top of page

Bienvenue chez vous chers lecteurs !!!

Blog: Bienvenue
Blog: Blog2

Sweet 16

      Èske nou konnen yo arete m deja ? Ebyen wi, sa rive, m pase dezèdtan nan men lapolis... Poutan m pa yon moun ki bat kò l, ni m pa nan move zafè. Men nou konn ayiti se tè glise, ou ka pran nan won nenpòt lè. Se yon jou m p ap janm bliye, jou samdi sa a.         M te gen randevou ak Kenley Petyonvil vè midi edmi konsa apre travay pou li te ban m yon back up pou telefòn mwen an. Nou te sipoze wè depi lontan men akoz peyi lòk la sa pa t janm rive fèt. Nou vin pwofite de ti rekreyasyon mèt peyi yo te bay la pou nou fè sa. Se konsa rankont lan vin tonbe yon jou samdi nan muncheez. Men, kèk minit avan m rive kote nou t ap wè a, li voye yon mesaj pou mwen: - bro!!! - frè pa m, m preske rive wi sa k pase? - plan an chanje, m p ap kapab vin petyonvil ankò m ap rive Delmas pito, m gen yon ti dam ki mande m pou l wè m avan li pati la a, m pa ka refize. M ap pase nan yon otèl se la l ap vin jwenn mwen. M pa konn si w ap ka vini... - pa gen pwoblèm bro, ban m adrès la epi m ap rive sou ou rapid vit, m pa gen anyen m pral regle lakay mwen pou kounya. - Se Delmas 33 li ye men m ap tann mwen rive avan  pou m ka ba w adrès la pi byen - ebyen ok m sou ou talè ... Se nan konsa m file nan mache Petyonvil la pou m al pran machin lage m Delmas. Kenley te voye adrès la pou mwen, m t ap jwenn li fasil epi m konn vin nan zòn nan deja, m pa t ap pèdi.

      M rive apre 45 minit akoz yon ti blokis ki te genyen. Lè m parèt, m travèse pòt antre a, m jwenn ak yon sekirite, li fouye m apre li kite m pase. M ekri Kenley pou m di l mwen la li mèt desann nan resepsyon an ... Apre yon de minit konsa li ekri m pou l di m m mèt monte, li voye nimewo chanm nan pou mwen, se te nimewo16!!!          M mande sekirite a nan ki pati chanm nan ye, li di m se nan premye etaj nan koulwa a. Tout bagay te parèt nòmal lè sa a,  m monte byen poze, m rive devan chanm nan epi m frape pòt la, li pa t fèmen, se pouse yo te pouse l. Ti frape m frape a fè l ouvri epi m antre...

       M al tonbe sou yon demwazèl ki kanpe 2 men sou kote, kò l vlope ak yon sèvyèt epi li gen yon mask nan je l, m sote epi menm moman an m rale bak.. - eskize m genlè twonpe. Bonswa wi M voye je m nan 4 kwen chanm nan kòmsi m t ap chèche nimewo a. - Ou pa twonpe, chanm nimewo 16 la se la a. Ou vin kot Kenley pa vre ? - Wi, Kote li? M vin pran yon bagay nan men l, li nan douch la?

M rele: "Kenley, Kenley men mwen wi bro" !!! m pa tande l reponn


        Tout lè m ap pale ak demwazèl la, m pa janm reyalize si se yon moun m rekonèt, vwa a te di m yon bagay men presyon moman an pa t pèmèt mwen wè kiyès vrèman. - Ti doudou, ou p ap wè Kenley jodi a non se mwen w ap jwenn - Sa sa vle di?           Li rale sèvyèt la sou kò l, li voye l sou kabann nan, li retire mask nan je l la tou. Se lè sa a m wè se Abigaïl, yon zanmi mwen ak Kenley men nou potko janm kwaze. Nou te konn fè ti pale nan telefòn yon lè konsa.        M tonbe ri lè m wè sa, anba sèvyèt la te gen yon degizman polisye koulè ble maren : yon ti bout jip, yon kòsaj ra tete epi li gen yon pè minòt plastik gri bò kòt li. Li pase men l pran ti chapo ki vin ak rad la li foure l nan tèt li. Li avanse sou mwen, li pase kote m nan, li take pòt la epi li chita sou kabann nan, li kwaze pye l.  Tout la a, m te panse se avè l Kenley te gen pou l wè a, li te petèt desann al achte kèk bagay nan restoran an, men li rete konsa li di m: - Ou te panse se te Kenley ebyen se Sèjan Abigaïl w ap jwenn jodi a, depoze efè pèsonèl ou sou ti tab la, ou pral reponn kesyon, se nan men otorite ou ye la a. 

- Ou arete move moun nan wi chèf la, moun ou bezwen rele Kenley

- se pa ou ki Lolo a? se ou menm menm m te bezwen


      M rale telefòn mwen, m gade nan mesaj yo m wè Kenley ekri: " Bonne séance de garde à vue frérot" epi li mete yon bann ti emoji kote l ap ri. Se kounya m vin konprann nan ki kou m pran an.        M konnen pafwa m  yon ti jan agasan e sa lakoz yo konn menase m y ap met men sou mwen, m pa janm pran sa o serye. Pou mwen, pou sa ta reyalize fòk moun nan ta fè "usage de la force: kle kou, baleyaj, priz jidoka". Men non, Pwòp patnè m fè plan sou do m pou kenbe m. Fransè yo ta di w " j'étais fait comme un rat". ça m'a étonné mais ça ne m'a pas surpris toutefois tankou jan mesye a ta di...

      Mwen te gen yon valiz nan do m, m depoze l sou yon ti chèz m wè anndan an epi m ret kanpe. - retire bagay nan pye w apre pou w al met rad detni w sou ou. Li lonje yon sachè ban mwen, se ladann rad la te ye. M te deja la, pa t gen fè bak ankò epi pa t gen lavant dènye tan sa yo, le plumen était rare sitou ak lòk la.           Abigaïl se yon bèl fanm m te nan pale avè l sa pa t gen lontan: bèl wotè, yon sexy ki gen vyann, bèl fòm, po fonse, li koupe cheve l e sa te fè li parèt pi sexy toujou... Youn te konn ap ting ting lòt men m pa t imajine nou t ap rive la a konsa.          M pa fè tèt di m antre nan douch la vre, m abiye m, m te sanble ak yon Dalton: yon ti chapo a ba nwa e blan, yon pantalon ak yon mayo manch long a ba nwa e blan. M soti nan pòt la, m jwenn li kanpe ap tann mwen ak minòt la nan men l, li avanse epi li pase  yo nan pwanyè m sou devan. - M te anvi fè sa depi kèk tan, pou mwen ou ye kounya Li mete m kouche sou do epi l monte sou mwen, li fin byen enstale, li panche , li bo m. M te vin rilaks nèt kounya, ti tonton m nan te kòmanse leve. - kisa ou repwòche m menm chèf la? - bri kouri w ap mache ak yon zam ilegal sou ou, m vin verifye. Je suis une gardienne de la paix. - oh!! Non chèf, zam m gen la a legal, m gen papye pou li - Ou pa tire moun avè l? - se pou defann mwen m genyen l se pa pou m simaye latwoublay.

              Li repanche sou mwen ankò li bo m pou plis tan fwa sa a, apre li foure men l nan pantalon an pou l mete zam nan deyò: - apa w brake l sou mwen, W ap tire m?  - non chèf , montre m ap montre w li

      M te santi m byen nan moman an e eksite anpil, m te gen kèk jou m pa t fè de plon. Abigaïl file men l monte bò kòt mwen pou l leve mayo a - ou jòn tankou mango Lolo, m pral fè tòtòt avè w jodi a - Pa ale twò fò non fanmi m bezwen m - apa w ap pase m lòd? Tu as le droit de garder le silence epi se tou!!

        Li sanble te panse a tout bagay, m pa kwè kou sa a te enpwovize. Men, sa pa t deranje m, m te toujou anvi fè yon bagay konsa. Se te yon fantasm e m panse yon moun dwe viv fantasm li. M te abandone tèt mwen nan wòl prizonye m nan, m te kite chèf la aplike lalwa.

       Pandan m kouche, li rale pantalon an desann jiskaske li retire l nèt, li retounen monte sou mwen, li danse sou ritm mizik ki t ap jwe nan televizyon ki fikse nan mi anfas kabann nan pandan men dwat li kenbe levye vitès mwen. Se te plis ti gouyad ki t ap tonbe, ti men l te swa tankou men ti bebe, li redesann pou l pase nan yon lòt nivo. Mwen m te la m t ap gade Abigaïl ki t ap pran plezi l nan sa li t ap fè a. Tou dousman li desann bouch li sou li jiskaske tèt la disparèt nèt, men dwat li ap fè monte desann pandan men goch la ap woule de boul yo. M kòmanse fè grimas, jigote sou kabann nan tankou koulèv ki pase sou chabon dife, bagay la te bon. Men, sa potko janm anyen, ti sèjan an konn sa l ap fè a byen. Apre yon ti tan se ak lang li li sèvi, li karese 2 boul yo yon fason ou pa ta di se 2 ze li gen nan men l. Timoun nan te gen yon "savoir-faire" hors du commun, Abigaïl fè lanmou ak koulout mwen mesyedam, de je l fèmen l ap tòtòt. M te jalou wi... m t ap fè ti bri tankou yon chen k ap kriye, m pa menm fè yon bon 10 minit konsa, m te eksploze, li pare men l pou anyen pa tonbe sou dra yo. Lè m fini li leve al chèche papye ijyenik pou netwaye. M te santi m libere, ou konn wè lè w gen yon tou nen ki debouche ebyen se menm sansasyon sa a m te jwenn.

Abi vin kouche bò kote m nan apre, m rale l pou l kole avè m, fasafas, youn ap gad lòt. M pase men nan figi l

- Apa w fè m bay tout ti jèvrin m te genyen an bebi

- ou te renmen l?

- anpil, se yon ponp ou gen nan plas bouch ou wi


       Nou rete kouche konsa pandan 30 minit ap pale. Lapolis te 1, bandi 0 fok te gen reprezay ki fèt. M leve mete m ajenou sou kabann nan 2 men minote, li pase men l anba zòrye a epi l rale kle a pou mete prizonye a alèz. M fè l enstale l sou do kounya epi m kouche sou li, nou kòmanse fè lanmou e san tann twòp m te dezabiye l. Pa t gen ni chèf ni sivil la a, nou tou de te egal ego sou kabann nan, tankou jan manman nou te fè nou. M fè l Vire : tèt anba, dada anlè epi m pase pa dèyè. J'avais la vie en face à présent, elle était rose,humide et belle. M manyen lavi, m pran pwa a apre m mete figi m ladann pou m kòmanse niche. Abigaïl te byen fèt pèsonn pa t ap ka di lekontrè, sa li te fèm santi sou moman an te fò anpil e sa te fè m anvi toujou.

      Li rale yon bwat kapòt anba zòrye a, li ouvri l epi mete youn deyò, li dekachte l. Li vire, li fè yon ti dènye souse tankou lè manman ap fè yon ti dènye ranje pitit yo avan yo voye yo lekòl. Abigaïl mete l pou mwen epi l repran menm pozisyon an. Tou dousman m antre , ti mouvman va et vient an tou suiv. Chèf la te anba katouch bandi. Mwen voye menm pou m kenbe cheve m pa jwenn anyen . M bliye si Abi te koupe cheve l, m pran kou l pito. Li tou monte vin jwenn mwen. Bra goch mwen pase pa devan epi lòt ponyèt La kenbe senti l. Li di m li renmen sa, pou m kontinye Epi je m al tonbe sou miwa ki nan yon amwa nan chanm nan, m gade m k ap gouye pandan yon ti tan apre m mande l eske li vle nou chanje pozisyon, Abi di m tout sa m vle. M mete l kouche sou do kounya epi nou rebalanse, men l pase nan kou m yon moman apre li kenbe dèyè m tankou li t ap di m ale pi fon. Nou tonbe bo pandan tan sa a, li karese tout kò m, do m, figi m, sen goch, sen dwat. Ti ponyèt mwen vin kòmanse febli epi m kouche sou li net kounya,sou kote, yon pye l sou mwen. Nou ranje kò n yon jan pou tete dwat mwen vin tonbe nan bouch li, pye l ouvri m ap woule pou li pandan kout ren ap tonbe. Nou te vrèman t ap viv yon bagay fò, jiskaske m rive yon dezyèm fwa.


       Mwen sere l nan bra m pou m di l mèsi . Nou rete kouche pandan 15 minit, se li ki leve avan pou n al benyen ansanm. Mwen te panse tout bagay fini men te rete yon dènye epizòd nan seri a.

       Abi fè m antre avan anba dlo pou m te konnen si dlo a bon apre li antre tou. Nou ret nan bra youn lòt. Nou bo, m ba l yon dènye sousad anba dlo men m manke toufe, dlo a te vin ak fòs. Li fè menm jan an. youn benyen lòt epi nou soti al abiye. Mwen ede l suiye kò l pou l te ka abiye l.Li te mete yon wòb wouj kole sou kò, epi li mare tèt li ak yon mouchwa jòn.

- Gade m Lolo, ou wè chèf la bon? kilòt mwen parèt?

- Wi, ou bon wi men kilòt ou parèt.

   menm moman an, li rale yon kolan nan valiz li pou l mete. Pandan tan sa m rale telefòn mwen pou m fè kèk foto pou li. Apre,nou ranmase tout afè nou pou n ale, san bliye nou fè yon ti dènye peze avan nou kite chanm nan. M mennen l al pran machin, tout nan wout la m ap grate pla men l...

      Se konsa m te pase yon ti tan nan men lapolis. M pa konn nan ki inite li te ye nan lapolis la men m te renmen tretman an, on m'avait bien protégé et servi ce jour là. M pa kwè gen prizonye ki te ka pi alèz pase m nan selil #16 la, tout bagay te luil et sweet .


Bon Kenley li menm, se gwo chans li pa t fè de polisye arete m jou sa a, m ap gentan di n kijan m regle a misye.





 
 
 

3 Comments


Ti vwayaj nou renmen yo🥰 Longue Vie à ta place Loritz!

Like

polynice21
Jan 07, 2020

Enteresan...

Like

M renmen suspense nan komansman 👏🏾

Like

Ban m di w

Formulaire d'abonnement

Pétion-ville, Haïti 

  • twitter

©2019 by Inédit.com. Proudly created with Wix.com

bottom of page