top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

Lanmou Trèt

Dernière mise à jour : 17 mars 2019

       Yo toujou di toutotan ou poko tonbe sou bekàn, ou poko konn monte l. Fòk ou pran de twa zòbòy avan. Pou lanmou se menm bagay la, fòk li ba w yon ti gou amè kanmèm dèyè ti gou dous la... M konn monte bisiklèt byen. M fè konesans ak lanmou tou... malerezman oubyen erezman....

        Lanmou gen yon jan li leve w anlè epi Voup!!!! Li frape w atè li ba w yon so jido .... Lanmou se yon kout kouto pandan ou p ap suiv,rèl, souf koupe.


        Premye konesans mwen avè l, sa gen kèk lane. M te gen yon ti mennaj m te renmen anpil. Premye fwa m te renmen konsa, li nan panse m nan nwit kou lajounen, menm lè m avè l. Premye panse lè m leve, dènye panse lè m pra l dòmi. M te bon jan damou an. M ta fè tout bagay pou li si sa te posib. M sonje m te konn gade l m di l "m ta ansent ou pou yo fòse n marye". Yon pawòl tèt anba sèl yon moun fou ta di. M te pwomèt tèt mwen pou m pa janm fè anyen ki pou blese l.

         Men, anyen pa etènèl.... Tout bèl istwa gen yon fen e pa nou an pat epanye ak règ sa a. M pat pare pou sa, m pa gentan pare kou a. Kou a te fèt an trèt...


         Se te nan mwa Avril, jou fèt li m sonje sa jouk jounen jodi a. Li t ap fè gwo fèt lakay li e nòmalman m t ap la. M te moun kay. M te ba li kado pa m nan lavèy: yon je bijou kreyòl, li te toujou bezwen genyen e sa te fè l plezi. M te achte li nan men mesye nan lari yo : zanno, braslè epi kolye.

         Pou m byen di nou, sa te fè kèk jou sa pa t ap twò byen mache pou nou. M te santi yon ti distans te kreye... Men sa pat twò deranje. Sa ka rive. Tout bagay paka toujou byen, pafwa gen ti monte desann. Yon jou oubyen yon lòt sa t ap ranje kanmèm.

           Jou fèt ti doudou a te rive, m te mete m o dyapazon pou m al pase yon bon ti moman avè l. M te rive nan apremidi epi m te enstale m nan salon... Li pat la. Li te al chèche yon zanmi l m te tande. Pandan sa a, mwen menm m t ap distrè m nan tele a byen poze. Men sa se te ti akalmi avan tanpèt ki ta pral neye m nan. 45 minit apre m rive, m tande baryè antre a ouvri, se te li menm ki te rive nan machin ak yon ti jenòm. Li vin jwenn mwen nan salon an epi li salye m yon ti jan frèt, m te twouve sa biza men m te pase sou sa. Nou p ap fè diskisyon jodi a.

           Li fè prezantasyon, misye te rele Steve. Ah Steve !!! Yo te konn pale souvan, e li te di m se te zanmi l. M pat poze twòp kesyon, li gen dwa gen zanmi menm jan m gen dwa sa tou. M pa yon moun ki posesif m toujou kite yon ti espas libète pou moun m avè l la.


            Mwen ak Steve te rete chita devan televizyon, nou pat pale, nou chak te nan telefòn nou ap jere afè n. M te leve al jwenn bae nan chanm li, m bo l men li pat sanble te kontan pou sa. Li te di m retounen al jwenn Steve nan salon an pito pou manman l pa babye pandan tan sa a li ta pral benyen. Te gen yon lòt bon zanmi l ki te la tou, Emma, bestie l. M te kite yo nan chanm nan "entre filles" epi m sòti al tann yo.

           Kèk minit apre, Emma vin chita kote m nan, li di m : "ann fè yon ti sòti, m gen yon bagay pou m di w."

            Emma se yon ti tèt cho. Bèl ti pitit wi... li tou kout, fen tankou yon branch espageti. Sa m te renmen lakay li se karaktè l, li "franche" et "directe", sa li gen pou l di w la l ap di w li. M te suiv li sou lakou a, te gen gen yon ti pye mango batis deyò a. Nou chita anba l, li rale yon soupi epi :

- M gen yon bagay pou m di w, sa p ap fasil men m oblije di w sa.

- Ou mèt di m wi.

- bon, m apresye w anpil, ou trè saj e m te byen renmen w pou Roxane men domaj sa pase konsa.

- kisa? Sa k pase? Sa w vle di?

- Ou pa remake Roxane chanje avè w depi kèk tan? Ou menm avè l sa fini wi... Ti tonton ki avè l anndan an se nouvo mennaj li a.

- Pa jwe ak bagay serye non Emma??

- Non non!! C'est sérieux wi.... Ou konnen m pa t ap fè sa pou jwèt.

- M pral pale avèk li pou m konnen...

- Stop!!! Pa fè anyen... M pale avè l deja. Pa gen anyen ou ka fè. C'est mort!!!


      M te wè nwa yon sèl kou a. M te anvi pale ak Roxane pou l di m sa anfas. M panse m te merite yon ti eksplikasyon omwen. Emma te pase men nan kou m pou l te pale avè m, nou te chita kot a kot

- M konn sa p ap fasil pou vale men c'est ça la réalité!!

- E pouki se ou li voye??

- Roxane jennen vin di w sa... Ou pa fè l anyen, li pa wè ki rezon pou l ta ba w. Li banm fè job sal la

- Antouka!! Mèsi paske w mete m okouran!! Hmm

- W ap rete nan fèt la?

- Non m pa kwè... M pa gen kè pou sa nan moman an

- M mèt pran yon byè pou ou?

- Ou kwè l ap desann? gòj mwen bloke nan moman an

- Pran youn non!! Detann ou un peu... M paka imajine sa w ap viv la a, m konnen sa fè w mal.

- Non Em, m bon... kilè li ye? M prale talè...

- Ben, m pral ede moun yo anndan ok chou, m ap retounen talè...

- M p ap rete twòp non. Si w pata wè m konnen m ale. N a pale nan telefòn ok. M ap fè yon ti tan la a epi m ale. Merci pour tout.


       Emma bo m epi li ale. M te rete chita anba pye mango a, envite te kòmanse ap debake. Kote m te ye a, m te ka wè salon an, m t ap gade Roxane ak Steve anndan an. Tout 32 yo deyò, yo t ap bay blag. Sa fè m maaaalll, se avè m li konn ri, se mwen ki pou fè l ri. M pat konn si yo t ap fè chanjman sou mwen konsa pandan m sou teren ap jwe match la. Elle était heureuse sans moi. Merrrrrde!!!!

M vin realize ke plas mwen pat la, ti son zwazo te konn bay lè m ak Roxane yo vire an son antèman. Anyen pat gen sans kounya. M antre al lave figi m retire desepsyon an nan je m. M rete anndan an yon bon senk minit ap fikse miwa a. M pat wè anyen. Lè m soti m kwaze Roxane nan koulwa ki mennen nan chanm li an, Steve dèyè l ap suiv li. M pa di anyen, m parèt nan salon an m pran telefòn mwen ki t ap pran chaj epi m sòti san moun pa wè m.


        M te deside pase nan yon ba, al mete koulè nan tèt mwen avan m antre lakay. Menm panse m pat ka panse, m te anvi konnen kibò m te fè erè a. Men m te vid, m te tankou yon bato yo lage san kaptenn sou yon lanmè move. M ap balote adwat agoch. M pat gen kontwòl sou kantite m te bwè jou sa. M pa menm sonje kijan m fè rive lakay, sèlman m te wè m rive.


        Se yon eksperyans ki nouvo pou mwen, m pat konn kijan pou m jere sa. Sa fè mal. Se yon doulè okenn doktè ak grenn paka geri. Li manje w tankou asid ki tonbe sou beton. Se kite l manje w jiskaske li pase poukont li. Nan moman sa a, chagren w poukont ou e se li k ap pi bon zanmi w jouk ou geri. L ap suiv ou tankou lonbraj ou. Mwen pase plizyè jou tèt anba, devan dèyè, lanvè nan pwòp kò m. Men fòk m bliye, bliye tout abitid ki te kreye epi avanse, chanje chapit.

M sonje m pase bò kote yon ti dam ki gen menm pafen ak Roxane, tout souvni remonte epi tristès anvayi m. Yon jou swa m rale telefòn mwen, je m tonbe sou konvèsasyon nou, m anvi ekri l men li pa la ankò, m pa fè pati mond li an de riyèl dlo koule desann sot nan je m...


       Sa ki te di a, m pat resevwa okenn apèl ni mesaj de li. Zewo kominikasyon. Se Emma sèlman ki te konn kontakte m, men m pat kite l konnen si m te devaste tankou yon vil tsunami kraze. Li te konn envite m sòti m te toujou refize, m konnen se de Roxane li ta pral pale m.

        M yon ti jan solitè, m pa eksplike moun afè m fasil. M jere tout afè m poukont mwen, m ka ap ri men an reyalite m pa byen.

       Yo te rache kè m tankou vagabon k ap rache pòt biznis moun nan dechoukay. Li bat, li ponpe san men li vid.


        Sa te dire kèk semèn avan m te finalman reprann mwen. Chagren lanmou pa touye pyès moun detoutfason. M bay tèt mwen yon rezon pou m bliye sa.


         Doulè a gen 2 faz: li fè w mal evidaman apre sa li chanje w.


        M panse m aprann leson an. Nou fèt tankou bokal vid, sitiyasyon lavi a plen nou ak sa n viv. Tout le monde a au fond de lui un chagrin d'amour qui sommeille. tout coeur qui n'est pas brisé n'est pas un coeur.

M tonbe sou kou men m pa mouri m leve poukont mwen.


       Je ne sens pas aujourd'hui mon mal d'hier et demain je ne sentirai pas mon mal d'aujourd'hui.

j'ai appris et je gueris.


Lanmou bèl men Lanmou trèt!!!!

 
 
 

3 commentaires


Loritz Vernet
Loritz Vernet
23 mars 2019

🤗🤗🤗

J'aime

daniellocadet
22 mars 2019

Ou pako geri vre🤣🤣🤣

J'aime

reginaro153
20 mars 2019

Roxanne ki trèt! Lanmou pa trèt!

J'aime

Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page