Trankil
- Loritz Vernet
- 20 mai 2019
- 7 min de lecture
Dernière mise à jour : 20 mai 2019
Non pa m se Danielo Janty men moun ki pwòch mwen rele m Trankil. M pa nèg ki konn nan fè bri, m toujou poze, vag kou chamo. Men ou konn yon bagay, Mwen avè w pa twò diferan non. Nou fèt sou menm bout tè a, anba menm bout drapo a. N ap respire menm lè a. " l'homme est né bon" se pa sa yo di? M fèt bon moun wi, m te inosan tou menm jan avè w lè manman m pouse m nan. Men lavi deside m ap pran yon lòt wout, yon wout ki pa menm ak pa w la. M fèt nan youn nan katye pòv yo, m te plen rèv , m sonje m te vle vin doktè. M te konn al lekòl... M kanpe nan katriyèm ane fondamantal. Se manman m ki te konn peye lekòl pou mwen, li mouri. Yon bal mawon pran l nan vant anba lavil . Li pa menm gentan rive lopital. Yon matant pase men pran m. Li te gen pitit pa l pou li okipe li pa t kapab peye lekòl pou mwen, m tou kanpe la ... M pa konn papa m, petèt li ta pran m epi pèmèt mwen avanse ak lekòl la men elas!!! M p ap di matant mwen pa fè pou mwen men li pa manman m, gen anpil kote ki rete vid. Lè w pa leve ak paran w, ou pèdi anpil bagay. Kote m fèt la pa janm pa gen gè, zam toujou ap chante. Mwen fin abitye ak sa, moun tèlman mouri devan je m... M kòmanse fè lari bonè, dayè se li ki grandi m, li fè m granmoun pa fòs. Yon gang nan zòn nan pase men pran m, m te gen diznèf lane. Chèf gang nan lage yon 45 nan men m epi li konn voye m al fè misyon. Se pa gwo bagay, se pran enfòmasyon epi pote ale... M pase dezan konsa. Se tès yo t ap pase m. Nou te yon 15 konsa, yo konn ba nou kòb. M pa konn kote yo konn jwenn li men piti kou l ye l ap itil nou, pa gen lòt moun k ap ban m. M te ka itil peyi m si m te jwenn ankadreman men se nan gang m ap feraye kounya... Aksyon baz la te fè anpil je vir sou li, yo te fè twòp dega. Yon jou samdi, plizyè kò nan lapolis la anvayi baz la. Anpil sòlda tonbe. Gang tou kraze. Men nan afè gang, sa pa janm fini, koupe yon tèt jodi, yon lòt tèt ap pouse kanmèm demen. E tèt sa a se te mwen. M te gen yon grad an plis lòt yo, chèf la pat janm manke pale de mwen an byen, li te konn di apre yon ti tan m ap gen gwo responsablite. Li te envite m vin gade egzekisyon youn nan manm gang nan. M pa konn sa l te fè. M p ap janm bliye sa... Se li menm an pèsòn ki tire l, yon bal nan tèt. BOW !!! M sote lè bal la pati a, epi san vole. San k ap koule gen sant metalik, m p ap bliye sant sa a non plis. Volan an vin tonbe nan men m, se mwen yo chwazi pou dirije. Premye desizyon m pran kòm chèf se poze, rasanble fòs nou epi chèche zam. Fòk nou gen mwayen pou nou defann tèt nou. Nou te gen zam ki te nan men nou deja yo, epi gang nan te gen kèk lòt zam sere nan yon bout doum men sa pat ase... Pou gen plis zam, se sekirite nou konn al friz lè y ap sot travay. 2 moto, chak gen 2 nèg epi nou pran yo nan sènay. Konsa nou jwenn 7 zam kalib douz epi yon senkantèn grenn mayi. Nou te pare pou nou opere. Nou p ap touye pèsonn pou je pa vire sou nou. Nou te kenz an tou, kenz jèn bray k ap gaspiye. Nou tout gen zam. Nèg ki te pwòch mwen yo se Jameson ki te bay tèt li ti non "pwennfèpa", Romario alias "OnFwa". Se nou twa sa yo ki te konn pran desizyon. Nou te fè 2 mwa edmi san aktivite, e nou konnen grangou nan vant pa dous, gen nan nou ki gen fanmi sou kont nou pou nou bay manje. Nou fè reyinyon pou sa. Nou gen zouti, nou gen mwayen deplasman, kisa n ap fè? M te klè sou sa, inosan pa dwe viktim men nou menm fòk nou viv. Sistèm nan pa ba nou manje ebyen n ap chèche manje pa nou. N ap veye moun k ap sot labank, nan mezon transfè pou n bay mato. M sonje premye kou m fè se sou yon ti frelikè ki t ap sot nan CAM. OnFwa frennen moto a devan misye, kkrrriiiiippp!!! m manyen bò kòt mwen epi m di :" kanpe la bad man!! Banm men sòl la non" misye pa fè tèt di, li lonje sa l te sot pran an. Pise te kòmanse grennen sou li, m gade l m di: " ou kòmanse pise, kouri avan kaka vide sou ou". Misye tonbe kouri... Epi m pa t gen zam sou mwen non, se yon bout konnvès ki te nan senti m. Prensip la se "pa manje poukont ou", m te jwenn 900$ nan men ti frelikè a, nou separe l a nou 15, chak nèg sòti a 60 dola. Y a fè sa yo vle avè l... Mwen, m depanse 20 dola nan bouzen anba lavil la, 10 dola pappadap, rès la pou pita. Yon jou swa, vè minui, youn nan nèg yo rele m, Te gen yon bakòp lapolis , pa twò lwen byen ame nou te ka atake... Vrèman vre nou atake yo, nan echanj yon polisye pran bal men li pa mouri, youn nan patizan m yo pran bal nan jarèt. Nou te byen fèt. Nou jwenn kagoul, zam, jilè . M pran yon kagoul ak yon m16 m kite nèg yo demele yo ak rès la. Tan ap pase, nou fè ti kou pasi pala men sa pa ase pou tout moun jwenn yon bon ti kòb. Fòk nou antre nan yon bagay ki gen bras, nou ta kraze yon kite sa pi devan. Sa pa t pran tan pou bagay yo vin bèl nan men nou... Nan vire nan vil la, youn nan nèg yo sezi yon valiz nan men yon nèg ki t ap sot labank. Li pa gentan monte machin li, yo tire dèyè sòlda m nan, li pa pran. Lè li rive nan baz, deboure valiz, oh oh 15 000 $ vèt. Nou fè fèt, fè katouch anlè... 15 000 dola pa anyen men pou nou li anpil, gen anpil tou k ap ka bouche. M achte rad, telefòn ak pil lòt bagay ankò. M mete m anlè kounya m gen Facebook ak Instagram. Se sou Instagram menm m jwenn lide òganize yon kidnapping. Yon Demwazèl, po klè ki ap afiche foto l nan tout pwogram ak restoran, l ap byen pase kon di moun yo. Li menm poste machin paran l achte pou li. Ah, tout bagay di li gen kòb, li ka yon gwo zafè.
Li poste yon kat pwogram epi l di li ap la. Nou chèche lokal la, nou konn machin li. Nou an anbiskad.. N ap tann. Se mwen, OnFwa, Pwennfèpa epi Ti Piman, yon lòt sòlda nou k ap pran kontwòl operasyon an. Nou ret tann li deyò a, lè pwogram fini, li ap antre...machin li te pakin deyò a. Pandan li ap monte machin nan nou anvayi l. Li ale pou li al rele anmweyy m bouche bouch li :" fèmen djòl ou avan m gaye kaka w". Li obeyi, sezisman ak alkòl sanble fè l pa konprann sa k ap pase l la. - Monte machin nan !! OnFwa ak Ti Piman pran moto yo, yo ale devan pou gade wout la. Mwen ak Pwennfèpa avè l, m chita devan sou volan. Nou mete yon sak nan tèt li. Nou desann nan baz avè l... Nou mete machin nan nan garaj, nou voye yon pwela sou li epi li menm, nou mete l nan yon chanm kay ki nan mitan yon teren. Nou sezi telefòn li epi fèmen li, nou mete l kouche sou yon matla, nou mare men l ak pye l. - ki... Kisa nou pral fè avè m? M pa fè nou anyen non mezanmi... - Nou pa gen anyen avè w ti cheri, lajan nou bezwen. Pa fè kaka, epi w ap sot la a vivan. Ou mèt kouche, lè w leve n ap mete paran w okouran. Ou mèt trankil. An demen li leve, sizè ... nou ba l yon telefòn pou rele paran l. Men avan, nou di l sa pou l di. Se kounya li reyalize sa k ap rive l la, ak dlo nan je l ap di :" yo kidnape m, yo mande 50 000 dola vèt pou libere m sinon nou pap wè m ankò ". M pran telefòn nan, m di "nan twazèdtan m ap rerele pou nou ranje tout bagay, nou p ap fè l anyen, pa rele lapolis epi l ap antre lakay li byen pwòp" m fèmen epi m retire sim nan jete l. De ran dlo ap koule nan je l, m gade l m di l, li pa bezwen pè e anyen p ap rive l. Li mèt fè m konfyans... Nou voye ht yon spageti pou li, li pran kèk fouchèt men li paka kontinye. Kè l sere... twazèdtan pase, nou rerele, se li ki pale. Yo p ap jwenn 50 000 ... se 30 000 yo genyen. Mwen aksepte. M mande nan konbyen tan lajan an ap pare... 2 jou!! Ebyen ann tann.... Nou veye pa relèv, se yon travay ki fatigan mantalman. E m potko konn kijan n ap fè pou nou pran lajan an. M potko panse a sa. Gen yon mizik m plede tande (Pye Poud - alo lapolis) se ladann m jwenn motivasyon. Finalman m te deside ki fason n ap jwenn kòb la. Y ap mete l nan yon sachè nwa epi lage l kote nou di a nan yon ravin. De jou sa yo te loonnnggg, anpil tansyon ak strès. Jou a rive, yo mete kòb la kote nou te di a. Mwen ak On fwa tann minui pou nou mete Demwazèl la sou wout pou al lakay li. Nou fè menm jan an, m sou volan an, sak nan tèt li epi solda yo ap siyone pou fè wout. Anyen mal pa rive, bondye pou nou, li rele moun lakay li devan nou sou telefòn pa l epi chak moun gaye nan wout yo. M te kontan... misyon m te reyisi. Men kontantman sa a pa t dire, Ti Piman ki se yon tèt cho te tire yon polisye , patizan l yo replike epi yo kenbe misye vivan...
kèt!! Jou nou te konte, babilòn antre nan jwèt la, nou pa konn sa Ti Piman di ak sa li pa di... alowè nan yon ti tan, w ap tande non m nan radyo ak televizyon kòm gwo bandi y ap chèche. Tout aksyon gen konsekans ebyen n ap tann.
À suivre
Commenti