top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

Josiane

Jeff se zanmi m, nou rekonèt lontan, m rele manman l Manmi Jeff. Nou nan menm inivèsite e nou pa ret twò lwen, an de tan twa mouvman m lakay li.          Semèn nan kòmanse an boulatcha pou Jeff... Mennaj li kite l epi Annette, dam k ap travay lakay li a pral andeyò paske manman l malad. Jeff p ap ka manje ni anlè, ni anba. Podyab!!! Manman l pa chita, se sòti granm maten epi rantre ta. Annette te di kou l rive, l ap fè yon moun vin kenbe pou li, l ap tounen lè manman l geri. Annette se moun okap, fanatik Septan, li pa janm p ap chante. Nou te fin abitye avè l, se te yon krèm fanm, pa janm nan pale anpil. Li nan kay la kèk tan e ale li ale a t ap kite yon gwo vid.      Mwen fòm te soutni misye nan ti pasaj sa a. Fanm li kite l, li te tris e fòk m te epole li menm si m pat renmen l pou misye. Se te yon "vermine à queue" estipid pase kisa... Zanmi an te tris men m konnen li t ap gen pou l kontan yon jou kanmèm. Ke ti vèmin, leve danse a chèche wout li.       M pat okouran de kilè moun ki t ap ranplase Annette la t ap debake, m pat rete sou sa tou. Alowè se kèk moun byen raz l ap voye. Men yon jou m deside al bay Jeff vizit, te gen kouran nou ta  byen distrè nou nan Playstation nan epi bwè ti gwòg nou. Lè m rive m wè yon jenn ti demwazèl ak yon pantajip wouj epi yon ti mayo gri, se li ki vin ouvè pou mwen: - Bonswa Jeff pa la? - Mesye Dyèf andèdan wii, se kilès k ap mande pou li? - Ou mèt ouvè wi, m se moun kay. Li ouvè pou mwen epi file antre anndan an, pandan m ap gade ti pitit la ki ap pran wout kizin nan.

M rive kot Jeff la, li te kouche sou do sou kabann nan, ak telefòn li nan men l. - sa k gen la gran boss? - poze wi, sa w pote? - Anyen.. tande non, kiyès sa a ki vin ouvè baryè a? - anh, se Josiane... se li Annette voye vin kenbe pou li. - anh ok!! Antouka gen vyann wi... li ka fè   sòs wi, bon sòs ak piman dous epi zonyon wi.     Pandan n ap pale a, m tande pòt la frape: - wiii - Mesye Dyèf , manje a pare wi Mwen kouri reponn: "mesye Jeff!!??  Kiyès w ap rele mesye Jeff la? Vye misye ... ah, Rele l Jeff ok". - wi - ou se moun nan nò? Ou pale menm jan ak yo.. - wi!! M sòti kafou seminè - Oh! M konn zòn sa wi.. m te konn al pase vakans la. Ou rekonèt Man Dè? Se lakay li m te konn desann - m pa rekonèt li non.. E ou menm mesye, kijan yo relò w? - Loritz - Lori!!?, - woy, rele m Lo pou pi fasil...

    Josiane te parèt timid. Men bote li te pale pou li, li te gen yon koulè boul chokola, ti cheve l kannèl epi li gen yon ekip ti plim wouj sou li. Zòrèy li pèse men pa gen zanno, zong li pa gen akrilik men fanm nan solid. Ti bouch li woz pare pou tòtòt. Très nan tèt li tankou se dread. M pat ka anpeche m gade l...

Jeff reponn:

- Ok, m ap vini wi. Ou mèt retire manje pou li tou. - Ki manje yo fè la a baz?? - Mayi... - Non mèsi!! Vant mwen plen.. bon appétit amigo!!

   Epi Josiane vire li ale. - Li pa lèd menm non baz... gaspiyaj wi!! - Ou genlè enterese? - m jis pran feeling man... Al manje pou m ba w 2 kal nan FIFA a man.

Ti bout apremidi a fini konsa.

   Mwen ak Jeff te konn fè baz nan fakilte a, lè kou fini, chita ranse, bwè byè epi kou l fè yon lè nou antre lakay nou. Men depi kèk tan, misye kraze baz. Depi kou fini li franchi, m pa konn sa l ap regle. Li tizè FIFA, petèt se jwe li al jwe pou changren mennaj li a pa toumante l. M toujou okouran de tout sa l ap regle... Men yon bon jou, m deside pase lakay misye. Lè m rive m frape, m frape Yo pran tan pou vin ouvè. Se Jeff ki vin ouvri, souf li wo, li yon jan swe. M al nan chanm nan dirèk, je m pa kwaze Josiane. M wè yon ti pwent bagay an dantèl parèt  anba youn nan zorye yo. M rale l a de dwèt, se yon ti kilòt wouj. - Laponyèt ou t ap bat la a Bro'?? Ou met ti kilòt la sou ou, epi w ap gad dèyè w nan glas?? - mèd!! - Pa di m se ak Josiane ou t ap fè sòs la a non... la a santi plumen tou!! Li pa di anyen. Li atrap yon sèvyèt epi li al benyen, mwen m sòti sou galri a, se la m wè Josiane ak yon kaye nan men l. Li pa wè si m ap vini. Je m bon, m gentan wè se yon kaye matematik, m rekonèt koub sa yo byen. -Sa w ap fè la a? - m ap gade kèk nòt a matematik - sa se bagay reto wi - mwen nan reto nan okap wi. - Epi ou antre vin travay?! Ou abandone? - mwen pa vin fè anpil tan non epi ti kòb sa a ap byen itil anm - ki laj ou?

- Mas k ap vin la a ap fè m ventenyen lane. - egzamen ap vini, ou ap rate anpil kou wi. - timoun yo ap banm nòt yo lè m tounen.

Yon santiman m pa rive idantifye travèse m la a menm. Admirasyon m pou li te ogmante menm moman an. Nan yon lòt vi, li te ka gentan fini lekòl e kòmanse aprann metye. Men, nan plas sa a, li antre pòtoprens vin travay kay madanm. M santi m te dwe l... - m pa gen pwoblèm pou m travay avèk ou non. Mwen ak Jeff, n ap ede w. Epi ti egzamen reto sa a w al pase l trap de. - mèsi Clo..Lori!? - Loritz... ou ka di Fritz?? Depi w ka di Fritz ou ka di Loritz wi. Eseye pou wè - Lorix - Lo... ou mèt rele m Lo!!

Tan sa a, Jeff te gentan fin benyen. M retounen kote l la m fèmen pòt la. - yoo, pa ansent li non man. Sa pa t ap bèl ditou. Li di m li ap fè reto, tounen li retounen pou li al fini. - mèwi mèwi.. li di m sa. M menm di l m ap travay avè l. - m di l sa tou... men eksplike m non. Kijan sa fè rive la?

   Mwen ak Jeff pat gen sekrè youn pou lòt. Youn toujou rakonte lòt tout ti istwa. Fi nou kwaze, sa nou fè... fwa sa a, se Jeff ki te gen pou di m.

- Bro', se pa yon bagay m t ap planifye. Sa rive konsa. Nou kwaze nan koulwa a, li t ap pase mòp, pye l glise m kouri atrap li epi menm al tonbe sou tete l. Li vire je m tonbe nan je l epi krazòs fè sòs - mèwi krazòs fè sòs... Timoun nan vin pòtoprens ba w dejwe li. - sanble se li k ap dejwe m!! Fanm nan woule tete m baz, yooo m vwayaje nan lespas. M pat konn jwenn bagay sa yo non.. - li dous? - pa pale bagay sa a... sa se manman myèl peyi a. - ou damou wi may fwenn - poze w non ak damou w lan

Epi nou limen tv pou n jwe kèk match.

    Jou t ap , mwen te konn wè Josiane pi souvan, m prete l kaye m yo epi travay avè l. Se tit sèvant lan li te genyen men li te plizoumwen alèz. Nou ede l fè travay pou l pa fè twòp efò. Se te yon ti sè lavi te banm, m te anvi pwoteje l, menm de jeff.


Sa fè lontan m pat wè misye eksite konsa. Misye pa bay Josiane tan, li pa janm p ap manyen l. M konn anvi kase tèt misye wi... Nou defann Josiane al achte sou katye a pou ti mesye yo pa pale avè l. Jeff te bay Ti Klod, yon jenòm ki ret tou pre a, de wozèt poutèt li rale ke jip Josiane. M fè de fay sou Pitè ki t ap vin antre nan goumen an. M pat janm sispann raple jeff yon grenn bagay : " piga w gwòs timoun nan non man". Fòk li resevwa mesaj sa a omwen 4 fwa pa jou. Fosref te konn bay woulo kapòt, m te bay Jeff youn pou m asire m, pye l pa chape. Mwen renmen Josianne. Men se pa lanmou Jeff la. Misye damou. Mwen m paka dekri pa m nan... kiyès ki pa t ap renmen bèl flè sa a? A nou de a nou te konble l. Li te sou 2 mwa nan kay la, nou te santi l pat lwen ale. M te fè tout sa m kapab pou l pat anreta parapò ak kamarad li yo. Jou a te rive anfen, nou sòti avè l al manje nan yon restoran. Nou de a chita anfas li, n ap gade l. Nan kèk jou li pap la ankò. Nou te mete ansanm nou acht yon telefòn pou li pou nou rete an kontak lè li ale. Ak ti vwa dous li a li di: - m ap sonje nou wi. Lolo m ap sonjò w - N ap sonje w tou Jo, n ap sonje w. M te konnen Kè Jeff t ap fann men tòg la te kenbe kriye a. Dlo pa m pat lwen non plis... M te fè yon jan pou m chanje sijè pou nou pat tonbe kriye. - pa bliye voye poul la pou mwen non Jo ak tout kasav dous la. Epi tou, pa fè m wont non, pase ti egzamen sa a pou mwen. - m p ap bliye. Kou m rive m ap chwazi de nan pi bèl poul anm yo pou m voye pou ou.           Se nou ki mete l nan machin pou li antre okap. Li ale ak moso nan kè nou chak.

    Pafwa lavi a fè yon jan li fè w goute yon moso bonè li konnen ki p ap dire. Espre li fè menm pou l pwovoke w, dezoryante w. Josiane se ti moso bonè sa a, ti lezanj ki sot nan nò vin vòlò kè nou jis isit la. M pa regrèt anyen nou te viv avè l.

Nou te resevwa rezilta, josiane pase. M te pran fyète sa a poukont mwen. Jeff se yon matyè ki pa nan egzamen an li te plis travay avè l...

Tan vin pase nou pèdi kontak, Jeff pati al jwenn fanmi l lòtbò dlo.

Nou youn separe ak lòt men souvni nou gen ansanm nan pap janm efase. M konn panse ak yo pafwa. Jeff avè m toujou pale men Jo disparèt, nou pa konn sa li devni...


Antouka, si w ta kwaze ak Jo, di l nou sonje l... m sonje l !!




 
 
 

3 comentarios


Divinement Bien
Divinement Bien
27 ene 2022

WOW!!!!!

Me gusta

leylanedjiel
20 jun 2020

🥰😊🥺yon bèl grenn text!

Me gusta

reginaro153
21 abr 2019

Josiane se pi bèl text mwen li a. Sim wèl map dil nou sonje li😂.

Me gusta

Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page