Trayi la, mouri la
- Loritz Vernet
- 29 févr. 2020
- 8 min de lecture
Gen kèk prensip ki pa ekri okenn kote men bon sans nou ta sipoze fè nou suiv yo. Men nan ti peyi nou an, mo prensip la prèske pa egziste. Se yon ti kote tout moun fè sa yo vle, jan yo vle, dezòd la jeneralize nan enstitisyon prive kou leta e sa fè menm moun ak bon entansyon lage nan piyay la tou. Genyen ki pwofite de relasyon yo ak yon moun pou koze plis dezagreman toujou. Dezòd vin tounen règ jwèt.
Mwen, m pa yon moun ki gen bèl lè ak polisye. Se pi rèd si m pa rekonèt yo. Yo pa fè m anyen pèsonèlman men m konn moun ki viktim anba men yo. Gen yon fwa, yon bakòp polis te imilye yon ti jènonm devan mennaj li alòske li pa t fè anyen mal: li t ap sòti ak mennaj li epi li pase devan yo, yo kanpe l, fouye l epi fòse l kouche atè a ak tout mayo blan ki te sou li a. Se tounen li oblije tounen lakay li tèlman li te sal. Nou konn kijan tinèg ki nan pozisyon fòs ye isit deja, ou gen pou wè se fanm nan li te bezwen pran. Mwen se yon nèg ki rankinye anpil, polisye sa yo t ap jwenn yon repons kanmèm nan men m, menm si sa ta pran dizan. Yo p ap toujou gen zam sou yo e Ayiti se tè glise ... Yon bon jou, yon sachè nwa plen makèt oubyen de-twa wòch mawon te ka ateri nan figi yo.
Gen move grenn men gen bon grenn tou. Gen polisye ki respekte moun e ki fè travay yo byen. E pafwa yo viktim mòd foksyònman peyi a.
Mwen sonje yon bagay ki te pase ant yon polisye ak yon sitwayen wondonmon. Yon vandredi apremidi, vè senkè konsa, yon patwouy kanpe yon machin ki parèt sispèk sispèk jis pou yo te tcheke l. Yo pa t konprann jan li t ap vini ak tout vitès la . Yon ti Honda Civic nwa trafike, anndan l te gen yon jèn gason ki t ap tande yon mizik byen fò, sigarèt li nan bouch li l ap pouse nway. Vit la pa t fin monte nèt, son an te ka soti. Polisye yo mande l bese vit yo nèt epi redui volim mizik la. Youn te pase sou bò pasaje a pandan yon lòt kanpe a kote pòtyè chofè a.
- Sa k ap fèt? Kote w prale konsa zanmi m?
- M ap rive Laboul la a, nan yon ti chill ak kèk zanmi.
Repons lan tou soti ak yon sant kleren fò...
- Ou genlè sou wi?
- Non monchè, m pa sou... M jis bèl. M nan vayb mwen.
Pawòl yo pa byen pwononse, men polisye yo kontinye pale ak chofè a.
- Ba nou wè pyès idantite w ak papye machin nan.
Li panche pou l pran papye yo nan bwat a gan an epi zam ki te sou kuis li a glise tonbe nan fant janm li. Polisye yo pa t menm wè sa paske se yon jeans nwa ki te sou li a. Yo vin distenge l pi byen kounya a.
Tousuit, Polo ak Donald, de polisye yo, rale zam yo. Polo ouvè pòt machin nan epi li fè jèn bway la soti. Lòt polisye ki te nan pikòp la gentan ranje kò yo pou si ta gen derapaj.
- Apa w gen zam sou ou? Ou pral nan gè? Kijan w rele?
- Carlos...
- Ba nou wè papye w.
Carlos rale papye l, enfòmasyon li bay sou li yo kòrèk, lisans li an règ. Pandan operasyon an, machin ki te kanpe dèyè yo, yo fè yo pase ale pou debloke lari a. Polo pran zam nan mete sou kapo machin nan pandan Carlos ap montre papye veyikil la. Afè l an règ.
- Sa pou w fè zam nan? M wè l byen chaje. Ou annafè ?
- Kòmandan, ou konn bagay yo deja, lari a pyeje... se jis pou pwoteksyon m.
- Se nou ki la pou sa wi Carlos ... antouka montre nou papye zam nan non.
Nan tèt Polo, pa t ap gen suit. Li sèlman panse yo te ka eskòte Carlos jis nan fèt la pou verifye si sa l di yo se vre. Men zam nan pa gen papye pou sètifye si l legal ou pa.
- N ap oblije kenbe w wi Carlos. Ou gwòg, ou gen zam, w ap kouri ak tout vitès... Nou pa gen chwa.
- Kòman n ap kenbe m nan mesye? Sa m fè ki mal la?
- M fèk sot di w li la wi...
- Non mesye pa gen bagay konsa.
- Bon, si w vle ale, ou prale men n ap kenbe zam nan.
Yo t ap gade fent Carlos men pawòl la te eksite l plis. Li kòmanse pale lèd:
- Ki kaka n ap di m la? Kenbe zam mwen? Nou kenbe m nan vòlè ? Nou genlè pa konn kiyès ki nan men nou la a? Mesye fè nouvèl tande... M ka fè revoke nou tout la a. Fout mwen kle machin mwen m ale.
- Se ou ki chèf la oubyen nou menm? Ki nouvèl pou nou fè a? Ki moun ou ye? N ap fè travay nou epi w ap vin blabla la a.
Carlos fè tantativ pou l pran zam nan sou kapo machin nan men Donald gentan atrap li
- Si se lajan nou bezwen m p ap bay yon goud. Bann ti visye!
- Ou konn sa k pase? Ou arete tand! Nan komisarya w ap domi aswè a.
Polo pase men sou kote l pou l pran minòt li, Carlos bourade l epi l tou suiv li ak yon bannann. Polo eskive l epi li tou baleye l. Misye vide sou do. Lòt polisye yo ki te pi lwen vin avanse pou pote konkou. Nan 2 mouvman, Carlos gentan anba minòt. Gen yon polisye ki ale pou l pase Carlos yon souflèt, Polo di l non, poze. Yo mete l nan dèyè pikòp la yo rantre avè l nan komisarya a ak tout machin nan.
Yo drese rapò, kite l pase apèl pou avèti fanmi l. Carlos ap pase nuit la nan selil, jis pou l kalme l.
Pandan tout tan sa a, Carlos t ap pale anpil, sèmante, frape lestomak li.
- Nou mèt kòmanse chèche lòt bagay pou nou al fè, m ap fè revoke nou tout. Yon senp ti apèl epi n ap konn jòj.
Mesye yo pa t okipe l, yo vire kite l anndan an al okipe afè yo. Fanmi l rive wè l men li te twò ta pou regle afè liberasyon, Carlos pase nuit la nan prizon an. Malgre tout kontak li te di li genyen yo, li pase tout wikenn nan nan selil, yo vin lage l jis madi.
Polo te panse tout bagay fini men yon semèn pa t pase apre liberasyon an pou Carlos te pase kote l. M pa konn pa ki fason li pase men, gwo midi, li debake nan riyèl kote Polo konn pran ti anba dra a, li di byen fò devan tout moun ki te prezan yo:
- Yoooo kamoken! M lage tande!
Polo voye je l li wè Carlos kanpe ak yon mayo jòn bout manch sou li, move kou kong, pòt machin li vini an ouvè. Se pa t ti Honda a men pito yon Nissan Xterra blan fwa sa a.
Li klè, sa a se yon menas. Jan peyi sa a ye la a, tout moun gen zam e pa gen jistis pou pèsonn. Kisa li ka fè ? Se pa yon aksyon li ta dwe kite pase, li pa konn sa k dèyè ... Bagay sa yo pase nan tèt Polo vit. Li pa menm pran tan fèmen anbwate a, l rale zam li, li brake l. Pandan ti tan refleksyon sa a ki te tou kout la, Carlos te vire pou l retounen nan machin nan. Li rive li chita telefòn li nan men l kòmsi li t ap voye yon mesaj. Polo leve pou l al kote l, li fè yon premye katouch a yon bon distans, li fwole dwèt Carlos ki tou lage telefòn nan. Li plonje dèyè machin nan, li pase nan pòt dèyè a pou l kouri. Yon dezyèm katouch pati, Carlos pa pran. Yon twazyèm pran l nan bouda, yon katriyèm nan pye... Li kouri sere dèyè yon kamyonèt ki te kanpe sou twotwa a. Pandan Carlos ap bwete pou l chape poul li, senkyèm nan pran l bò kòt. Fwa sa a, li pa t ka rekanpe ankò, li ranpe jouk li antre anba yon kanntè. Polo avanse epi l akoupi kote l la:
- Ou wè sa w fè m fè ? Ou pa ban m lòt chwa. Ou plede gonfle kòlèt ou sou mwen, ban m presyon swadizan ou gen kontak, se lwijanboje w ye; m oblije jere tèt mwen. Ou toujou santi grenn ou plen men w lan? Reponn non, li twò ta pou w fè silans wi la...
Pandan tan sa a, tripòt kòmanse reyini, yo antoure Polo ak Carlos ki toujou kouche anba machin nan. Ou tande ti chuichui chuichui.
Youn di:
- Gade kote misye vin bay fè ladènye sou li mesye..
Yon lòt reponn
- Ha, lè l ki rive... kèk lanp ki dwe limen nan dèyè l wi alowè !
Figi Carlos chanje, towo gwonde a vin sanble yon kòk ki pran yon move kout zepon, ti figi l blèm. Li kenbe bò kòt li atè a l ap tranble.
- Ban m rele fanmi m silvouplè.
- M panse w te vin bèbè wi mwen. Epi gad jan w vin saj. M ap rele fanmi w pou ou apre men m pa kwè w ap soti la a vivan non. Sa w fè a, jan w fè l la, m p ap santi m alèz si m kite w ale vivan. M ap sou dout. Grenn plen ou panse w te genyen an, se jis yon maklouklou. M ap pete l pou ou avèk plezi. M la pou pwoteje e sèvi. Men premye moun m dwe pwoteksyon, se tèt mwen. Ou konn ki pwoblèm ou? Ou gen foli grandè men ou bliye ou ka parèt gran tou lè w poze w.
- men... ou pa t oblije tire sou mwen non
- se sèl fason m te jwenn pou m fè w wè rezon, ou konnen byen pwòp ou pa dosil. M tire avan, m poze kesyon aprè.
- Kite m ale please
- non, m pa kapab...
- pa fè sa chèf la
- anh, se kounya m chèf!? Li twò ta... se jan de endividi tankou w yo ki fè simityè p ap janm manke moun. M espere w kwè nan reyenkanasyon paske lavi w ap kanpe la a, kounya, jodi a. Se Bondye ki bay lavi men pa w la se mwen k ap pran l. Men, avan m fizye w m ap di w sa: " sèkèy pa gen plas pou de, okenn nan kontak ou yo p ap kouche avè w ladann. Pwojektè ou bezwen sou ou a, radyo ak televizyon isit ap ba w li, yo pral pale de ou an atandan yon lòt zen eklate, yo renmen sa. Epi m gentan rive twò lwen pou m fè bak kounya. Pa enkyete w, sa p ap pran tan"...
... Polo retire chajè zam nan, gen 2 bal ladann toujou. Li remete l, brake l epi li baw, nan tèt Carlos, ekla yo vole sou chemiz Polo a. Li leve li retounen kote l t ap manje a, li mete anbwate a atè devan yon chen ki kouri vare sou li epi l di:
- Marianne, jere m yon byè ak yon mantole cheri.
Nou ka di sa nou vle de istwa sa a men mwen menm m dakò ak Polo a 200%. Nan yon lòt peyi, sa te ka diferan men an Ayiti nou tout konnen an, li byen aji. Lè w vle gen rezon devan kras, se benyen pou w benyen...
Antouka, depi w mouri ou antò, Carlos antò!!!!
Comentários