Langue de BWA
- Loritz Vernet
- 18 août 2019
- 11 min de lecture
Le mois prochain, ça fera exactement 3 ans depuis que je me suis posé. M kwè m jwenn fanm m pral vyeyi avè l la, manman 3 pitit m pral genyen yo. M santi m asire, m fè mennaj mwen konfyans, li konplete m. M remèsye syèl la pou ti kado sa a, yon kado ki pote non Johanne. M ap mande l maryaj nan yon ti tan, gen kèk poul ou kenbe fòk ou pa kite l jakase twòp se tou pane sa yon fwa.
Mais, comme un grand sage l'avait dit un jour "bondye ap travay, satan ap travay pi rèd". De nawè mwen te al tonbe sou Nathalie, yon bèl ti gengenn ki te vin twouble lapè enteryè mwen. Pa gen anyen ki t ap fè m kite mennaj mwen, se te yon bon ti diri djondjon byen grennen men anfas la te gen yon sant manje ki t ap panike m...
Si nou ta wè l, yon fanm tankou l ou kwaze sa yon lè konsa, si se jou chans ou. Mince mais avec des formes, la peau claire et des tresses rouges . Li gen yon asirans nan fason li mache ak pale. On s'est croisé tout à fait par hasard dans un restaurant à Pétion-ville, j'avais ma commande en main et j'allais consommer sur place. Toutes les tables étaient prises mais à la sienne il y avait un siège vide. C'était une table pour deux. M apwoche li:
- eskize m madmwazèl, bonswa!! ou pa akonpanye? m ka chita?
- bonswa!! Mwen poukont mwen, ou mèt mete w alèz...
- merci!!!
M chita epi m depoze manje a sou tab la, li fè yon koudèy rapid, je l sot nan asyèt la epi al tonbe nan pa m. Li souri, li souke tèt li:
- hm, ou wè sa tou, yon tikal bagay konsa...
- tikal? Ou serye? Sa se manje pou 3 moun wi...
- je te présente le père, le fils et le saint-esprit; 3 personnes en 1 seul estomac.
- lol sa a bèl, enchantée monsieur...
- Steven et vous êtes...?
- Nathalie
- joli prénom !! Enchanté...
Li pa t gen manje men pito yon gwo goblè smoothie, mwen m te debake ak bannann fri, pòmdetè fri epi 4 gwo moso poul.
- si tu veux, on partage...
- euh, non merci.
- pa fè m wont non, c'est pour te payer pour la place à ta table...
- bon dakò, m ap pran nan poul la, li sanble bon...
- pran sèt frites ak de bannann tou non, m pa chich...
Li fè sa vre. Nou manje san nou pa pale, nou tou lè de t ap fè alevini ant telefòn ak manje a. M pa moun ki pran tan pou m manje, rapid vit m fini epi m leve.
- mèsi pou ti bat bouch la ... À bientôt
- à bientôt, m ap tou ale tou wi.
Nou separe jou sa san konnen si nou t ap kwaze ankò, le monde est sans doute petit mais certaines personnes ne se croisent qu'une fois. Epi tou, m gen mennaj m pa nan antre sou moun. Mais Nathalie était un 8, je l'ai un peu regardée e se nòt sa a m te ba li.
Quelques jours plus tard, je suis retourné au restaurant m'acheter à manger, mwen renmen fridòdòy mwen anpil. Elle est arrivée pendant que j'attendais ma commande. li teke m sou zepòl:
- Hey , monsieur 3 personnes ça va?
- Hello, je vais bien et toi Nathalie? Tu es toi aussi une habituée d'ici?
- pas vraiment, je suis de passage mais j'aime bien y venir.
- anh ok, tu habites tout près alors?
- mèwi la a , nan peleren an
- ok vwazin... m pa rete lwen non plis.
Fwa sa a nou pa t ret manje, nou pran afè nou pou nou antre lakay nou.
- Je te dépose si tu veux, ou di ou pa ret lwen...
- sans problèmes !!!
On se mit en route à bord de sa rav 4 grise. Le trajet n'était pas long mais on a eu un petit échange.
- ou fèk vin rete nan zone nan? se premye fwa m wè w...
- non!! En fait je ne vis pas en Haïti ... je suis rentrée pour 3 semaines, epi moun isit yo pati yo menm.
- je vois ... profites bien de ton séjour alors.
Nathalie depoze m egzakteman devan lakay mwen, m desann :
- Merci beaucoup !! Ou kondui byen tou an pasan, m te santi m an sekirite...
- merci, c'est gentil !!! Écoute, samedi il y aura une mini pool party à la maison, tu veux venir?
- je veux bien... Je te donne mon numéro.
M pa t gen pwoblèm pou m ale, dayè m an konje, Johanne pa Pòtoprens kounya li al pase vakans Jacmel ak fanmi l. M te kòmanse bouke ret fèmen nan kay la, yon ti piscine pa t ap deranje epi Kòm kay Nathalie pa lwen m te deside ale.
Samdi rive, mwen ak Nathalie fin planifye epi li vin chèche m. Pa t gen anpil moun la, se te nou 6. Mwen ak Nathalie epi 2 koup ki t ap boloze devan m nan dlo a. Aprè yon ti beny rapid m chita bò pisin nan, kèk pyebwa te bare solèy la ki pa t ka jwenn po m pou l boukannen, m te pèdi nan yon vodka ak glas. Yon ti moman apre, koup yo disparèt youn apre lòt m pa konn kote yo te fè epi Nathalie soti nan yon pòt ak yon bikini oranj de pyès sou li, pye atè. M gade l des pieds à la tête, m skane l : Yon vèni blan nan zong li, yon bag nan yon zòtèy, cheviyè, yon tatwaj babele nan kuis goch, lonbrik li pèse, li gen yon boutèy kenbe nan yon men epi de vè vid nan yon lòt epi très wouj yo tonbe bò kou l... rezilta skàn nan se : danje pou brezil !! Li te vin chita bò kote m nan ak yon bèl souri, m souri ba li an retou !!!
- Ouvri pou mwen s'il te plait... m bliye tire-bouchon an, ban m al dèyè l.
Li leve al chèche l, m gade l ankò. Elle avait une démarche de mannequin, se chans m pa aplodi l. Yon minit pa pase li retounen, li rechita kote m nan, fwa sa a li pote yon bòl chiktay ak yon sachè pen. M ouvri boutèy diven an, se te yon Rosé du Mayne epi m plen vè yo a demi.
- kote lòt mesyedam yo?
- ah pitit, yon chalè monte yo, yo al desann li kèk kote...
- ça nous fait plus de chiktay alors.
Epi nou tonbe pale de nou, de sa n ap fè, de tout mais surtout de rien... Nathalie vit à Boston, li jis antre vin repoze l pandan fanmi ki te isit yo al pase vakans etazini. Kay pou li, li pa soti twòp. On a eu une franche conversation pendant une heure...
- Ou sanble pa plonje ditou Steven ?
- oh wi, m fè plis tan nan dlo a pase w...
M te chita, m lage kò m nan pisin nan, m ret kanpe, m charye dlo ak de men m voye nan figi m...
- se kout pa w kounya, fè bikini an goute dlo
- tu as raison...
Nathalie kanpe arebò pisin nan epi l plonje. M al chita ankò m ap gade l, elle était magnifique sous l'eau. M pran yon pen ak chiktay epi yon gòje diven; m relage kò m nan dlo a... Nathalie te kontinye ap naje li menm, li annik leve tèt li m di l:
- m panse sirèn pa t egziste wi... apa se tout bon?!
Li tonbe ri byen fò!!!
- si m se sirèn e ou sa w ye?
- yon maren... maren dlo dous!!
- ah ah ah, très drôle... vin fè m fè laplanch maren!!
M apwoche m de li, li pase yon men bò kou m epi m soulve l. De je l fèmen, l ap flote sou dlo a tankou yon bato, m sèl kaptèn. M pa t fèmen je m, m t ap gade l, m t ap gade kò l.
- Pa dòmi non
- Pa enkyete w, m la. M jis renmen feeling nan...
Senk minit pase, m santi li fè mouvman pou l kanpe epi m tou suiv li m ede l redrese kò l. Li vin kanpe devan m nan, je l nan je m kòmsi li t ap tann yon sinyal, m bliye si menm te toujou bò senti l. M mòde bouch mwen epi ... telefòn li sonnen, li deplase al pran l. Pandan tan sa a, m sot nan dlo a, m fini ti rès diven an epi m al abiye m. M te santi si m rete, gen yon "legum" ki t ap fèt. m sove pandan m te kapab la.
Nathalie t ap pale ak manman l. M pare an de tan twa mouvman. Li fin pale ak manman l, epi li vin kote m :
- tu t'en vas déjà ?
- oui, il se fait tard... merci pour ce moment agréable. Ça m'a fait du bien, j'espère te revoir bientôt.
- biensur qu'on va se revoir.. m prale mercredi fòk nou rewè ankò avan sa.
- sans faute...
M pran valiz mwen, m bo l bò machwè epi m ale. Li ofri m pou l kondui m , m refize li te sot bwè. Lè m rive lakay, m pa t sispann panse a bèl jounen sa a. Nathalie te fè efè sou mwen. M te jis ekri l di l m rive nou pale tou piti epi nou al dòmi.
Lavi te kontinye nòmalman. Johanne te manke m anpil nan moman an. Li te gen yon mòd chita sou mwen ap gouye pandan l ap tande mizik epi chante. Jou yo te pase vit, Nathalie ta prale ,m te deside al wè l jou madi avan li pran direksyon èpòt. Li ban m bèl akèy depi nan baryè a. Kay la te vid, nou de sèlman ki te la, nou rete chita devan an sou yon kanape. Li te mete yon ti chemizèt blan epi yon jip ki fann sou de bò. San pran tan, nou kòmanse dyaloge.
- Ou prale la a, kilè w ap tounen ankò?
- M poko nan tounen la a menm non. Se yon "break" m te vin pran pou m dekonekte m ak tout bagay. E franchman m santi m byen m pa ta ale non men m oblije...
- mennaj ou ki manke w alowè !!
- nah, m pa gen mennaj
- ah bon!? Tèt chaje...
- Tèt chaje??? Sa sèlman w ap di.. m panse w t ap di m bèl timoun tankou m kòman m fè pa gen mennaj wi.
- M konn repons lan deja. Epi sa ka rive ou bèl epi w pa gen moun nan vi w... se lavi. M pa menm bezwen mande w, m konn pawòl chante sa a deja, gason se chen gason se chen... yo brize ti kè w!!!
- E ou, ou se chen tou?
- waf! Waf!
Nou tou lè de tonbe ri.
- men seryezman, je ne suis pas pire, pas mieux qu'un autre. M gen defo m ak kalite m.
- e ou gen mennaj?
- wi!!! M gen yon bèl bebe nan men m...
M rale telefòn nan m montre l kèk foto Johanne.
- Elle est jolie ta copine.
- merci!! J'ai du goût... lol
- tu veux boire quelque chose?
- avec joie...
Li vini ak yon vodka, san glas. Nou tanmen bwè l. Nou kontinye pale pandan n ap anchene gòje kleren. Nou bay blag, nou ri epi m di l:
- Avan m bliye, m pote yon ti kado pou ou wi. C'est pas grand chose men m te vle ofri w li.
- Fais voir! qu'est-ce que c'est ?
M rale yon ti chèn m achte nan mache petyonvil la, m ba li. Li gen yon meday ki fèt an dyaman ki bleu.
- aww , j'adore !!! C'est gentil. Mete l pou mwen silteplè !!!
Li ranje cheve l ak de men l epi li vire pou l ban m do. M wè tèt dèyè a et à ce moment précis m te santi sa ka mal fini. M annik fin mete l li vire epi li ban m yon akolad.
- Merciiii!! M ap tou konsidere l kòm kado fèt mwen.
- De rien, sa fè m plezi!!!
Li sere m, m sere l tou epi m fè yon ti lache pou m montre m fini. Pandan n ap dekole li bo m. C'était vraiment agréable. M kite m ale pandan yon ti tan, m viv bo a. M peze l, m manyen dèyè l...
- suis moi à l'intérieur !!!
Nou antre vre, nou ale nan chanm li an dwat. Li chita anfas mwen, li gade m ak ensistans pandan mwen rete kole nan pòt la. li ekate janm li, li soulve pati anlè jip la, li pase l sou kote. Yon bèl bout pòm di m bonjou. Li fè m siy pou m vin jwenn li ak endèks li...
- Nathalie!! M gen mennaj wi... m pa kwè m ap kapab.
- ou Sûr Steven? Reflechi vit ... nou ka pa janm wè ankò. C'est à prendre ou à lécher !!!
M gade l, se pa anvi m pa t anvi l, m te dezire l ak menm fòs m te anvi kouri sove kite chanm nan. M panse ak relasyon m ki ka kraze si jamè Johanne ta aprann m twonpe l. M cho, m frèt. Yon lòt bò, Nathalie ap fristre si m vire m kite l konsa. M avanse sou Nathalie, nou bo, m fè l kouche epi m mete ajenou devan l. M kòmanse niche l ak raj pandan m ap woule tete l. M eseye aplike alalèt yon bagay m te li sou kijan pou fè sa. M reziyen m... m fè 30 minit atè a, jiskaske Nathalie rive kote l te vle a. Lè m wè sa m leve.
- ou pa sou vini ou menm? Je te suce si tu veux...
- non cherie, ça va. Dieu seul c'est combien j'ai envie de te dévorer men m p ap kapab. Koulout Johanne nan p ap sèvi si se pa li ki sèvi avè l.
Boksè ki te sou mwen an te bon jan mouye, m te ka santi sa. M bande pou m mouri.
- ban m wè grenn ou kanmèm
- ok, men wè sèlman...
M mete l deyò, li kenbe l, li souke l epi l di:
- domaj!! Li te ka fè dega, li jan m renmen yo a... byen senpatik!!!
M pa di anyen. Nou resoti al chita kote nou te ye sou ti kanape a. Nou rekòmanse pale, men m te santi m dwòl menm si li pa t montre m li te fache. Lè lè a rive pou m ale, m kanpe m lonje men m ba li pou l vin jwenn mwen. M rale l epi ba l yon akolad:
- Je te souhaite bon voyage Nathoo!!! Tu me plais énormément, ou mache nan san m, m paka nye sa. J'aurais bien aimer visiter ton pays bas, m santi w dous anpil e w fè sa byen mais je n'ai pas pu. M pa t ka ba w fè ti kout nan bagay moun yo. M espere w pa fache epi w panse avè m lè w ale ...
- merci Steven!! C'est gentil... tu as été remarquable. Se premye fwa yo refize m menmsi se a mwatye, men omwen ou fè m vini. M imajine ou osi bon ak bagay moun yo ke lang ou. Se yon eksperyans m p ap janm bliye. Ta copine a de la chance...
M peze l sou mwen plis epi nou di yon dènye orevwa, m vire m ale. Nathalie peze dèyè m epi l pase m yon tap. M sote.
Afè Johanne nan pa t sèvi, m te fè efò pou m te sove yon maryaj ki poko fèt. Je n'ai pas pu prendre une autre femme, je l'ai juste léché, ça compte pour une infidélité ça? M itilize lang mwen nan plas pijon m pou sove m nan yon sitiyasyon. Ekspresyon "langue de bois" fèk jwenn yon lòt sans.
M te kite yon fenèt ouvri pou tantasyon vin jwenn mwen, m goumen ak li jan m kapab, ou ka di m si m echwe ou pa.
Antouka, panse ak ti fraz sa a: "Discuter avec la tentation, c'est être sur le point d'y Céder "
Infidélité sur toute la ligne 😌
Ou se chen tou?
Waf waf 😂😂😂😂😂😂
Le texte est fre 👏🏽