Sans rancune
- Loritz Vernet
- 5 avr. 2020
- 12 min de lecture
Minui vennsis, kri yon fanm melanje ak bri krikèt yo nan lopital kanapevè a, l ap akouche. Travay la te kòmanse depi katrè nan apremidi, li fini pa delivre. Fanmi an ka rale yon souf, anfen, spesyalman Ricky ki pa t ka tann pou l kenbe pitit fi li a nan bra l. Se ti boul dyaman l li ye, se konsa li te rele l. L ap achte zam ak manchèt mete nan kay la pou okenn vagabon pa pwoche. Si nou ta wè zye l, lè li kenbe Meryl nan bra l pou premye fwa, ou te ka li fyète ak anpil kè kontan nan yo.

- Doc, mèsi wi, sa se san m ki la a, la chair de ma chair ... gade yon ti anj ki t ap viv nan boul grenn mwen letènèl. Tout bagay anfòm, li an sante?
- Monchè mes félicitations hein, n ap kenbe yo aswè a ak demen avan nou kite nou ale. Tout bagay sanble kòrèk, pa enkyete w.
Tout 32 dan Ricky te deyò, lavi l te chanje pou toujou nan moman sa a. Responsablite yo te ogmante men sa pa t fè l pè, Li te pare pou sa. Yo toujou fè konnen yon pitit fi ka chanje lavi yon gason sitou si li te dezòd. M pa konn si se vre men, Ricky te chanje li te yon vin yon "new man" Kounya, tout panse l se te pou Meryl depi lè li aprann Daphné, mennaj li, ansent. Se pa sa li t ap atann men li te wè l tankou yon opòtinite pou chanje direksyon ak lavi l. Nan kòmansman, li te ezite men apre li vin resezi l.
Ricky se te yon moun ase poze men ki pa t manje anyen frèt, li te yon nèg ki te plen moun dèyè l, se pa t yon lèd gason, tankou moun yo ta di , li te chaje machin dèyè nòs li. Men tout sa ap rete nan pase, objektif li kounya se pran swen Daphné ak Meryl, 2 sèl fanm li genyen kounya. Ricky pa t marye ak Daphné men sa te nan wout, yo te vle sifizaman pare pou sa. Yo pa t vle kouri marye san okenn preparasyon epi tou, se pa sa ki te pi enpòtan nan moman an. Pita, petèt, yo ta legalize tèt yo devan lasosyete. An atandan, yo prefere viv konsa, nan plasaj. Ricky degaje l kou mèt JanJak, li anfème yon ti kay pou l antre ak fanmi li le tan li fin bati sou yon teren li te achte. Pandan yon tan, tout bagay t ap byen mache, koup la t ap viv byen jiskaske yon bon jou Daphné chanje...
Nou vin pa tande gwo kout ekla ri li ankò, li vin metamòfoze totalman, menm manyen li pa kite Ricky manyen l ankò. Nan kòmansman, li te panse se te yon bagay pasaje men sa te pran dire, tout sa yo te di Daphné te enève l, li te tankou yon moun ki te gen nè. Petèt Daphné te antre nan lis fi ki vin pè sèks apre akouchman yo. Ricky pa t konprann sa ki t ap pase men sa pa t deranje l twòp, tout lanmou l ak afeksyon l te pou Meryl. Li te bay madanm li tan pou l reprann li.
Jou t ap pase, anyen pa t chanje, relasyon 2 moun yo te vin pi mal, pa t gen inite ankò, pwason an te kite bouyon an, men sèl bagay Meryl pa t janm manke anyen.
Dènye kou pou touye koukou a, se Daphné ki te bay li, li te kòmanse soti epi fè jounen deyò ak Meryl, kibò? Pyès moun pa konnen. Lè Ricky te aprann sa, li te pale anpil, sa te menm fè zen.
- Gade non, se pitit fi m genyen, m pa nan bagay plede soti chak jou epi fè jounen deyò sa a, ou menm si w vle al nan kannifrèt ou ale, men kite pitit mwen la. M a peye yon moun okipe l. Grasadye, m pa gen pwoblèm sa a
Pawòl sa yo te rantre nan yon zòrèy, yo soti nan yon lòt. Sa pa t chanje anyen, okontrè.
Daphné pa t ap travay e se te nòmal pou se li ki te rete nan kay ak pitit li. Malgre ti pale a, anyen pa t chanje, Daphné te toujou kenbe menm tenmpo a. Sa pa t ka dire, Ricky chwazi mennen envestigasyon pou l konn de ki prevyen.
Li vin pran konje nan travay li san daphné pa konnen, li pran machin li li pran pòz li soti al travay epi tousuit li tounen nan yon lòt, vit tente, pou l ka suiv. Daphné toujou deplase a dizè e se yon machin ki toujou vin pran l. Premye jou konje a, efektivman se sa ki pase, li kòmanse suiv yo depi devan lakay li nan Peguy-ville pou jis thomassin. Machin nan stasyone devan yon kay bò lari a, te gen yon kamyon ki t ap bay dlo devan l se pou sa li pa antre nan pakin nan, Ricky double yo epi li al kanpe pi devan men a yon distans pou l ka wè chofè a byen. Pòt ouvè, Daphné soti epi pòt bò chofè a ouvri, yon nèg desann ak Meryl sou ponyèt li. Ricky konn wè foto moun sa a deja wi, se Gregory, ansyen mennaj Daphné. Yo te kite pou yon rezon banal dapre sa l te toujou ap di. Epi, y ap pale y ap ri tankou de toutrèl, lajwa make nan figi yo. Menm moman an, je malere a vin tou wouj, li fin ouvè pòt pou l soti, li refèmen l. Li cho, li frèt... apre yon ti tan friz, li deplase, li retounen li antre lakay. Li lonje kò l sou do, sou kanape a, l ap reflechi. Anpil senaryo pase nan tèt li, kesyon yo te anpil...
Li pa t vrèman gen yon ide de sa l ta pral fè. Finalman, li deside suiv, Li pa t pale ankò, Daphné te ka fè sa l vle e li menm tou te kòmanse pa t vle ret chita nan kay la. De moun yo vin antre nan yon gè a distans. Plizyè fwa Ricky te deside mande sa k ap pase men li te bay sa vag a chak fwa. Al konfwonte Daphné te ka anvlimen bagay yo plis, konsa tou li te gendwa pa di anyen. Li te konnen tou, Daphné pa t janm bliye Gregory, li p ap fè de fraz san li pa pale de li, se te nonm kè li. Petèt se te yon ti kriz pasaje tou,nou pa konnen.
Ricky te vin adopte yon abitid soti chak samdi swa, al nan club oubyen bar. Se konsa Yon samdi, li te ale nan yon bar ki fèk ouvri sou wout frè a: Los locos bar and Grill, li te chita ap gad yon match basket epi yon vè Whisky sèk devan l. Je l te nan ekran an men li te lwen nan panse l epi li tande yon vwa ki di:
- pwoblèm fanm?
Li vire gade moun nan, se te Gregory
- se toujou yon pwoblèm fanm wi
- sa w vle nou fè ? Nou pa ka viv san yo, nou pa ka tiye yo.
2 mesye yo ri.. Gregory sanble pa t wè kiyès, menm si limyè a pa t fò. Ricky li menm te gentan wè kiyès, li te konn wè foto l tout tan. Gregory kòmande yon vè whisky tou epi de mesye yo tonbe gad match. Kèk tan apre, match la fini, li foure men nan pòch devan chemiz la epi li rale yon sigarèt, li limen l. Yo te otorize moun fimen anndan an.
- ah, sanble se pou yon fanm ou vin la a tou?
- monchè, sans te cacher, se egzakteman sa...
Ricky voye je l nan revèy ki bò tele a, li te 9h 30, li te bonè toujou.
- manti? ban m repòtaj, li poko lè pou m antre... Doulè yon nèg se pou tout nèg.
- monchè, m te gen yon ti fanm m te avè l, bagay lontan, nou fè yon ti kont raz epi kite mete pye. Nan fè wondonmon, fè rezistans, manzè al antre anba vant yon lòt nèg. M tou pèdi l... men nou toujou renmen youn lòt.
- e ki santiman l pa rapò ak nèg aktyèl la?
- li di m sa l te santi a, se pa t sa, se pou mwen kè l bat.
- fanm ou pou ou wi ebyen, pouki w pa pran l?
- bagay yo pi konplike pase sa, yo gen timoun ansanm...
- hmmm!!!
- m pral tiye w nèt, m pa kwè pitit la pou misye non. Mwen avè l te wè yon dènye fwa lakay mwen, li te vin chèche kèk bagay, nou te tou pwofite fè bagay, sa te entans... epi, ti pitit la sanble m, m santi se pou mwen.
Yo konn di les paroles s'en vont... ebyen pawòl sa yo te vin ak tout chèz yo pou yo rete. Yo tonbe nan bafon kè Ricky tankou kokoye k ap tonbe atè.
- woyyyy... hm hm hm!! Pase m yon sigarèt tou...
- baz mwen, se pa ti koze non...
Nway ak kout kleren kòmanse pèdi lavi yo lè sa a... Les grandes douleurs sont muettes, Ricky pran anpil frap san revele idantite l bay Gregory. Omwen, li te aprann verite a nan bon mamit, li konn nan kisa l pran.
- kè m fè m mal pou li wi, fok nou ta retire misye nan erè podyab.
- m dakò wi men se kijan? M renmen fi a, m renmen pitit mwen...
- se dam nan ki pou ta met misye klè
- ah, m di l sa men li wont fè sa pou jan nèg la devwe pou yo.
"La vérité te libèrera mais elle va commencer par te faire chier", Ricky jwenn verite pou l pa chape aswè a, yo tonbe nan lestomak li pa rafal. 11h 45, de konpè pa enterim yo deside ale, 8 sigarèt, 2 boutèy whisky ak 4 boutèy byè sou chan batay la. Yo soti sou pakin yo fè yon dènye ti pale, san chanje non ak kowòdone, chak moun pran machin yo epi yo al fè wout yo.
Lavi Ricky pa t menm jan an ankò apre konvèsasyon sa a. Li te pran volan an se vre men se zonbi l ki t ap mennen l. Lè li rive, li pa menm rantre nan chanm nan, li plonje sou kanape a sou do. Dòmi an pran tan men li pran l kanmèm pou dezèdtan. Se kòmsi li te fèmen je l pou senk minit epi l santi yon ti men k ap jwe nan figi l, li ouvri de nawè li, se te Meryl ki te vin leve l: sandal li dwategoch nan pye l, ti nounous li kenbe nan men l l ap ri. kilè li ye, sizè edmi.
- Bonjou larèn , tu as bien dormi?
- wi papi et toi?
- papa n'a pas bien dormi mais ça va... al chèche sandal pou papi met nan pye l pitit fi m.
Meryl obeyi san pèdi tan li pot pantouf papa l pou li. Figi Ricky te chanje, ou te ka wè figi l fennen. Li t ap panse a yon solisyon prese prese.
Daphné te toujou an mòd akaryat nan kay la, yo te pale yon lè konsa. Ricky te anvi vire do l men li pa t gen sètitid Meryl pa t pou li vre, jan li te adore ti pitit sa a. yon lòt bò, kontinye viv konsa nan anviwònman sa a pa t ap bon pou li, se konsa li vin deside fè yon tès ADN san moun pa konnen. Li pran cheve l ak pa Meryl, saliv yo tou de epi li bay yon zanmi l ki t ap vwayaje regle sa pou li.
Sa te pran yon ti tan avan rezilta tonbe, li te mouri poul li. Anyen pa t chanje lanmou l pou Meryl, li te toujou gate l. Daphné li menm te kontinye ap fè wondonmon, li pa t nan pale ak Ricky menm enfòmasyon sou kay li t ap bati a li pa mande l. Li te preske fini, se kèk ti travay finisyon ki te manke. Men sa pa t enterese l ditou.
Rezilta yo te vini nan yon anvlòp jòn, se nan travay Ricky a yo te pote l jan li te mande sa, li fin resevwa l li kouri avè l nan twalèt la… Li antre nan youn, rale pòt la dèyè l, bese kouvèti a sou bòl la epi chita sou li. Li deklanmse anvlòp la epi menm moman an, yon kè sere pran l. Pa t gen ase kouraj pou rive jiskobou. Li resoti ak anvlòp la anba bra l, kè l pa t pare pou gwosè kou sa a. Li retounen travay men lespri l pa t an pè. Ricky rive konsantre pou kèk segonn apre li retonbe ap panse ak rezilta a. 2 jou pase konsa, epi yon jou jou pandan l ap antre lakay li, li deside verifye. Li pakin machin nan devan lakay li, li rale anvlòp la, ouvri l epi pran yon gwo respirasyon li soti ti papye rezilta epi l kòmanse li….
Meryl pa pou li. Se sa konklizyon an ye… Ricky rete chita nan machin nan pa janm desann. Yon goudougoudou kraze ti mond li an pak an pak. Daphné ap gen anpil kesyon pou l reponn. Li pa desann machin nan paske li te fache anpil e petèt li te ka paka kontwole reyaksyon l. Li resoti ankò, li al nwaye chagren l nan yon ba. Lè li retounen, li te nan onzè diswa, li pran wout kanape a pou li. La nuit apporte conseil, petèt demen lè li leve l ap konn egzakteman sa l ap fè.
Ricky te rive a konklizyon fè bri, pale anpil pa ta p rezoud anyen. Le mal est déjà fait et est bien vivant. Se pa jis yon senp enfidelite, li donnen, li bay fwi. Lavi pa gen gòm, tout sa k fèt fèt nèt, se viv pou n viv ak chak erè.
Ebyen, Ricky chwazi fè sa ki pi senp lan, retire tèt li nan ekwasyon an. Sa potko janm rive pou X tire tèt li poukont li nan yon ekwasyon ebyen sa pral fèt fwa sa a. Kay ki t ap konstwi pou yo al abite a te fini, se penti ki te rete, chwa a te senp, Ricky t ap kite kay la, l ap jis pran afè l epi li al lakay li. San bri, san kont…
Ricky fin planifye tout bagay epi yon jou samdi, li soti ak Meryl mennen l al bwè krèm, lè li tounen li di Daphné al fin fè l dòmi, l ap tann li nan sal a manje a pou yo pale. Li tounen apre inèdtan anviwon, li chita anfas Ricky ki t ap desann yon demi boutèy diven.
- men mwen wi
Daphné di sa ak yon ton ki te chaje mepri ladann, kòmsi li pa t anvi la.
- hmm!! ok, Sa m pral di w la pa fasil pou mwen, paske m pa konn kijan pou m te kòmanse. kidonk m deside vini dirèk. Demen si dye vle, m ap mennen Meryl al fè jounen ak manman m pou m ka fè sa m gen pou w fè a.
-kisa ? sa w pral fè a?
Ricky lonje anvlòp la bay Daphné avan l kontinye. Kòmè a ouvri anvlòp la, li gade, li gade epi li gade Ricky...
- Mwen pa konn sa w konprann de sa w sot li a,men m ap eksplike w li. Se yon tès ADN m fè pou Meryl pou m te ka konnen si li se pitit mwen vrèman.
- Oh, kòman sa ?
- wi… yon lè m te pran suiv ou prale kay Gregory a. Mwen ak misye te rankontre ankò pa aza , san m pa rantre nan detay yo, m vin aprann yon bann bagay. Li te pale m de ti pati kote ou te al lakay li a epi nou te kouche ansanm nan. M okouran..
- men..
- nonnn !! Ou pa bezwen pale, ou pa bezwen di anyen. Ou mèt kontinye grèv bèbè a. M te jis vle fè w konnen m ap kite kay la, m ap jis pran sa ki pou mwen.
Daphné te frèt tankou yon sachè glas sou tab la, li lonje men l li depoze yo sou pa Ricky yo, misye rale men l.
-ou pa ka fè sa konsa non Rick, tanpri..
- kòman sa ? Gen lòt solisyon ? Bon, de tout fason m pa t vini pou m diskite… se te jis pou m enfòme w. Tande m yon dènye fwa. M ap bwote bagay mwen yo demen. M fini wi. Bonne nuit !!
Ricky leve epi li al kouche. Daphné rantre kouche kote l la, tout moun silans, kouche sou do ap gade plafon an.
-m vrèman dezole… m pa wè sa pou m di.
-pa enkyete w, pa di anyen.
- m espere yon jou w a padone m…
- pwobab, m pa konnen.
Se konsa dènye nuit yo a pase. Nan demen, Ricky vini ak yon kamyon epi l ranmase tout sa ki te gen yon valè santimantal pou li epi li ale. Lè li retounen nan pita, li tou vini ak Meryl ki te twò piti pou konprann sa ki t ap pase a menm si yo ta ekplike l. Ricky ale nan chanm li avè l pou yo fè yon ti pale, li mete l chita sou janm li epi li di :"Je sais que tu es trop petite pour comprendre ce que je m'apprête à te dire mais je vais quand même te le dire. Qu'est-ce qu'on peut comprendre à quatre ans? Probablement pas grand chose mais écoute moi ma petite fleur, il faut que je t'abandonne, ici, aujourd'hui car ma place n'est pas à tes côtés, plus maintenant en tout cas. Je t'ai aimée du plus profond de mon coeur, je te le jure. Ta présence m'a changé, les petites filles font cet effet là à leur papa. Je te désirais tellement, regarde ce tatouage sur ma poitrine " Meryl" c'est ton nom hein!!! Mais, un bon papa n'abandonne pas sa fille dit-on, le problème c'est que je ne suis pas ton père, je l'ai découvert récemment. Je m'en vais mais sache que tu pourras toujours compter sur moi. Je t'aime chérie. Fais moi un câlin, le dernier”.
Yo sere youn lòt, dòmi pran Meryl tousuit aprè. Ricky kouvri l epi bo l sou fwon, li pase remèt Daphné kle kay la. Epi li vire
-M ale wi... n a pale. Bòn chans!!
Daphné te anvi di yon bagay, men anyen pa soti.
Ricky ale. Se te mi nan domino a, li retire kò l tou dousman. Li kite chan lib pou moun yo viv lanmou yo.
Lavi ka kriyèl pafwa, nan yon segond ou ka wè w pèdi tout sa w te panse ou te genyen. Ricky pi byen plase pou l di n, li se yon viktim...
Comments