KONYENsidans !!!
- Loritz Vernet
- 29 janv. 2019
- 6 min de lecture
Moun manje moun moun. Hmm, nou tout tande ti pawòl sa a deja e konn sa li vle di... Se pa jodi a sa kòmanse, sa la kèk jou. Pandan w ap jwe nan jwèt yon moun, yon lòt ap jwe nan jwèt pa w. Ou gen chans si sa poko rive w. Eske yo manje nan manje m? petèt, pwobab... Ou gen pou wè lè m avè l gen yon lòt ki kanpe nan yon ti kwen k ap ri anndan. Pafwa moun k ap tcheke mennaj ou a pa lwen, li nan antouraj ou. Bon, pandan w ap li tèks sa a eske w konn sa mennaj ou ap regle? Jis fèmen je w epi imajine mennaj ou k ap di yon moun jan li anvi l oubyen jan sa te bon. lol !!! Ann kite sa.....
Lòt jou m desann Dèlma al regle de twa bagay epi yon ti grangou bare m , m antre nan yon BRH (bar - resto - hotel) al manje. M kòmande yon bon ti manje kreyòl (diri kole, vyann kochon, salad ak vinegrèt, yon bon ti sòs byen gra, bannann fri epi yon ji grenadya byen frape) lè m di nou sa, bon bagay nèt. Se koupe dwèt. Si manje sa a te yon fi, m t ap mande l renmen.

Lè mwen fin manje, m rann de twa gaz epi m kòmande yon ti byè jis pou m ka mete dènye klou ki pou fèmen sèkèy la. Pat gen anpil moun nan pati resto a lè sa a, apa mwen menm, de lòt mesye, chak te sou tab pa yo, de medam ki t ap swe nan yon bouyon epi yon koup ki te vin chita sou yon tab dèyè m nan pandan m t ap manje a. M pat wè figi yo, je m te pèdi nan plat manje m nan.... men m konnen ke yo te kòmande sandwich. Yo te sot "demare may" yo aparaman ... Yo te pale ba men m te rive tande sa yo t ap di.
Pandan m chita byen poze konsa m ap desann ti byè a, konvèsasyon koup ki te dèyè m nan atire atansyon m. non non non, m pa jouda men zòrèy mwen pa bouche…
- Li te bon cheri. Sa ki te pran w jodi a ?
- Ah, enèji regrè. Ou di m nou p ap fè sa ankò !
- Wi Michel !!! se dènye fwa …. M deside gen rapò ak mennaj mwen sèlman. Ou fè sa byen se vre men sa dwe rete la. O kontrè. M ta dwe remèsye w menm. M t ap viv yon moman difisil, lavi mete w sou chimen m, sa k te dwe rive a rive…
M pa kache di nou, m ralanti sou byè a. M pran ti gòje kounya a paske la a vre m te vle konn plis. Yon ti istwa pou m fè dijesyon…. Sa pat etone m ditou ditou. Nan venteyinyèm syèk sa a, se yon bagay nòmal. Ou ka gen mennaj ou epi yon lòt moun fè san w mache … Ou kite lanati fè travay li. Se imen nou ye. Gen mennaj pa vle di sans ou pa fonksyone ankò. Tantasyon pa manke deyò a. Se pa mwen k ap aprann ou sa non…
- Antouka m ap sonje w anpil, cheri. Ou pami moun ki pi dous m konnen
Nan kè m, m di : ou wè sa hen !!! gade nan kisa madanm moun tonbe letènèl !!!
- Poukisa w ap pale tankou nou p ap janm pale ankò ? N ap toujou ret zanmi. Nou jis pap kouche ansanm men relasyon n ap ret nòmal.
Mwen leve menm anlè pou m fè sèvez la siy pou l pote yon lòt byè pou mwen, rès istwa a m te vle konnen l. Men yo pat di anyen ankò, yo t ap manje. Lè m wè sa, mwen leve pou m ale menm moman ak yo san m pa fè espre epi se lè sa a m reyalize se Vanessa ki t ap pale konsa. Mezanmiiiiiiii !!!!! m mouri.
Se pa mennaj mwen non. Se mennaj bon patnè m, nou leve ansanm pratikman…. Hm hm hm hm !!! Je l tonbe nan je m, nou tou de friz. M pran yon gwo gòje byè pou m desann sezisman an …. Michel sote tou, m te santi sa. M te rete kalm malgre tou, m di : « ou pa bezwen sote non, m pa mennaj li, ou mèt ale an pè ». Vrèman vre, de mesyedam yo di lòt orevwa epi mwen ak Vanessa chita pou n pale. Si m konnen , m te al fè wout mwen wi.
- Lolo, kisa w tande ? Vwa li t ap tranble.
- M tande tout bagay nèt, Vanessa. E sa deranje m anpil. M regrèt m te vin la jodi a. M rayi twouve m nan pozisyon sa. Ou konnen Marco se bon zanmi m ; pozisyon sa pa bon pou mwen ditou. M pa konn sa m ka fè non nan ka sa.
- M konnen, Lolo … M konnen.
- M konprann, pa enkyete w. M ka ofri w yon byè ?
Se te plis pou mwen ke pou li. M te bezwen met yon boutèy bò tèt mwen. Li gade m ak yon dout nan espresyon vizaj li. M soupire epi m di l : " Pa okipe w ; m pa gen lestomak glise. Sa k sot pase a ap rete isi a. Ou ka al rafrechi w, m ap kòmande pou nou de".
- Mèsi, Lolo. Mèsi anpil.
Mwen chita epi li al rafrechi l jan m te konseye l sa, nou bwè san n pa rache yon grenn mo, chak moun plonje nan panse pa yo. M fè ide di Marco sa. Men m gentan fè Vanessa pwomès la. Kèk minit aprè, nou separe. Mwen kite l ale avan… mwen, m te fè yon ti rive nan twalèt la al lave figi m jis pou l te ka gentan ale.
Lè m sot deyò a, pandan m kanpe ap tann machin, m pa t ka pa panse ak sa. Yon lide m te di m di Marco sa, yon lòt di m non. Finalman, m te fini pa jwenn yon kamyonèt pou Petyonvil. Pandan trajè a, m te mete kas mwen nan zòrèy mwen ap tande mizik.
Lè m rive lakay, pa t gen kouran… m kouri pase inverter a, ploge telefòn mwen epi m plonje sou kabann nan. M kouche sou do ap gad plafon an. M ap panse. Èske m dwe di Marco sa oubyen kenbe l pou mwen? An fransè yo gen yon mòd yo di “ ce que tu ignores ne peut pas te faire de mal”. Eske si se te mwen ki te nan sitiyasyon sa a, m t ap dakò pou Marco vin di m sa ? M pa kwè….
Pandan m ap panse ak sa pou m fè, m resevwa yon mesaj Marco. Li di m tcheke l li gen yon nyouz pou mwen. M pa pèdi tan, m tcheke misye prese prese… li pa rete lwen. M chanje mayo, foure ti sandal mwen nan pye m epi m lage cha a.
Lè m rive m wè tout trannde li deyò. Nan kè m , m di se pa pou Vanessa non si misye ap ri konsa. M pwoche pi pre…
- Sakap fèt piti ? m fè l sou yo ayayayyy
- Ki nouvèl ? lage dosye a
- Ou sonje ti fanm m t ap pale w de li lòt jou a ? Rachelle… ebyen jodi a m RACHE RACHELLE a RACH ha ha ha
- Ah ou fè l sou yo piti. Pou lòd. Wiiii
- Li gen mennaj wi. Banm montre w foto mennaj li a
Devine kiyès ki mennaj Rachelle!!!!
Le monde est petit vre wi mezanmi. Finalman… m p ap di anyen. Ann kite l mache.
M te fin panse jounen an te gen sipriz ; eben m potko janm ko wè anyen. Devine kiyès ki te nan foto Marco montre m nan. Non, m pa ka di n. Ann vag sa. Pito n kite cha a mache sa n panse?
Kidonk Marco kouche ak mennaj mennaj mennaj li ? gade yon KONYENsidans !!!!
Michel ki mennaj Rachelle le mnde est petit vre ui hmmm