l. M pa t janm kwè nan fè moun mal men fwa sa a pa gen chwa.
- Ja, pa abandone m tanpri, sa m pral fè san ou ? Si w ale m ap suiv ou.
- Non, pa di sa… m ka pa la avè w fizikman men m ap la, m ap kite yon ti bout mwen.
- Hmmmm, pote m sekou letènèl…
- Pa kriye non, mare 4 min nan fwon w, ou nan batay Celi.
Nan demen, Jacob mouri. Celimèn kenbe, li pa kriye, li rale yon chemiz mari l li mare senti l. Mòg vini, yo ale avè l vwazinaj kanpe sou de ran ap gade : sa ki sezi, sa k ap kriye, sa ki kontan anba chal. Tan sa a, Celimène pran chèn nan ak rad ki te sou Jacob jou fèt la epi li pran mòn pou li.
Li debake kay ougan ki te di l li ap fè pitit kanmèm men se apre evenman an.
- Madanm, sa k mennen w la a ?
- Papa, m nan ka
- Kote mari w ?
- Se pou li m vin la a… wè sa w ka fè pou mwen.
Celimène eksplike ka a epi ougan an di l li mèt ale, pou l retounen apre antèman Jacob. Sou 2 semèn, fanmi an aranje yo, antèman fèt. Lè Celimène tounen kot ougan an, li lonje yon bokal pou li, li te gen yon likid yon ti jan sal li te prepare ak sann rad Jacob yo li te boule, nan fon bokal la te gen yon 5 kòb.
- Mete chèn nan nan kou w. Lè w rive lakay ou, rache 2 plim nan zèl kòk la, youn nan zèl dwat, yon lòt nan zèl goch plonje yo nan bokal la epi fèmen l. Lè w fini, w ap tann minui rive , w ap kraze bokal la kote w konn wè tèt mò nan rèv ou yo, pise sou li. Epi tann rezilta w madanm.
- Mèsi wi… m swete m jwenn jistis mwen.
- Ou mèt ale m di w… epi, kontwole w, ou ansent wi. W ap fè yon tifi.
Celimène pran tranble kou fèy bwa, li te kontan e li te tris an même tan.
- M ale wi.
- Bòn wout.
Jan sa te prevwa, Celimèn fè tout sa yo te di l yo epi li monte kabann li li kouche. De jou pa pase, moun kòmanse ap mouri. Mezi se î ki te patisipe nan dans lan, te mèt se gade yo te vin gade,yo tout pran mouri grenn pa grenn, chak semèn se yon antèman. Celimène al nan tout ak menm ti rad nwa li te antere Jacob la, yon rad manch long, chèn lò mari a nan kou l, yon chapo ak vwal, san pantalèt. Lè tout bagay fini, li boule l.

Anviwon 9 mwa apre, Celimène akouche, yon bèl tifi, li rele l « Célissa «. Ou te ka wè klè se pitit Jacob, ti pitit la te leve fontenn ak je papa a. Lapèn Céli te diminye, se te rèv li pou l te gen timoun men pou sa, li peye chè.
Se konsa istwa sa a fini, sou ti nòt sa a.
Par opposition au bien, le mal existe bel et bien. Il n’existe pas physiquement mais se trouve dans chacun de nous, se nou ki pou ki pou chwazi kiyès nan yo n ap bay plis fòs, menm si alafen n ap toujou pratike tou de.
Comments